PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Premye janvye 2010: Van chanjman-an kòmanse soufle sou peyi Ayiti

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Anyen pa chanje nan mouvman fratènite nou-an k’ap pran chè pou nou kapab fè wout-la ansanm pou nou rive menm lè. Ane 2009-la vole gagè e 2010-la rantre avèk youn detèminasyon pou bagay yo chanje. Nou kwè ke tout bagay ap rive nan plas yo nan ane sa-a paske fòs tenèb-la ap disparèt pou pèp-la respire van libète-a. Nou pote pou ou younn nan tèks kanmarad nou, kolaboratè nou, Jan Bèbè, voye pou pèp ayisyen-an.

Dom Laj

Leogâne, Haïti — Frè’m ak sè’m natif-natal! Bonjou e an menm tan bòn ane 2010 malgre bagay yo pa bon pou nou nan tout sans.

Kwak mizè-a ak tout peripesi ap sakaje’n, boulvèse’n, Bondye ba nou ti sante-a ki fè nou gen

lespwa ke bagay yo kapab chanje kanmenm. Nou pa gen dwa dekouraje pou okenn rezon.

 

Jodi a premye janvye 2010 siyifi youn pakèt bagay pou nou, pèp ayisyen. E, se jou sa menm

k’ap ba’n kouraj pou nou redi e lite avèk tèt repoze nan youn linyon nasyonal k’ap pèmèt nou

rive nan reyalite ke nou tout t’ap tann-nan.

Se pou nou tout

Fè youn sèl

Nou pa etensèl

E nou pa janm doutout.

An nou fè linyon

Olye divizyon

Ki vle detwi nou

Tankou moun fou.

Se ede tout frè’n

Avèk tout sè’n

Konsa lavi-a va bèl

Anba tout tonèl

Fòk nou pa jije

Se sa pou’n evite

Jijman se trayizon

Epi’l se divizyon.

Mezanmi, an’n travay

Se youn bèl bagay

Ki va fè nou gran

Pou toutan gen tan.

Kote bèl deviz nou-an? Ki sa nou fè avèk li? Èske’n konprann li byen?

Se youn seri kesyon ke anpil konpatriyòt ap poze e yo ta renmen gen youn repons. Si jodi a

nou tout ap jwi ti moman sa-a, se gras a deviz sila ke zansèt nou yo te kite pou nou ki se:

«linyon fè lafòs». Kòm tout moun ka konstate ke deviz sa-a pa youn adisyon men youn

miltiplikasyon.

Si zansèt nou yo tankou Desalin, Petyon, Kristòf Kapwa e latriye pa’t ini yo malgre ti

endiferans yo, nou pa t’ap gen endepandans sa-a 18 novanm 1803 aprè nou kraze twoup fransè

yo  pou’n te kapab fete’l 43 jou aprè swa premye janvye 1804. Endepandans sila pa’t youn kado

men youn detèminasyon tèt ansanm de nèg ak milat.

Ki sa nou fè avèk endepandans sa-a?

Anpil obsèvatè ayisyen e menm etranje wè ke pèp Ayisyen-an sou wout pèdi endepandans li si

nou pa fè youn linyon nasyonal. Nan mond sa n’ap viv-la, pa gen anyen ki kapab mache san

linyon ki se lanmou ak devouman e non pa ipokrizi, èn, vanjans ak neglijans ki renmen gate tout

bon bagay. Se pa pou ryen ke konpozitè Jisten Lerison te konpoze im nasyonal drapo nou-an ke

Nikola Jefwa te fè’l tounen youn mizik ki rete etènèl pou pèp ayisyen. Nou pa pral detaye tout

pawòl yo pou ou, men nou kontante nou tire youn ti pasaj enpòtan:

« Pou peyi nou

Pou zansèt nou yo…

An’n mache ansanm

Nan sen nou

Pa sipoze gen trèt

Peyi a se pou nou tout… »

Jodi a, nou remake ke peyi nou sou youn okipasyon entènasyonal ke dirijan nou yo asepte san

okenn jèn. Twoup MINISTA-a layite kò’l nan 4 kwen peyi a. Zansèt nou yo te batay anpil pou

yo te ba’n ti tè sa-a pou nou te kapab respire e jwi dwa sivik, sosyal, relijye e menm politik nou.

Sepandan, anpil nan nou gen lè pa konprann sa mo zansèt-la, linyon-an ak trèt-la siyifi.

Si vrèman, nou te konprann sans mo sa yo, chak nan nou te dwe fè youn ti jefò pou detache

nou de divizyon-an pou nou kapab reprann avèk kouraj, fòs, detèminasyon bèl deviz sa-a ke nou

te rive jwenn kòm eritaj. Ansanm, nou t’ap mete men pou nou ta byen petri pat-la.

Si jodi a nou viktim de imilyasyon, mepri, desepsyon, dezolasyon etc., se paske nou kite  egoyis ak goumandiz pran devan nou.

Si peyi nou pa pwodwi, si aprè 205 kan, nou pa rive konprann younn ak lòt. Si aprè 205 kan. Ayiti pa janm pwogrese e kontinye ap fè bak ki rekile anpil nan tout sans. Si gran peyi yo mistifye nou, kraze nou e ba nou youn fado anbago pandan 3 zan ki detwi tout resous nou pou fè nou ajenou. Si dirijan nou yo pa konprann wòl yo pou bay peyi a youn bon direksyon e fonksyone byen nan enterè pèp-la. Nou kapab di san menm ezite nou pèdi wout nou, e ke deviz nou-an avèk im drapo nou-an pa byen konprann. Se byen domaj, nou gen youn pakèt medyòk ki toujou sou pouvwa-a san yo pa janm fè youn kichòy pou soulaje lòt yo.

Nou pa ekate pèsonn. Si nou soufri tout tribilasyon sa yo, ensilt, mistifikasyon se paske nou pa janm fè anyen pou konsolide plas nou sou tè-a.

Ayiti, cheri nou-an, tè tout nèg ak milat te gen valè li lontan-lontan.

Depi 23 zan, li pèdi valè li e yo konsidere’l tankou savann fatra. Ki sa nou dwe fè pou’l reprann diyite nou avèk tit fyète Ayiti ? Premye janvye 2010-la kòmanse souple van chanjman-an. Pou nou fè sa, fòk tout Ayisyen konsyan e konsène fè youn sèl pou devye tout mannèv malveyan yo pou nou lage koukouwouj dèyè yo. Youn linyon nasyonal menm jan avèk 18 novanm 1803 pou nou rive  chase demon yo. Andann kou deyò dwe òganize yo pou yo fè youn sèl pou pèmèt Ayiti reprann vrè figi’l. Lane 2010-la se ane chanjman nan peyi a.

Jan Bèbè

Premye Janvye 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites