Bagay yo pa janm nan plas yo
Prezidan Preval ou pran pòz bèbè ou poutan ou konnen byen tout sa w’ap fè pou ranje zafè pèsonèl ou. Pèp-la pa konprann menm fason w’ap opere-a. Ou pa janm di nou ki sa’a pral fè e ki rezilta ou jwenn. Tout moun nan blakawout. Nou mande pou monte sou radyo pou ba nou eksplikasyon :
sou zafè MINISTA nan peyi a,
ki entansyon ansyen prezidan meriken nan peyi a ?
ki sa minis jistis dominken-an te vin fè nan peyi a dimanch maten-an ?
pou ki sa sitwayen Bètoni Jolikè toujou nan prizon nan peyi Dominikani e ke ki moun ki Amaral Diklona ?
Sa 197 milyon dola-a deveni.
Pa bliye Prezidan Preval ke nou mete’w sou pouvwa-a e nou gen dwa poze’w kesyon sou zafè peyi a. Oka ou pa vle reponn nou, gen aksyon nou kapab pran kont ou pou nou jwenn repons nou vle ou gen pou ba nou-an.
Premye Minis Pyè-Lwi ba nou tout verite-a
Nou pa konprann rezon ki pote’w atè jodi a. Si yo deklare enkonpetan pou travay ke prezidan-an te chwazi’w pou fè-a e ke 18 palmantè te jije nesesè pou te mete’w atè. Ou chwazi fèmen bouch ou olye ou vin bay verite-a. Nou kwè si’w rete bouch fèmen, ou koupab e nou gen pou konsidere’w kòm trèt nasyon-an. Kòm youn fanm vanyan nou bezwen eksplkasyon nan men ou.
Kòman nou santi nou 18 palmantè ki voye madanm-nan ale
Se pa nou ke’w reprezante-a ki te mande’w pou voye madan-nan ale. Ou pa vin devan nou pou mande nou konsantman nou. Non se pa nan mwayen sa pou ta mete madanm-nan atè. Nou bezwen klèman avèk prèv alamen pou di nou rezon ki pote madanm-nan vole gagè. Nou bezwen eksplikasyon tou swit.
Bawo avoka-a avèk jij depatman jistis kote nou ?
Nou kwè ke lajistis gen dwa pou li antre nan tout dezòd ki layite kò li nan peyi a. Nou gen youn Konstitisyon ki pa fonksyone nan peyi a akoz de okipasyon-an ki ekziste nan peyi a. Piske se lajistis ki pran plas pou dirije dwa peyi a, nou kwè ke gen aksyon ki pou fèt kont tout aksyon malonnèt ki te fèt nan peyi-a.
Pati politik yo ki devwa nou nan sitiyasyon sa-a
Si nou konsidere ke pati politik se youn opozisyon pou siveye derapaj nan pouvwa sou plas-la nan tout peyi, ann Ayiti se diferan paske pati politik yo kite pouvwa fè sa li vle jiskaske prezidan anplas-la pase yo kont nan tenten. Li menm avili yo nan tout sans. Se youn bon moman pou pati politik yo te fè youn sèl pou yo rele chalbari dèyè moun sa yo. N’ap tann reyakson nou nan zafè peyi a.
Dom Laj



Comments (0)