Mounn yo konplètman detèmine pou yo jwenn youn repons na men Preval ki vann peyi a e ki sanble se tchoul blan yo pou fason l’ap aji e menm gouvène. Sitwayen yo fè konnen si se vre enfòmasyon ke Preval ap kite peyi a 18 me ki se fèt drapo nou. Y’ap mande si Preval se youn sitwayen e menm youn prezidan ki gen youn responapiblite pou dirije peyi a. Preval kontinye ap pase pèp-la nan tenten. Ki prezidan youn peyi ki konsyan de responsabilite li ap kite peyi li pou li reponn youn envitasyon nan moman peyi a ap fete drapo li. Y’ap mande si Preval se youn prezidan oubyen youn patikilye konsa-konsa. Yo kwè si Preval te konn valè youn peyi tankou anpil lòt sitwayen, se pa moman sa-a pou li ta asepte youn envitasyon ki pap mennen li okenn kote. Dayè li déjà pèdi tit prezifdan-an pou mank enkonpetans.
Yo fè konnen ke li mèt kite peyi a e rete kote li ale-a. Si Preval gen malè kite peyi a pou li ale nan youn randevou san respè pou nou, pèp Ayisyen, yo kwè ke yo dwe anvayi ayewopò pandan toujou li ale a pou li pa fouti retounen e ranplase li par Jij Kasasyon-an. Yo fin pa remake ke Preval pèdi tèt li e li pa fouti gouvène ankò.
Kote bann konseye Preval yo ?
Gen youn bann kritik k’ap fè e yo abouti avèk menm konklizyon ke Preval pa gen konseye si li te gen mounn serye e menm konseye valab, li pa ta fouti aji konsa. Sa se youn erè katastwofik. Menm youn bon zanmi oudimwens madanm li te dwe dekonseye li. Diktaktè ou pa, li dwe gen konseye. Preval déjà nan dife, rete flanm-nan pou leve ki pral fè’l kouri ale. Se pou manifestasyon pwolonje, manch long pou misye kite sa si li pa youn sanwont, san santiman. Men pèp-la kwè ke y’ap ba li youn leson pou li appran respekte mounn menm ti mounn lakay li. Sa se youn radiyès pou wè youn prezidan aji konsa. Prezidan peyi a jwen youn kado ann ò ke li betize avèk li e li kite gate. Mantalite ke tout prezidan peyi Ayiti eritye pou pase pèp-la nan tenten dwe sispann e se Preval ki pral peye pou sa sil pa konpòte li byen. Youn prezidan ki reyèlman pa konprann responsabilite’l pou li sèvi peyi li pa gen rezon pou li rete sou pouvwa-a. Se pou pèp- la pran angajman li pou pa kite pèsonn ranse avèk li.
Manifestasyon chak jou
Pèp Ayisyen dwe pran responsabilite li pou li rive nan kafou verite-a pou li fini avèk tout pwoblèm k’ap ravaje li san konsiderasyon. Preval pa pran konsyans e li pa konn doulè pèp-la.
DOM LAJ
15 me 2010



Comments (0)