PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Sitwayen Rene G. Preval pa gen anyen l’ap pèdi

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Pèp Ayisyen pran nòt souple!
Toujou nan solidarite pou youn travay ansanm, nou pote pou ou sa konfrè nou te sòti avèk li nan semenn-nan

Dom Laj

Brooklyn, New York — Yè vandredi 12 mas 2010 ki fè 2 mwa, jou pou jou depi tranblemann tè-a te ravaje peyi nou prensipalman kapital Pòtoprens, Leyogàn, Ti Gwav ak Jakmèl. Anpil legliz tonbe, palè nasyonal kraze e lòt kay prive e piblik disparèt. Tout moun okouran dezas ke bagay sa fè. Nou te sispèk t’ap gen youn chita tande ki t’ap fè youn kote kanmenm pou medite sou sitiyasyon peyi nou.

Nou te rive Bwouklin jou swa sa-a. Pandan nou t’ap tann limyè vèt pou kontinye pakou nou nan zòn ki chaje avèk Ayisyen, nou te tande youn vwa ki rele nou, Lè nou te remake se youn konpatriyòt ki konnen nou byen lontan, nou chèche youn kote pou nou pake mchin nou. Zanmi-an vini jwenn nou e nou kòmanse pale. Li te mande’n kote n’ap bay, nou te fè’l konnen n’ap chèche enfòmasyon. Li te mennen nou lakay youn ekip lavalas modere ki reflechi e ki pa rete ap dyèdyè tout lasent jounen avèk youn sèl koze Titid. Olye pou yo panche sou kesyon rebati lakay pou tout bagay fèt avèk konkou pèp-la, yo chita ap betize nan konjige vèb pase o pase.

Anpil moun pase tan ap pale de pwoblèm peyi nou, youn fason pou nou sispann depan de etranje. Nou nan ka seryezman si nou pa fè yon rasanbleman daprè sa ki sòti nan bouch anpil sitwayen. Obsèvatè yo fè konnen gen youn neglijans lakay dirijan nou yo k’ap mache avèk pa ralanti pou yo pa janm rive paske misyon yo se mete lajan nan pòch.

Jouk jounen jodi a pa gen oken jefò ki fèt pou amelyore sò viktim yo ki anba lapli toutan. Gen youn travay ki pa fèt e k’ap debouche sou yon konsekans grav. Lè nou rive nan kay konpatriyòt-la, yo te byen resevwa. Kòm nou te konnen t’ap gen konvèzasyon kanmen, nou te pwofite prepare ti aparèy nou pou nou te sa anrejistre koze ki te tonbe. N’ap pwofite okazyon-an pou nou fè’w viv sa ki te pase nan dyalòg Selya, Transèd ak Mika.

Mika : Aswè-a fè 2 mwa depi anpil frè’n ak sè nou mouri nan katastwòf natirèl sa k’ap demantibile bil tout moun. Nou pèdi anpil kretyen vivan avèk anpil lòt bagay tou. Pa janm gen yon kominike ki bay pou anonse konbyen moun ki peri nan palè-a. Yo kenbe tout bagay sekrè.

Selya : Pitit, pa pale bagay sa non. Li aji sou mwen twòp.

Transèd : Mwen nan menm sitiyasyon avèk ou Selya. Mwen pa konn si Mika gen menm sansasyon-an.

Mika : Mwen te gen menm bagay avèk nou. Men, mwen kite tout bagay ale pou mwen mare vant mwen pou mwen batay pou lòt yo ki sove e k’ap mouri de lòt maladi paske gouvènman-an pa fè anyen serye pou retire moun yo nan voksal sa-a.

Selya : Mwen dakò avèk ou Mika. E’m kwè tou, Transèd apiye’w tou.

Transèd : Mwen pa sèlman apiye Mika, mwen pote’l anlè pou pye’l pa touche tè.

Mika : Komedyen sa pa janm sispann fè komedi. Mwen regrèt enfiniman ke’m te fè pati lavalas ki reyèlman pa remèt anyen jis jounen jodi a. Zansèt nou yo fache e yo frape pye yo byen fò kont ajisman mesye-dam nou yo kip a gen karaktè.

Selya : Pa ban mwen sè mwen. Ou konnen’m sezi. Ki bagay! Ban pou 10 ak tout degi ladann. Kite pran ti chèz ba’m pou’m sa koute Mika nan koze li gen pou li di yo.

Transèd : Mwen pito kanpe, si’m chita m’a tonbe fò, tandiske si’m kanpe, m’a gentan apiye youn kote. Kite’m bwè enpe dlo pou rafrechi gòjèt mwen. Sa li ye, Mika!

Mika : Sa’w tande-a Transèd. Mwen pa wè pou ki sa nou sezi. Ou menm avèk Selya ap fè youn bann ekstera pou granmesi. Vomisman chen-an devan je nou. Non, se pa serye sa pou pèp-la kontinye ap gen gouvènman enkapab konsa. An verite, mwen regrèt.

Transèd : Malgre mwen bwè 3 gòje dlo, men mwen gen òkèt.

Selya : Bwè enpe ankò. Se sezisman Mika ki fè’w gen òkèt. Mwen kwè, w’ap vin nòmal gason vanyan.

Transèd: Mèsi pou ka’m ou pran byen.

Mika: W’ap koute Transèd. Ou kwè se tande li bezwen tande koze. Antouka, mete dèyè’w chita sou chèz-la pou pale.

Transèd : Piske sètensi, je chita sou lachèz pou tande larèn Mika.

Selya : ala de traka pou lave kay tè.

Mika : Wi, nou nan ka tout bon avèk enkonpetans, Mwen regrèt anpil mwen te vote Ti Rene Preval. Mwen te konprann tankou anpil lòt lavalas ke misye te gen diyite e li t’ap kontinye wout lavalas menm jan avèk Aristid ki te trase teren-an.

Transèd : Pa vin reveye anyen-la pou pa eksite’m. Nou fè erè, se pou nou asepte nou pran nan  kou pa konprann. Nan politik, tande sa byen, pa gen kesyon zanmitay pou kenbe yon prensip ou yon dotrin ki pap mennen siksesè-a okenn kote. Ni Preval ni Aristid pa gen okenn ideyoloji. Se 2 kabrit Tomazo, menm plim, men plimaj.

Selya : Ou fèt tout gason. Mwen te déjà reziye’m depi sou premyè anè Ti Preval kip a vin regle anyen serye.

Mika : Ki donk, se mwen menm ki wè sa two ta. Se tranblemann tè-a ki dezabiye m’sye e ki lakòz tout moun kwè prezidan nou-an pote youn karako pou’l taye banda ak koule breson li jan li vle.

Transèd : Se lojik ! 2 nèg sa yo ki pran mayèt-la pandan 2 fwa desann pantalon yo byen ba e yo sal atè-a avèk yon dyare.

Selya : Fè yon ti kanpo. Rete-la frè’m! Ou gen rezon tout bon. Kòm, nou menm, Ayisyen gen sa pou defo : «renmen bliye». Na sonje byen ke Papa Dòk Franswa Divalye, ki te youn sanginè, sadik, tiran e diktatè tou te di : «An politik, rekonesans se lachte.» Ti Rene Aprann de li tou.

Mika : Sa’k te gentan gen-la. Apali pay pwa! Selya ap fè politik. Kounnye a, kay tòl koule pa pè solèy.

Selya : Antouka, Papa Dòk pa’t mete yon brid nan machwè’l. Li te pale fò san pè pèsonn e pou tout mounn te tande.

Transèd : Kanta pou sa, se verite sou tanbou.

Selya : Preval te vle vini avèk nouvo doktrin li-a pou madanm li ranplase li. M’sye t’ap eseye fè sa Aristid pa gen dwa fè nan vi li. Yo tou 2 se youn bòy ak youn avèg.

Transèd : Mete pou yo.

Selya: Nou, pitit tè-a nan degong li. Se lese-akonprann. Ti Rene dwe kite sa pou li pa regret aprè.

Èske Ti Rene rive kote li te gen pou’l ale-a ?

Mika : Mwen kwè ke li mèt fè sa kounnye a ki t’ap youn delivrans pou pèp-la. Dezòmè, pa gen oken prezidan k’ap pran ekzil avèk tout kòb peyi a. Nou dwe trase youn ekzanp sou prezidan ki sou pouvwa ki pa remèt anyen absoliman.

Selya : Yo tout ki swa-dizan eli konstitisyonèlman pa janm prezante okenn plan. Pifò nan yo se parazit. Nou di sa fò paske gouvènman-an pwouve li e li pa janm fè youn jefò pou ta rive kwè gen youn bagay seye k’ap regle.

Mika : Pou Ti Rene gouvène, li prefere sèvi avèk lame Minista-a pou li demontre ke lame nou-an pa ekziste. Tout bagay sa entèdi nan konstitisyon-an. Misye te dwe dèyè bawo si te gen youn jistis byen madre. Konstitisyon byen klè sou sekirite peyi a. Nou dwe gen yon kò lame avèk youn lòt kò polis. Ti Rene ap jwe avèk dife.

Selya : Li gen pou’l boule.

Transèd : M’sye pa kanzo men bon jan nèg dlo.

Selya : Ou te konn sa tou. Se bagay pa’l, lè l’ap kage pou desann youn lit.

Transèd : Li mande pou nou tout naje pou nou sòti. Piske nou pa konn naje, tout neye. Li kontinye ap bwè gwòg li nan veye nou.

Misye pa gen pwoblèm ditou. Li santi’l pi alèz lè pèp-la nan pwoblèm. Mwen kwè, l’ap fè dèt pou’l peye.

Transèd : Li ankouraje kontrebann ak koripsyon. Tout materyèl peyi a vann avèk etranje. Mwen aprann ke bis Tayiwann te fè Ayiti kado-a ap sikile lòt bò dlo e plizyè te antre nan peyi a pou pote sekou avèk tout ekrito Tayiwann/Ayiti. Nou pa ta vle kwè sa.

Selya : Se verite sou tanbou. Lafimen pa janm leve san dife! Mesye yo fè peyi’n kraze! Nou reyèlman nan tout sa ki pa bon.

Mika: Popilasyon-an toujou ap tann pou tounen pwa tann.

Selya : Avèk Ti Rene ki sou pouvwa-a, nou nan fon dlo pou nou nwaye. Se sa li te konnen ki fè li te di nou degaje’n.

Mika : Bann moun sa yo fè’m desi. Mwen kalifye yo kòm 4P lè yo monte pou yo dirije.

Selya : Sa 4 p sa siyifi?

Mika : Mande Transèd!

Transèd : «Pye Preval pèdi tè nan piyay.»

Mika : Se poko sa Transèd. Ou mèt kontinye fè ti jefò. E ou menm Selya, ou bwè pwa ?

Selya : Mwen pa bwè pwa, mwen pap bay lapire. Mwen kwè sa’w vle di-a: «Prezidan Preval pa vle Pèp-la fè Pwogrè.»

Mika : Ou prèske ladann. Ou bezwen yon ti pouch tou piti.

Selya : Mwen pa pral pèdi tan’m pou granmesi. Se yon non ki pa nan vokabilè.

Mika : E ou menm Transèd?

Transèd : Mika, mwen wè nwa. Mwen ta ranplase 4p sa yo par yon sèl mo ki kòmanse par v.

Selya : Volontè

Transèd : De la sekirite nasyonal. E pa, nou pa bat bravo!

Selya : Ki bat bravo sa-a. Ou pa bay vrè repons Mika-a.

Mika : Ou fè’m ri pou’m pa mouri.

Transèd : Mwen te konnen, makout toujou alonè sou yon lòt fòm. Ti Rene kreye pwòp makout li pou li kapab kenbe pouvwa a nan tout sans.

Mika : Ou vle di yon vo avèk

Selya : Ryen netè Transèd.

Transèd : Bravo pou Mika ak Selya !

Selya : Ou vle di tou vò…

Mika : Lè yo sou pouvwa-a.

Transèd : Medam yo fè 2 kabès. Nou twò fò pou mwen. Pito se nou menm yo te bay gouvène. An verite, nou t’ap fè youn pi bon figi. Kounnye a jwèt pou ou Mika.

Mika : Ki donk, se ou menm ki kreten, nil kòm nilite.

Transèd : Ou gen rezon Mika, mwen pa fouti diskite. Mwen déjà gade nan miwa. Ou konn sa’m wè ?

Selya : Ki sa’w wè, vye frè ?

Transèd : Mwen wè tout lèdte’m. E mwen pi lèd ke yon makak.

Selya : Mika, ou mèt delibere nou.

Mika : Mezanmi, jodi fòk nou tout konnen ke majorite prezidan nou yo deziye kòm 4p pandan tout tan yo pase sou pouvwa a. Yo tout se : «Pouvwa-Piye-Plen Pòch.» Tout pati avèk mago-a chaje e ranpli ak biye vèt.

Transèd : Ou gen rezon tout bon. Mwen te prèske ladann. Preval se youn nèg ki rive kote li gen pou li te ale-a. Msye te premye minis sou Aristid vèsyon #1. Li vin prezidan nan youn pas ke Aristid fè ba li nan koken. Li retounen pas-la bay Aristid nan koken tou. Kominote entènasyonal-la fè’l prezidan nan koken paske Preval pa janm fè pwen 50 plis 1. Se nan kou sa nou te pran ankonprenan ke m’sye ap fè Titid tounen. Nou chire san nou pa fouti rekoud.

Selya : Li depanse lajan pèp-la nan monte desann avèk yon makòn moun avèk li. Anpil lajan depanse san prèv. Oken mo sou zafè 197 milyon dola ki disparèt sou premye Minis Mchèl Pyè Lwi. Men yon lòt 163 millyon pran wout pèdi tou. Preval gen kont arann devan tribinal popilè-a.

Mika : Nou poko di anyen-la. Sa ki pi bèl, nou t’ap bliye di’l. Preval marye 3 fwa. Li fè sa Aristid pa janm fè. Li monte sou pouvwa-a premyè fwa, li marye nan fen manda li e li divòse aprè. Nan dezyèm manda-a, li marye avèk youn fanm madre, nan fen manda li. M’sye depase Aristid nan tout sans. Epi, tèt li toujou frèt. Se nan gildiv li dòmi-leve paske’l pa gen kay.

Mika : Nan sikonstans sa-a, se pèp-la ki pèdi.

Selya : Ki sa pou li fè :

Pèp Ayisyen leve kanpe e mache nan lari-a pou revandike dwa’w !

Mika : Pèp Ayisyen leve kanpe!

Selya : Pa fatige’w ! Jou-a ap vini pou yo pran lari-a pou yo mande dirijan yo sa y’ap tann pou yo jete yo. N’ap gade si pèp-la ap kontinye rete tèt anba pou yo pase’l nan betiz. Se pou li mete gason ak fanm sou li pou li koresponn avèk mechan yo. Minista pa fouti tire sou ou paske se revandikasyon nou n’ap manifeste.

Transèd : Medam, mwen dakò avèk nou.

Mika : Pèp Ayisyen, pinga nou bliye ke Preval pase nou nan tenten. An’n mete tout anbisyon mesken nou yon kote pou nou kapab rezoud pwoblèm nou. Viv Ayiti libere ! Aba tout piyajè, vòlè, sanginè, malfektè. Ayiti, nou renmen ou.

. Jan Bèbè                                                                                                                                                                        
12 mas 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites