Gonaïves, Haïti —
Mirak! Mirak ! Mirak ! Ayiti sove paske Ti Rene itilize eksperyans li pou li founi pèp ayisyen anpil pwason gwo nèg pou soulaje soufrans malere yo. Kòm m’sye sot marye e li gen youn gwo responsabilite pou li okipe madanm li avèk ti moun yo k’ap vin aprè, li pa wè lòt bagay ke bay pèp-la youn kado apati de Mamlad kote li te pran nesans-nan. Teledyòl yo fè konnen ke pwason sa yo pa fouti vann nan peyi-a paske yo twò gwo nèg e yo gen twòp chè kii kapab plen pèp-la twòp. Kòm misye se youn òm-d-afè, youn bizismann, li oblije antann li avèk gouvènman vwazen-an ki deja benefisye anpil bagay de peyi nou pou yo fè pwofi-a. Ki donk, se nan peyi Sen Domeng ke moun pral jwenn pwason sa yo an grann kantite. Deja gen anpil machann ki nan peyi sa sou liy pou yo achte pwason gwo nèg pou al revann tèt nèg.
Nou wè nan ki sitiyasyon nou ye. Menm pwodwi lakay pa fouti jwenn pèp-la ke tout vagabon abiye pran woulib sou li. Nouvèl k’ap sikile fè konnen ke pwason yo tèlman gwo nèg ke anpil moun pè manje yo. E yo fè konnen ke Ti Rene tèlman fò nan koken men li rive reyalize youn bagay ke anpil espesyalis nan domèn sa pa janm rive reyalize nan okenn peyi nan mond-nan. Kòm se Ayiti ki toujou devan nan tout reyalizasyon, Ti Rene pran devan pou li te demontre ke li pa sèlman fò nan detounen lajan pèp-la pou’l fòse madanm premye minis-la retire kò’l pou’l sa pa’t gen okenn kont pou’l rann pèsonn. Anpil lajan antere anba tè san pèp-la pa janm enfòme.
Bravo! Bravo! Bravo! Peyi Ayiti rive genyen nan fen ane 2009-la, youn chanpyon nan domèn elevaj pwason nan non ti Rene ki pa janm regle anyen serye men ki t’ap travay anba-anba pou’l te bay pèp-la youn sipriz. Tout moun sezi e yo konplimante ti Rene pou èv li nan fen ane-a.
Jodi a peyi Ayiti gen youn chanpyon nan tout bagay ki gen lisans pou gade pouvwa-a nan deklare’l pou youn lòt 5 kan, e menm avi paske li reyalize sa anpil nèg ki te pase nan plas li ye-a pa janm reyalize. Se avèk anpil lakontantman ke kominote entènasyonal-la resevwa nouvèl-la e yo pral bezwen spesyalis sa-a pou travay pou yo defason pou peyi yo fè pwogrè. Men sa yo pa rive janm dekouvri e menm konprann ke ti Rene se youn fo pwofesyonèl, youn mazèt ki pral fè peyi moun sa yo fè bak olye yo fè gran avans pou devlopman yo.
Anpil deplasman gentan fèt pou aplodi travay ti Rene-a. Tout moun sa yo fè deplasman pou granmesi paske tout pwason gwo nèg yo gen zanno nan zòrèy yo e yo gen figi zonbi paske se moun li detounen pou yo vin gwo pwason. Tout kòb ki te gentan depoze pou achte pwason sa yo pou youn komès bab ak moustach bwè lwil paske depatman lasante nan peyi vwazen fè rantre tout pwason yo pou envestigasyon e analiz youn fason pou konvoke ti Rene mwa pwochen pou li vin eklèsi tout moun sou pwason gwo nèg yo.
Pèp ayisyen pa ni pèdi ni genyen paske se tèt li yo ta pral koupe nan pri yo ta pral peye chak mòso oubyen younn antye. Peyi Ayiti pa janm gen youn lidè depi 17 oktòb 1806. Li toujou gen chans pou li jwenn youn blofè, kale tèt ki vini pou regle zafè li avèk tout akolit li e non pa pou pèp-la ki kontinye ap soufri. Sa va fini pou pèp sa respire youn van pou rafrechi poumon’l.
Nou pa dwe dekouraje paske delivrans pou chanjman nan wout pou rive ki pral fè anpil madigra mal maske kouri kache pou bay moun valè, santi bon e ki konn doulè mas-la pran mayèt-la pou fè bèl bagay nan tout sans. Nan sikonstans sa-a nou tout dwe fè youn sèl kit moun anndan ou deyò pou nou kabab reprann prestij nou ke nou pèdi depi plis ke 23 zan nan pasaj lavalas pwolonje k’ap wine peyi a. Nou pa sipoze nan rete pale san nou pa pase alaksyon pou voye bann move sije sa yo lòt bò dlo. Yo trayi zansèt nou yo.
Dom Laj
26 desanm 2009



Comments (0)