PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Pèp Ayisyen : Moman-an rive pou pran dènye chans ou

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Gonaïves, Haïti — Makout nou chaje kou mèt Legba e nou gen dokiman pou ou zanmi nou. Tèlman nou gen enfòmasyon, nou pa konn avèk ki yès pou nou vini avèk li pou ou.

Samdi, nou te fè youn ti kout pye nan Gonayiv e nou te rankontre kèk konpatriyòt konsène ki te opine sou konjonkti aktyèl peyi a. San nou pa pèdi tan, men sa yo te gen nan kalbas tèt yo. Pa bliye se nan vil sa ke mouvman pou mete lòd nan dezòd te toujou kòmanse.

Kantav: Mesye, nou toujou ap tann pou nou tounen pwa tann.

Dayèl : Monchè Kantav, mwen dakò avèk sa’w di a. Pa gen anyen serye k’ap regle.

Kantav : Dirijan nou yo, vrèman, pa janm fè youn jefò pou ede peyi a. Yo toujou repoze sou èd  etranje ki tounen youn pongongon pou peyi a paske yo toujou repoze pou’m pa di depan de etranje ki enpoze sou yo lè avantaj yo menase.

Danyèl : Nou gen youn enstabilite politik ki plane nan peyi a depi tanto 23 zan.

Selya : Ou pa manti menm. Pandan dènye 20 tan ki sot pase-a etranje k’ap ede nou akòz pa janm gen youn plan pou mete peyi a sou 2 pye militè li fè tout sa ki nan favè yo.

Danyèl : Papa dòk Divalye vin avèk youn fòs parallèl a lame-a ki redwi tout demach lame-a. Te gen youn tan se te makout ki te okipe espas pouvwa-a pou te diminye fòs lame-a. Jan Bètran Aristid ou dimwens Titid ki te pran youn koudeta vin egri envite 21 mil sòlda meriken antre nan peyi a, kote misye avèk grand pwisans etranje-a ki se meriken kraze lame-a nan lame 1994 pou peyi a vin okipe premyèman par twoup meriken, ki aprè youn ti kout tan te ranplase par twoup LONI ki vin pase plizyè non pou rive nan Minista ki toujou nan peyi a ap jwi bon jan tanperati, vyole e menm kouvri ti jèn fi nou yo avèk jèn ti gason  yo tou pou yo dezekilibre jenès-la.

Kantav : Zenglodo, kidnapè, kokorat, gran manjè e latriye fè e defè nan peyi a. Nou gen dwa di ke prezidan bab ti Rene kosyone zak malonnèt-la ki kòmanse sou prezidans frè marasa li-a.

Danyèl : Pa gen dout nan sa.

Youn bann apatrid

Selya : Se youn bann apatrid ki pran pouvwa pou enterè pèsonèl yo.

Kantav : Nou dakò avèk ou 100 pou 100. Pa bliye ke Konstitisyon 1987-la ki sot gen 23 lane e ki te vote an mas entèdi fòs etranje nan peyi a. Ti Rene fè elòj fòs etranje sa-a e mande renouvèlman li pandan plizyè okazyon. Rene Preval dwe jije kòm trèt e nou pare pou nou pran li 7 fevriye pou li pale klè sou kesyon trayizon-an.

Selya : Se sou misye pou nou trase ekzanp respè pou pèp Ayisyen-an. Nou pa dwe nan tolerans ki mete nou kote nou ye jodi a. Dirijan nou yo vin pou fè fòtin yo e non pa pou dirije peyi a daprè lwa yo. Yo lage peyi a san lame ki lakòz tout kalite pwoblèm ki prezante jodi sila. Krim, kidnapin fè kenken nan peyi a. Nou nan youn ensekirite anraje. Tèlman lanati kont yo, prèske tout edifis leta yo tonbe nan Pòtoprens pandan tranblemann tè-a ki sakaje vil sila. Yo reyèlman pa janm rive fè anyen ke mande lajan pou mete nan pòch yo. Se youn pakèt sinistre parazit. Enkonpetans mesye yo parèt klè nan je tout moun.

Kantav : Si nou konsyan e nou pa nan zafè fanatik, nou gen dwa di sou rejim  2 Divalye, papa ak pitit, peyi a te kalm e ke tout moun te gen lwazi mache nan lari nenpòt kil è san kè sote. Depi Lavalas/Lespwa ki vin fè despwa nan peyi a, nou konstate ke se « jou avèk lannwit.» Aristid ki te gen maladi pouvwa ki te monte jis nan tèt li te mande ansyen Prezidan Bil Klintonn anvayi peyi a. Avan sa, Prezidan Bush, papa, te lage youn anbago sou peyi ki te dire 3 zan. Tout bagay sa te rive nan konplisite Aristid ki te dwe nan prizon kòm trèt. Li gen pou’l vin jije paske non li sou lis tou.

Danyèl : Sa pwouve ke mesye dirijan peyi a pa gen sans patriyòtik lakay yo. Se youn bann konze, apatrid k’ap vann menm tèt yo pou youn bòl pwa nwa. Yo trayi Desalin ak tout lòt zansèt nou yo ki te ban ou endepandans nou –an.

Kantav : Istwa déjà pran nòt pou jije yo sevèman. Konplisite yo mete peyi a nan ka.

Selya: Dirijan peyi Lafrans ak Etazini pou bokou nan destriksyon peyi nou paske yo tolere bann apatrid nou yo fè kont mannèv pou yo destabilize peyi a. Wi, Lafrans te kolonize nou e te maltrete noun an esklavaj. Sepandan, zansèt nou yo te degaje yo aprè 300 zan pou yo te sòti avèk tèt yo byen dwat nan lesklavaj sa-a 18 novanm 1803. Wi, nou fè istwa e se sa ki fè yo pa vle wè nou pwogrese. Nou pral gen nasyonalis zele pou regle zafè peyi a. Nou te fete premye janvye 1804 endepandans nou. Jodi a si nou fete endepandans nou se paske nou gen youn pakèt dirijan ti sousou, tchoul blan ki mete peyi a anba youn okipasyon modèn pou yo fè lajan. Ti Rene gen pou li peye fòfè li san gade dèyè. Li pap gentan chape poul li paske li gen pou’l reponn kesyon pèp-la.

Danyèl : Ou fè tout Selya. Mantalite kolonizatè yo chanje paske tan-an evolye e yo pa fouti aji menm jan yo te konn fè 400 lane avan. Yo itilize lòt fòm pou kenbe nou tout nan sou devlopman. Grand pwizans yo enpoze yo sou ti peyi yo pou yo sa regle zafè yo. Se sa ki enstale lakay. Yo kite dirijan yo fè gagòt depi yo regle zafè yo. Ti Rene monte 2 fwa paske se yo ki enpoze e mete li pou li rete tèt bese e ogeyi yo tou pou li toujou fè mandyansite. Jan Klòd te bese tèt li tou paske li te detwi tout kochon kreyòl yo pou plè meriken nan raplase kochon nou yo par kochon blan. Se la deklen nou kòmanse. Jan Bètran vin mete abse sou klou nan mande 3 zan anbago ki ravaje agrikilti nou yo e ki redwi pwodiksyon nou yo a zewo bare.

Selya : Men dirijan ke youn seri de moun tèt anba ap fè elòj kòm patriyòt zele. Malerezman pèp Ayisyen pa konn chwazi. Yo te vote Aristid tèt cho, egri e vòlè tou. Prezidan san sen kòb avan m’sye te monte sou pouvwa-a ki vin milyonè kounnye a. Yo te vote Ti Rene sou presyon Aristid kit e organize eleksyon tèt chat avèk bann malandren-kriminèl ki rfeyèlman te entimide pèp-la. Ti Rene refè pas-la ba li paske se te youn match foutbòl ke eleksyon nan peyi a te tounen. Kominote entènasyonal-la enpoze nou Ti Rene ankò ki pa menm te gen youn plan pou dirije peyi a. Kidonk, yo vin ba nou youn pakèt medyòk pou peyi pa janm fè youn pa. Nou nan medyokrite depi 23 zan. Pèp Ayisyen dwe mache pou pran yo paske Abraam di sètase.

Kantav : Anverite, n’ap gen pari-a kèlkeswa sa yo fè.

Dom laj

31 mas 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites


Dossier de la semaine