PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Yo bare koken yo nan bay fo mamit

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Nou te sou Chanmmas-la nan youn ti Koudjyay ki te rasanble anpil moun pou tande kozman ke 3 konpatriyòt te òganize san envitasyon. Se youn bagay ki te fè san preparasyon. Se pandan nou t’ap pase ke nou wè youn foul e ke nou t’apwoche pou nou te wè sa ki te genyen. Youn moun nan foul-la di nou : “Yo Bare koken yo nan bay fo mamit.”

 

Malgre nou te rive youn ti jan an reta, men nou te jwenn youn fason pou nou te anrejistre kèk pasaj ki te antre nan dyalòg ant 3 konpatriyòt yo.

Nou regrèt enfiniman nou pa’t gentan la pou nou te fè youn anrejistreman depi lè yo kòmanse-a. Nou panse ke te gen lòt konfrè ki te kapab sou plas e ki te kòmanse depi kòmansman-an. Antouka, n’ap fè tout efò nou pou nou rive jwenn lòt pati-a pou pibliye li lè nou kapab. Kòm nou konnen ke kòlèg Jan Bèbè toujou toupatou kote bagay yo ap pase, nou kwè ke li kapab gen enfòmasyon sa-a pou nou. Gen lòt kòlèg nou kontakte pou te wè si nou te kapab satisfè ou, malerezman yo pat-la. Nou eseye rele direksyon Haïti Observateur, nou aprann ke kòlèg nou Jan Bèbè ann Ayiti. Tout kote nou konnen pou nou ta wè li, m’sye anfouye nan boul dife. Nou t’aprann ke li te rele nou men nou pa’t-la. Se posib ke li te kapab sou plas paske m’sye toujou sou plas pou li detekte tout sa k’ap pase. Si nou rive mete men sou misye, n’ap vin avèk tèks-la konplè.

Ameli:

“Yo bare koken yo

Koken yo sezi, o (bis)

Yo ba koken yo

K’ap bay fo mamit

Mezanmi, o!

E-wa, e-wa, e-wa, e-wa

E-wa, e-wa

Yo bare koken, o.

Kote yo te ye?

Nan ministè-a yo ye.

Men ki sa yo tappe fè?

Tiraj osò organize.

Men ki jan yo bare yo?

Fo nimewo 1 yo te bay.

Refren

Pè-la rele

Pèp-la rele

Yo bouke

Avèk magouy sa yo, o.

Kote Konsèy-la

Li sezi yo kenbe-l

Men ki sa Ti Rene di ?

Li toujou rete bèbè.

Se pou’l ale

Se pou’l ale

Se pou’l ale

Li pa ka ret, o.

#2

Pèp ayisyen

Leve kanpe

Pou regle zafè’w.

Pèp Ayisyen

Ki sa w’ap di ?

Se pou Preval ale.

An’n fè youn  sèl

An’n fè youn sèl

An’n fè youn sèl

Pou’n regle zafè’n, o.

Kamelyen : Ou konnen’m sezi. Mwen pa’t janm konnen si Ameli te youn sanba. Yo gen rezon di emosyon fè moun fè tout bagay. Se jodi a mwen rive kwè sa sou ajisman pozitif Ameli ki te tankou youn ti poul kip a fouti kase ze. Se twòp ase. Mesye yo mande pou yo te fè youn tiraj osò pou fè eleksyon demokratikman. Poutan yo gentan bay anvlòp byen fèmen-an depi lavèy ba gwoup Inite-a ki vini avèk 3 moun e younn ladan yo disparèt tankou youn zèklè aprè yo fin pran lòt anvlòp-la ke yo pase bay fi-a ki disparèt pou yo pa pran yo fragan deli. Ki donk, anvlòp-la ki te gen nimewo 1 te déjà nan men yo e fi sa-a pati avèk lòt anvlòp ke yo te pran-an pou lafòm. Pa bliye ke nimewo 1- an pa’t janm nan gwo bwa kristal-la kit e dispoze pou twonpe moun lisid. Se domaj, kou-a pa’t pase. San sa, nou te nan fon dlo t’ap neye.

Ameli: Pa t’ap gen mwayen pou nou te naje pou nou te sòti. Nou t’ap neye nèt-ale. Mesye yo gen twou nan manch. Se elèv Aristid avèk Ti Rene ki pran diploma nan fè tout sa’k pa bon. Si peyi a tonbe nan tchouboum pou se peyi etranje k’ap ranse avèk nou pou di nou pa fouti ede tèt nou, nou gen dwa di se fòt lavalas.

Tita : Mezanmi, gade kouman moun sa yo gen anpil lodas. Ti Rene fè lagòch-la wont pou jan li aji kòm dwèt long siperyè. Tout moun konnen ke eleksyon pa janm katolik men pwotestan paske toujou gen koken nan tout sans. Jedi 3 desanm 2009, Konsèy Elektoral Pwovizwa Ti Rene-a fè yo kenbe yo men nan sak-la pou jan yo te fè tiraj osò-a. Bib-la gen rezon lè li fè tout moun konnen ke: «Mechan yo toujou fè youn bagay mal pou yo kenbe li.»

Ameli : Tita, nou dakò avèk ou sou pwen sa. Se depi 1995 ke nou ap pran kou pa konprann. Mesye yo fè pas antre yo pou yo kenbe pouvwa-a pou 50 tan. Bondye pou nou, satan pou yo, jodi a yo tonbe nan tenten e nou kenbe yo.

Fòk nou tout fè youn sèl pou nou reprann peyi nou nan men nou paske bann gang ki la yo te dwe wont ap dirije peyi a konsa. Si yo te gen nen nan figi yo, mesye-dam sa yo te dwe remèt demisyon yo an blòk.

Tita : Nou dwe fè youn rasanbleman jeneral pou nou anpeche kanari nou-an kraze.

Kamelyen : Wi, nou dwe òganize nou pou repran dwa nou nan kontèks youn nasyon. Se pou nou batay pou nou reprann endepandans nou.

Ameli : Desalin tonbe pou peyi nou. Jodi a youn pakèt vagabon pran peyi a ann otaj pou piye peyi-a. Sa ki travay yo se pa yo ki rekòlte. Jodi a nou dwe fè youn chèn solidarite pou nou rebati peyi nou.

Foul-la : Bravo.

Dom Laj

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites