PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Se poko anyen sa : Woulo konpresè-a gen pou li pase kanmenm

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Bagay yo cho nan peyi a e se pou Preval ale paske li pa gen konfyans pèp-la ankò ke li maltrete. Woulo konpresè-a pral pase pou pran tout vagabon ensolan nan peyi a. Jou-a ap vini pou li kite sa

Dom Laj
Port-au-Prince, Haiti — Ayiti pa janm gen youn ti chans pou li pran youn ti souf. Se toujou pwoblèm ki blayi nan sen li pou mete touman. Pèp Ayisyen pa fouti viv anpè paske tout mounn yo chwazi pou travay avèk yo toujou pran youn lòt direksyon ki pa janm reponn avèk bezwen li. Anpil mounn ap mande ki kote sa sòti ki fè pa janm gen youn amelyorasyon pou bagay yo sa chanje.

 

Aktyalite nan peyi a pa ban nou youn chans pou nou retounen nan Nouyòk kote n’ap viv pou nou sa jwenn ti pen kotidyen nou. Sepandan, nou prefere rete bò isi pou nou kapab viv evènman-an ki pran youn anplè ekstraòdinè chak jou Bondye mete. Nan an aliz ke plizyè sitwayen fè sou konjonkti-a, gen ki di ke se moto rat pou ba bann mounn yo ki refize pran responsabilite yo oubyen flite yo pou yo sa bay peyi a youn ti chans paske se youn pakèt pinèz k’ap souse san pèp-la pou kapab fè fòtin pèsonèl yo. Lòt yo ale pi lwen pou fè konnen ke se woulo konpresè ki pou pase kote bann ranblè yo rete-a defason pou yo sispann ranse ak mounn pezib.

Se konsa, nou te fè youn ti tour nan kapital-la aprè manifestasyon ki te fèt lendi 10 me 2010-la pou te mande prezidan anplas-la avèk tout palmantè yo sa k’ap pase konsa ki penmèt yo pa respekte pèp-la ki ba yo youn travay pou fè.  Si se paske yo toleran ki lakoz tout prezidan ki san respè pou pèp-la pa janm pran responsabilite yo. Nan kondisyon sa, fòk tout mounn sa yo rache manyòk yo bay tè a blanch. Yale ankò pi lwen pou fè konnen ke dirijan nou yo se youn bann tèt mato ki te mete siyal yo adwat, men pou youn rezon oubyen youn lòt yo tounen agòch pou komèt aksidan.

Jodi a n’ap viv youn sitiyasyon katastwofik ki mande anpil refleksyon. Se poutèt sa gen 2 sitwayen konsekan e konsène ki te pran tan yo pou yo opine nan jan sa-a. Avan nou ba mounn sa yo lapawòl, n’ap presize pou anpil malfektè ke se pa entansyon nou pou nou bay pèp-la preche vyolans. Nou kwè ke chak sitwayen k’ap viv nan peyi a oubyen deyò peyi-a gen dwa pou li pale e menm opine sou sitiyasyon peyi li. Si youn gwoup konprann n’ap fè youn travay negatif, nou kwè ke li twonpe anpil paske Bondye li menm se kote mounn san vwa yo li rete pou li sa pwoteje yo. Se bagay ki konsène lòt ki vle fè wout satan yo pou yo byen mennen pandan pòv yo ap trennen, naje nan mizè san yo pakabab fè youn bras nan ma labou kowonpi-a. Tankou anpil mounn di : « Sa dwe fini n an peyi a pou youn bon jan van kapab vante. » Nan menm lojik chanjman-an gen youn ti chante ki pati konsa :

« Sa va fini !

Sa va fini vye frè !

Sa va fini !

Sa va fini !

Sa va fini vye sè !

Sa va fini !

Yo mèt sote ponpe

Se nou menm y’ape wè.

Wi, se sa menm

Se travay, n’ap travay

Pou nou voye yo ale. »

Nou te fè youn ti kout pye nan youn lakou kote gen anpil mounn anba tant ki pran solèy, lapli ak seren depi katastwòf tranblemann tè a ki te pase 12 janvye 2010. Pami mounn yo te gen 2 pèsonaj ki te sanse pòt pawòl kmi te opine nan sans sa-a.

Makso : Mezanmi, nou pa gen bouch pou nou pale. Nou gen youn prezidan nan peyi a ki reyèlman pa menm konnen si nou ekziste ou pa.

Toma : Monchè Makso, nèg la konnen byen nou ekziste. Se movèz fwa ki nan san li. Misye prezidan 2 fwa e menm li te premye minis. Se li ki jwi tout privilèj pouvwa lavalas-la ke li batize lespwa.

Makso : Ou di youn bèl koze-la ke nou dwe pran sa an konsiderasyon. Gen youn zanmi ki fè’m konnen ke «Preval ap byen jwi e Aristid li men map soufri.”

Toma: Tou lè 2 se menm bagay pa gen diferans. Si Aristid te bon se nan peyi a lit a rete. Mesye yo kite pouvwa-a travèse tèt yo pou yo sa vin avèg e fè sa yo pi pito. An verite Makso, Ayiti pa gen chans.

Makso : Toma, ou di youn pawòl ki nòmalman fè sans. Nou gen youn pakèt vagabon ki pran direkson peyi a ki definitivman pa janm vin regle anyen. Nou menm pèp Ayisyen nou twò nayif e toleran tou ki penmèt bann awousa yo piye peyi a. Bagay sa pa kònmanse jodi a. Se kontinyasyon zak briganday ke mesye yo itilize pou yo kapab fè chita yo.

Toma : Nou gen pou nou lonje dwèt nou sou tout vòlè yo. Menm mounn nou pa t’ap janm kwè ta lage kò yo n an vòlè, tounen vòlè nimewo 1. Pa bliye ke pè Aristid se milyonè e ke Preval li menm se youn apranti milyonè ki vòlè milyon nan 197 milyon ki te lakòz premye Michèl Pyè Lwi te fòse ki te posisyon-an san li pajanm bay kouman lajan sa te depanse. Ki donk, yo « kase fèy, kouvri sa. »

Makso : Pozitif, vye frè.

Toma : Malgre lajan sa te fè fon, prezidan peyi a jwenn mwayen pou li te fè 167 milyon fè fon ankò. Li pa kontante li mande pou yo vote youn lwa ijans ki asosye avèk youn pwolongasyon pouvwa li pou youn lòt 3 mwa.

Makso : Sa m’sye konprann. Pèp Ayisyen pa egare ni enbesil. Si Preval konprann l’ap fè diktakti li-a jèmen nan peyi a, li twonpe li anpil.

Toma : Se pa fòt li non. Li pran nou tout pou tèt anba. Li plimen poul-la twòp. Se pou poul-la rele.

Manifestasyon 10 me-a  te twòkèt-la

Makso : Li poko wè anyen la. Nou pwouve li ke nou gen twokèt-la prepare. Si misye konprann li kapab betize avèk nou, li twonpe li anpil. Depi 12 janvye 2010, bagay yo chanje nan sen nou. Mantalite ke nou te gen avan dat sa per itou nan dekonb yo pou tout pran konsyans pou nou fè youn sèl pou nou voye prezidan sa-a avèk tout ekip li-a ale.

Toma : Men kòman Makso ?

Makso : Ou pa konprann anyen Toma. Nou koumanse mouvman ki sanble sa kit e pase kòmansman lane 2004 ki te pran fen 27 fevriye 2004. Ki donk, se youn repetisyon paske listwa se youn pèpetyèl rekòmansman! Nou kwè ke nou pap kite lòt mounn vin pran Preval kote l’ap ye-a. Nou pral mache pran li avèk tout akolit yo pou peyi a sa gen lapè li. Si nou pat rase youn ekzanp pou mete fren nan fason deplorab ke mesye yo ap dirije peyi a, nou mèt di nou fouti.

Toma : Ou fè’m panse avan lendepandans kote zansèt nou yo t’ap pase mizè mwa. Bagay sa te koute lanmò anpil frè ak sè nou. Li te pran tan pou yo te rive. 300 lane mizè ak tòti nan tout sans pa’t youn bagay fasil. Malgre tou, yo te rive kase chèn-nan pou yo te sa lib e kite eritaj sa pou nou.

Makso : Kouman pou nou ta bliye Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin, Aleksann Petyon, Anri Kristòf, Kapwa Lamò e latriye pou mouvman yo te fè pou nou te sa gen premye janv ye 1804.

Toma : Nou pa gen dwa janm bliye 18 me 1803. Jodi a se nan wont n’ap fete drapo nou sou youn okipasyon ke bann dirijan nou yo asepte gouvène ladann’l. Se Preval menm ki mande plizyè fwa ke Twoup MINISTA-a rete n an peyi a pou bèl travay ke yo fè pou nou. Men mounn sa ki reyèlman fè pati de lòt yo ki rele konze. Preval gen pou li reponn listwa e menm defen nou yo ki gen anpil kesyon pou yo poze li. Preval, olu pa diyn pou te dirije peyi a paske se wont ak despsyon ke ou menm kòm trèt pote nan peyi a.

Makso : Wi se tout bagay sa yo ki lakòz nou wont devan mond-nan ki reyèlman pa wè nou avèk youn bon je. Mesye yo fin avèk peyi a. Tèlman Bondye fache kont tout sa y’ap fè, tout edifis pou’m pa di biwo gouvènman-an kraze.  Sa se younn nan moman ki pral krisyal pou Preval.

Toma : Nou te tande ke Preval te di jounalis CNN-nan ke li te pèdi palè-li avèk tout kay, e ke li te tounen san-z-abri e san-z-ave. Mwen kwè li pap gen tan pou li pale tèlman l’ap sezi wè reyaksyon pèp dosil-la.

Toma : Nèg yo fè twòp e yo menm pa gen okenn konpasyon. Jodi a nou dwe pran pozisyon nou avèk responsabilite nou pou mete peyi a sou ray li. Aba tout lidè enkonpetan ! Aba laprezidans ! Aba palmantè koupyon, vòlè, chimè, gran manjè, malfektè, mildwèt, awousa, dwèt long e vandè peyi. Nou pa bezwen ban mounn sa yo. An nou mete chen dèyè yo pou nou kapab rele chalbari dèyè yo.

Woulo konpresè-a pral ann aksyon

Makso: Jodi a nou pa dwe kite chans sa ale pou nou aji. Nou dwe fè dirijan nou respekte nou paske se nou kif è tout sa nou te konnen pou chwazi yo.

Toma : Si y’ap betize avèk nou, se pou nou fè yo pran men yo. E si yo kanpe byen rèd nan fè enjistis, pa vle pran men yo e fèmen zòrèy yo nou pral louvri pou yo. Woulo konpresè gen pou li pase kanmenm e nou pap pè MINISTA ak polis Ayisyen ki dwe fè youn sèl avèk pèp-la pou revandike dwa nou. Fòk polisye y opa bliye ke gouvènman yo se pasajè paske se pou youn ti bout tan yo la kèlkeswa diktakti yo itilize. Preval gen pou li ale kanmenm e si li pa vle ale amyableman pou sove po li, nou menm pèp Ayisyen ap repete listwa-a. Nou pa voye di’l, se komisyon sa n’ap pote pou li.

Makso : Se pou dirijan nou yo sispann betize ak nou. Dayè, yo tout pa janm regle anyen pou nou. Se youn makòn tèt chat ki pratikman pa gen plas yo la. Fòk Preval vole gagè si li pa vle rantre nan konfwontasyon avèk pèp-la. Nou te chwazi’w pou remèt pouvwa-a 7 fevriye 2011, ou fè konnen se an me w’ap remèt li, nou regrèt sa pou ou.

Toma : Mobilizasyon manch long, sa pran souf e jous sa kaba.

« Grenadye alaso

Sa ki mouri zafè ya yo.

Nanpren manman,

Nanpren pitit.

Sa ki mouri.

Zafè ya yo. »

Revolisyon Kiyè Fè

Nou rete pa kwè ke pèp ayisyen-an ap fè « revolisyon kiyè fè » pou dekapote gouvènman sa-a ki nòmalman pa konn doulè malere. Se nou menm ke Kominote Entènasyonal ap tann pou nou fè pase revandikasyon nou pou yo mande Preval pou li rache manyòk li paske pèp-la pa vle’w ankò.

Toma : Mwen dakò avèk ou. Nou pa fouti kite peyi a ap fini konsa. Nou dwe deside nou pou reprann peyi a nan men bann vagabon yo. Nou déjà leve kanpe. Nou dwe mache pran yo pou nou kapab pran souf pou nou montre reyèlman nou se youn pèp. Se pa vyolans n’ap fè, nou pral refè listwa 2004-la pou Preval bay talon li.

Makso : Tout dirijan lòt peyi yo ap fè jefò pou peyi yo vanse nan devlòpman. Men dirijan pan ou ap travay pou destriksyon peyi a. Nou bezwen youn chanjman nan peyi a. Nou di non ak tout diktakti. Nou di non ak toutpiyay k’ap fè nan peyi a. Pèp Ayisyen pran men ou, fè woulo konpresè-a pase nan tout peyi a pou elimine tout sanginè yo ki konprann yo kapab redwi peyi a an silans. Swiv modòd yo e ann avan san pran souf pou nou kapab debarase de bann vagabon yo. M’ap rete la. Randevou-a pou lè yo konvoke nou. Mete zòrèy nou atantif pou nou reponn apèl-la pou nou rasanble e pou nou avanse.

Jan Bèbè

17 me 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites