PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Eleksyon 2010: Se pou nou anva-yi teren yan!

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

LET PATRIYOTIK NIMEWO 1

Mezanmi, pa gen-yen you lot peyi tankou Ayiti sou la te beni!Se you sosyete ki tonbe sou la graba byen ba.Wa di se tout ressor rezistans sosyete-ya ki kraze!Se egzakteman sa ki rive la!



Nan you sosyete konsa,wap jwenn 2 kalite politisyen:Gen- yen bon politisyen;gen- yen move politisyen.



Bon politisyen, se sa yo ki angaje yo ak senserite nan batay pou chanjman reyel nan sosyete-ya.Move politisyen se sa yo kap eksplwate sitiyasyon febles, sitiyasyon delala sosyete-ya.

 



You egzanp bon politisyen, se Joj Washington.Se you-n ki ta gen dwa pwoklame tet li wa si li te vle.Epi sosyete-ya tap bat anpil bravo.Gen anpil moun ki ta va di:li merite sa;li travay pou sa.E poutan, Joj Washington pa te pran wout sa.Ak tout senserite-li, ak anpil imilite, li fe sa li panse ki pi bon pou peyi ya.Petet,si li te fe vye wout-la,peyi meriken pa tap jwi bel pozisyon-sa jounen jodi-ya.



You egzanp move politisyen, se Rene Preval,prezidan trop pou te nan peyi Dayiti.Apre Janklod Divalye ki te prezidan avi nan you diktati bout di,nou poko janm we you prezidan fe tout radiyes,foule anba pye sa 7 Fevriye 86 te ban nou.



Rene Preval ak you KEP Kwoupyon fe eleksyon-yo; yo boure Sena ak you paket negsal ki pa vini regle an-yen serye.Sel sa yo vini fe, se leve men yo pou yo vote nan sans patwon yo.Sa se te troket-la,men chay la:



Preval paret ak you KEP pou fe eleksyon 28 Fevriye ak Mas 2010.An nou analize montay KEP ki la pou wou konpran ki jwet kap jwe la.



1)Rene Preval monte KEP-ya jan li pi pito.Li kenbe you mosso nan vye-ya epi li vini ak you lot mosso tou nef.5 manb sou 9 se moun ki fe prev yo deja nan vye eleksyon Mas ak Jen 2009 ki ba nou mod senater tankou John Joel Jozef,Moyiz Jan-Chal ...



2)Lot 4 manb yo soti nan lot sekter selon volonte ak fantezi prezidan Preval.Pou li ka chwazi 4 manb sa yo,li mande chak sekter pou voye ba li 2 manb.Nan you jwet ti dife boule,li kenbe 4,li voye jete 4.Sou ki baz li chwazi 4 manb sa yo?Rene Preval se Rene Preval:Nou gen tan sispek sou ki baz yo antre nan kan des sove.



3)Pou Preval monte nouvo platfom INITE- li ya, li oblije depatya lot pati yo.Nou pap di podyab pou yo paske anpil ladan-yo pat janm te respekte tet yo.Preval eksplwate febles yo; li depatya yo.Plis pase 20 depite rantre nan bann zobop INITE Preval-la.Menm pitit fi Paste Sylvio C.Claude, gwo militan pou la demokrasi,ki mouri mati anba men pwop moun sa yo, Mari Deniz Claude ale souye memwa papa li lor li antre nan bann zobop INITE Preval-la.Anpil jenn jounalis mete yo sou ran pou yo jwenn benediksyon tonton bab-la.Kidonk, Palais nasyonal louvri guichet-li pou biznis:se anbochay elektoral ki koumanse.



Mezanmi,nan peyi Dayiti, nan pwen eleksyon.Se you anbochay elektoral ki pral fet.Pawol eleksyon ki nan radyo, se pou fe blan lot bor dlo plezi.Sa kap pase an Ayiti-ya,se you jwet gwo pon-yet.You jwet mabial, you jwet bossal.

Sa ki panse Preval pral fe bon eleksyon pou ba yo pouvwa,yo met koumanse pare levit yo ak bel diskou yo si yo pa chache wout tretman.
Jwet la,li bossal.Sa ki pa ka fe bossal,se retire ko-w nan jwet la.



Men kek konsey map ba nou gratis ti-cheri.Map ba nou li san peye paske mwen sansib anpil pou ti peyi sa.



Mezanmi,Rene Preval trop pou ter deklare se jwet bossal kap jwe.Kidonk,nou ta dwe pran dispozisyon pou nou fe bossal tou nan jwet la.

Premye bagay la,se fonksyone nan lojik Prezidan Preval-la.Li ta dwe you batay ant 2 kan e 2 kan selman.You bor,se kan sa yo ki sove;you lot bor,se kan sa yo Mouche Preval pemet li kondane.Tout lot kan ki rantre nan jwet-la, yo vini fe jwet prezidan Preval.



Voye Madan Maniga douvan kom avant de pointe "equipe des condamnes" ya.Voye kandida pwa lou ale defann Sena.Nan sa nou ye la, mwen pa gen 5 kob pwoblem pou aksepte Chalito Baker,K-Plim, Viktor Benwa,Stevens Benwa,Aklich, Hugues Celestin,etsetera.



Se menm bagay la pou Chanm Depite-ya:Voye you sel kandida gwo kalib.Nou tout nan "kan des condamnes" ya ta dwe fe INITE pa yo si yo ta vle sove ak tout peyi-ya.Zot fe INITE pou yo sove tet yo san peyi ya.Nou menm, an nou fe INITE pou sove tet nou ak tout peyi ya.Li ka fet!Yes we can! Si, se puede!Fok nou Ka fe Sa!Menm si nou ta reyalize INITE-ya ak 75 a 80%,nou sove tet nou ak tout peyi-ya.Ala bel sa ta bel.Menm zanset yo ta va sekwe kor yo nan tonbo yo telman yo kontan.



Dezyem bagay la, se anvayi teren yan; mete tout vagabon ki nan konplo kont peyi ya;sa kap pesekite etidyan yo;sa ki nan volor eleksyon yo; sa kap sousse san travayez nan faktori komokyel yo; sa ki kreye chomaj pase yo mete travay nan peyi ya;se pou mete tout vagabon anba kod.

Twazyem bagay la,se ta dwe la REVOLISYON jan nou menm nap tann nan.Malerezman, manje ya poko fini kwit.Piske se konsa,nou pare pou nou pran sa pep-la ka ba nou pou 2010 la:Se anva-yi teren yan epi mete tout vagabon komanse sou chef dezod la anba kod.



An nou rive reve!
An nou reve rive!
Pou Ayiti bouke drive!

An nou touye lawont!
Pou lawont pa touye nou!

Sel fos nou,se pep-la!
Sel pep-la, se fos nou!

Bay travay!
Travay bay!

Vive Haiti! Vive la Revolution!

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites