Sa lòt yo di : Imigrasyon denonse nannan sekrè anpil fanm
Nou te rive li youn atik sou imigrasyon ke kòlèg nou te pibliye nan jounal Haïti Observateur ke nou panse enteresan e ke lektè nou yo kapab li tou pou wè kòman lasyans ap fè mèvèy nan mond n’ap niv-la. Nou pote’l pou ou san wete, san mete.
Dom Laj
Port-au-Prince, Haïti — Nou oblije chanje fizi nou zepòl pou nou antre nan youn sijè ki fè anpil aktyalite nan lemond e ki gen youn enpòtans ekstraòdinè pou nou pa di kapital. Tout moun k’ap vi tande pale de imigrasyon e yo sanse gen youn ti lide sou mo sa-a. Moun save yo e ki gen youn ti limyè entèlektyèl konnen ke imigrasyon se youn biwo oubyen youn ofis ki okipe de antre ak sòti youn vizitè oubyen youn sitwayen peyi sa-a. Tandiske moun ki youn ti jan nan blakawout konprann ke imigrasyon-an se youn anplwaye ofis sa-a ki lage koukouwouy ou 2 gidon nan dengong moun san papye ou san soulye.
Kèlkeswa jan nou konprann li ou jan nou wè li, imigrasyon se younn nan fòs youn peyi pou detekte si moun ki antre anndan peyi a legal ou ilegal. Malgre sekirite ou siveyans toujou gen moun ki rantre an sekrè e k’ap viv tankou anpil lòt yo. Ozetazini kote ki gen youn sekirite trè sere gen anpil ilegal ak moun ki rantre ankachèt akoz de kontrebann ki ekziste nan kat (4) kwen mond-nan.
Chanjman total pou detekte fo mamit
Chak epòk pote youn chanjman paske lasyans pa rete anplas. Li vwayaje toupatou pou’l chèche bon bagay pou pwoteje tout moun. Otrefwa, nou t’ap viv nan manti ki te pran youn ekstansyon fòmidab. Anpil manti te konn bay. Jodi a nou kwè ke pwovèb kreyòl-la fè sans e li gen rezon tou. Se pa san rezon ke zansèt nou yo te kite anpil pwovèb pou nou. Si vrè, nou tout konnen pwovèb sa ki di konsa : « Twou manti pa fon.» Wi twou manti pa fon paske tout bagay k’ap fèt ankachèt pa sekrè paske gen youn moun ki wè e ou menm tou gen pou depale e menm lasyans nan sistèm deteksyon li rive fè youn moun bay verite. Nan sistèm lajistis, yo te konn itilize youn aparèy ke yo te rele detektè pou li sa jwenn verite. Nan mouvman kout pitit, lasyans te vin avèk tès san pou demaske tout manti ak vagabondaj. Jodi a lasyans devlope seryezman nan kesyon « DNA » kifè youn analiz trè pwofon pou rive avèk youn rezilta pozitif ou negatif. Se pa maji ki fèt men youn aparèy ki ase pwisan pou detekte si youn ti moun se pitit papa’l sitou oubyen pitit manman li. Pa gen blòf nan bagay sa e li difisil pou diskisyon fèt. Menm si’w gen odas avanse, ou pa fouti diskite ke rezilta-a pa bon e ke moun ki fè tès-la nan manti.
Pawòl evanjil-la fè sans anpil
Majorite pèp yo gen youn kwayans kretyèn paske yo kwè nan youn Èt Siprèm ki gen pouvwa sou nou e sou tout bagay. Youn kretyen pap kouri di ou manti kou chen. Avèk tout lisidite li gen kòm gid, l’ap fè referans a Bib-la youn fason pou’l fè konprann se pa li ki di sa men se pawòl Bondye oubyen koze Granmèt-la.
Parabòl lanp-lan
Mezanmi li byen sa pawòl-la fè konprann. Nou sonje ke nou te fè referans a Bib-la. Si vrè youn kretyen tout bon ap refere’w nan liv Lik chapit 8 vèsè 16 pou rive nan 17 : « Pèsonn pa limen youn lanp pou’l kouvri’l anba youn mamit, osinon pou’l mete’l anba youn kabann. Li mete’l sou youn etajè. Konsa, moun k’ap antre yo kapab wè limyè-a. Nanpren anyen ki kache ki pap devwale, nanpren sekrè pou moun pa rive konnen. »
Tèt chaje nan lafanmi-an
Nou twouve nou nan youn sitiyasyon jodi a kote bagay yo mele nan tout sans. Sosyete-a vin nan youn dilèm ki mete divizyon. Anndan anpil kay, gen youn pwoblèm k’ap bwase bil moun sa yo akoz de fo mamit ki bay oubyen kout pitit ke anpil papa eleve, fè edikasyon e ki te manifeste lanmou yo, youn pou lòt.
Ki pwoblèm sa-a
Anpil nan nou kite peyi nou pou nou ale viv lòt bò dlo youn fason pou noue de tèt nou e ede lòt yo lakay. Se poutèt sa, yo fè nou konnen ke dyaspora-a voye chak ane plis ke youn milya dola meriken pou sipòte lòt yo ki nan bezwen. Sepandan, gen anpil fanm ki bay mari yo kout pitit nan youn fason ou youn lòt. Nou pap kouri kondane pèsonn paske nou pa jij. Gen fanm ki rive twonpe mari yo par sikonstans sètadi nan chèche lavi pou pote youn kichòy nan kay-la, oubyen mari-a pa regle koze-a byen, oubyen se vis fanm sa gen lakay li.
Imigrasyon devwale tout bagay ki te kache
Jodi a anpil papa ak pitit konprann ke madanm ak manman te gen twou nan manch. Gen anpil madanm ki twonpe mari yo paske yo te fè ti pachat ki fè youn tach lwil ke imigrasyon rive detekte pou demontre ke fanm sa pat sensè ou dimwens te youn manjèt kòd tankou lòt yo di-a. Enben sa ki genyen nan lòj! Nan mouvman « DNA » ki tounen youn detektè rive bloke anpil ti moun vin viv ak papa yo nan peyi etranje sitou nan peyi meriken. Depi youn bon ti bout tan se tèt chaje nan anpil kay paske aparèy detektè sa mete anpil kk-chat deyò. Panik nan fwaye e madanm pa gen bouch pou pale paske’l ranpli avèk dlo. Pou ki rezon? Prèske majorite tès ki fè pou wè reyèlman si ti moun yo se pitit papa yo demontre klèman ke se youn kout pitit. Pou Nouyòk, se nan lopital Brookdale nan Bwooklyn avèk youn lòt sant sante ki fè tès-la pou’l al analize nan laboratwa nan Philadelfi. Depi rezilta-a sòti 99.9 pou san, sa siyifi ke timoun-nan se pitit papa li. Men lè li parèt 0.00 sè ke pa gen anyen menm. Se youn kout pitit kare-bare.
Nou viv sitiyasyon sa avèk anpil atansyon e nou konn li rapò yo tou. Se youn bagay ki tris anpil pou wè bagay sa. Anpil manman k’ap viv y opa gen je pou gade pitit li ak mari li paske’l te nan manti nan tout sans. Li twonpe pitit ak mari ki lakoz li gen doub chatiman l’ap pote nan sikonstans sa-a.
Pandan nou te fè youn ti vwayaj nan peyi Ayiti, nou te rankontre youn ti jèn fi ki fè etid primè ak segondè li. Sèl chans li te genyen pou’l te pèse se rantre Ozetazini pou li te kapab fè vi li. Papa li te aplike pou li youn fason pou li te sòti nan lanfè ke anpil pitit kalifye Ayiti e paradi pou etranje. Jèn fi-a te trè enkonsolab nan aprann ke li pa pitit papa li. Manman li sètifye ke li pa janm kòmèt adiltè e ke li twouve sa dwòl e youn ensil pou li pou youn rezilta parèy. Dlo pa janm sispann koule nan je ti jèn fi-a ki fè’n kwè li fini e li san avni nan youn peyi kote dirijan yo pa ni chita, ni kanpe sou anyen. Papa-a rele li pou li aprann li ke se pa fòt-li ke li te fè tout sa ki te posib pou ede li. Men piske se konsa sa pase, pa gen lòt solisyon pou li rantre kòm rezidan. Li pwomèt pou’l ede li menm jan li te konn fè byen avan paske’l gen 25 lane ap okipe li. Ak papa sa-a se youn aksyon solid ke Bondye apresye paske pitit-la pou ryen nan kondisyon sa-a.
Bagay sa vin komen nan mouvman imigrasyon-an. Youn papa ki gen 7 pitit avèk 2 madanm. Nan sèt ti moun yo gen 2 ki pa pitit li. Tout 4 pitit madan marye-a pase tès-la tandiske 3 nan fanm soukote-a, gen 2 ki pa pitit nèg-la. Tou 2 mesye sa yo ki nan senkantèn ap monte rate avyon-an. Gen younn ki te tèlman fache tande koze sa-a ta manje manman li avèk youn grenn sèl si li te vivan. Manman li lakoz li pèdi youn okazyon ann ò ki te kapab chanje lavi li. Rezilta sa a tèlman aji sou misye, li tonbe malad e li menm rive pèdi tèt li. Tout lajounen, li kenbe foto manman-an nan youn katab e li montre tout moun li wè. Lòt frè ak sè li yo te pale ak papa yo pou yo fè youn bagay kanmenm pou wè si li ta rantre pa youn lòt mwayen. Posede ke Imigrasyon meriken posede pou detekte sekrè fanm yo travay paske anpil fanm t’ap twonpe mari yo e yo te jwe jwèt-la byen paske yo te panse ke pap janm gen youn mwayen pou mari li dekouvri jwèt li.
Mwayen sa pèmèt Imigrasyon diminye kantite moun ki te dwe jwenn viza yo pou yo te rantre nan peyi meriken. Mwa pase, youn manman te aplike pou 5 pitit li. Pami yo te gen 2 pitit gason li ki te 5 pitit sètadi youn gen youn pitit gason e lòt-la te gen 4 ti fi. Konsil meriken-an te mande pou fè tès DNA-a pou tout moun. Finalman, 2 pitit fi nan 4 yo pat pitit jenòn-nan ki mande anraje paske madanm-nan twonpe li anpil. Li bat ou 2 ti moun yo do ki ka gen laj 13 e 15 zan. Bagay sa lakoz ke misye frape dam-nan e li met deyò san jamè voye senk ba yo. Li abandonne tout moun e l’ap viv avèk lò 2 yo. Malgre tout moun fè li kwè ke ti moun yo pou ryen paske se pa yo ki te kreye tèt yo. Si manman yo twonpe’w nan kondisyon sa-a, ou dwe ede yo paske yo se inosan. M’sye pa tande e li pa wè. Li fè konnen ke li pap tounen sou desizyon li.
Lòt jou, nou te viv youn sitiyasyon kote youn ti moun t’ap aplike pou rezidans li anndan Noujèze. Aprè tès-la revele ke li pa pitit papa-a, separasyon mete pye. Kòm se manman-an ki te aplike pou li, yo oblije ba li kat li m en li pa pitit papa li. Tout bagay sa yo se kout pitit ke mesye yo pran nan fo mamit. Sa ki pirèd-la, se lè ou wè moun-nan ap plede malgre verite-a sou tanbou. Gen moun ki konprann ke se fabrikasyon ou lòt bagay. Antouka gen anpil deteksyon k’ap f`et pou kenpe tout fanm ki te gen pye lejè.
Sa fè mal si nou konprann byen sitiyasyon-an
Senserite se youn mwayen pou mennen youn vi nòmal san tèt chaje e san kè sote. Nan lavi nòmal kote 2 moun asepte viv ansanm pou fòme youn fanmi, pa dwe gen ni ipokrizi ni kout ba nan tout sans. Si youn madanm gen mari li kòm konpayon, li dwe rete fidèl pou li pa wont pou tout vi li. Youn bagay konsa rive youn moun, li pa fouti viv avèk tèt repoze paske li gen youn chatiman k’ap manje kè li.
Gen moun ki wè bagay sa sou 2 ang ke nou pral ekri pou ou. Imigrasyon fè byen e li fè mal tou. Anpil ti moun ap soufri akoz de tèst sa ki vinn mete divizyon n an sen fanmi-an. Madanm tonbe bèbè, li pa fouti pale paske sekrè-a devwale. Nan kout kat-la, se sèl papa-a ki sòti viktorye paske li pa gen remò tankou lòt yo malgre lapenn nan kè li pou zak regretab sa-a.
Èske gen youn solisyon pou maladi sa-a?
Maladi sa kontajye e li ekstrèmman difisil pou frennen li. N’ap viv nan youn tan kote evolisyon-an ap opere avèk youn ritm rantab ki pèmèt li fè mèvèy. Piske avòtman pa youn gran pwoblèm tankou lontan e kapòt pran youn ekstansyon pou sove anpil moun kont Sida e gwòs. Donk, lekòl lage pou medam yo voye pye yo jan yo vle. Kantite kout pitit ap diminye paske medam yo pa pral fè erè tankou lòt yo ki anbarase e ki pa konn ki sa pou yo fè. Imoralite se sa nou jwenn nan sosyete-a k’ap degrade li. Gen youn travay an pwofondè ki dwe fèt pou ede lòt yo k’ap vin ranplase. Enkondwit, ipokrizi avèk tout lòt defo pa bon pou sosyete-a. Nou gen youn responsabilite moral anvè tout ti moun yo pou nou sa ba yo youn gid. Se sitiyasyon nan peyi nou ki koz tout jan de pwoblèm sa yo ki tounen youn pichon.
Leta ayisyen pa jan fè youn efò pou mete travay nan peyi a pou pèmèt youn amelorasyon nan sistèm sosyal-la. Pa jan gen youn plan pou ta reponn bezwen pèp-la. Si pa gen mwayen pou moun yo viv pa fouti gen youn sosyete valab men malad. Gen youn travay de baz ki dwe fèt pou ede jenès-la. Si youn manman ki dwe youn modèl pou pitit li lage nan vagabon, li pa fouti gen youn lòt rezilta ke pwostitisyon ki se youn riy.
Se pou papa viktim yo fè youn ti konsesyon
Nou mande pou papa yo ba ti moun yo youn lòt chans paske yo pa konn lòt papa ke yo sèlman ki pou soutni yo. Lage yo ap pwovoke youn dilèm pou yo. Y’ap voye yo fè tout sa’k pa bon. Ou dwe sove yo.
Jan Bèbè
22 daout 2009


Comments (0)