«Bourik ki chaje pa kanpe, se sa pwovèb-la di.» Jan Bèbè pa janm bouke pou li pote pou nou sa li jwenn sou pasaj li. Nou menm tou pa janm sispann fè nou goute tou tout sa li genyen.
Dom Laj
Bèlmont, New York — Samdi pase tèlman te fè cho nan lakou Nouyòk nan sezon prentan-an ki fèt parèt tèt li nan lane 2010-la, anpil moun te pran lari ap mache avèk rad sou yo san gwo manto ke meriken rele « coat » ou dimwens kot nan langaj nou. Chalè-a te monte youn ti jan trè wo ke moun te anvayi pak yo pou goute li avèk anpil kè kontan.
Nan pwomennen chèche enfòmasyon, nou te rive sou pak Belmont kote nou te rankontre kèk Ayisyen ki te chita pou opine sou sitiyasyon peyi lakay kote dirijan nou yo fè tout Ayisyen wont. Sa fè mal pou wè se peyi nou-an k’ap pran tout tribilasyon malouk sa ki retire kouwòn li-an. Nou pa vle rete pou nou kòmante twòp, n’ap pase kòn nan bay frè ak sè nou yo ki gen mo pa yo pou yo plase nan sikonstans sa-a.
Konstan : Mesye, nou gen pou nou tout fè youn sèl pou nou kapab sove tout sa nou jwenn sou pasaj nou paske si nou pa pran konsyans e fè tout sa nou dwe fè, n’ap pèdi peyi Desalin-nan ke jal Tousen te trase plan-an.
Sizèt : Ou pale dò, frè mwen. Nou mele seryezman e nou nan tout sa ki vrèman pa bon pou nou.
Sanon : Mwen remake depi lè bann san manman yo te boule ansyè katedral-la e ke ti pè-a te kontan wè zak briganday sa-a, mwen te déjà konnen, nou te mele.
Sizèt : Se youn zak malediksyon ki plonje nan peyi.
Nwèl: Ou pa manti Sizèt, ou menm tou Sanon. Konstan ouvri youn pwen tèlman enteresan ki voye nou nan endepandans peyi lakay, mwen oblije reponn tou pou mwen pa rete endiferan. Mwen pa kwè se bak n’ap fè lè nou retounen ann aryè pou nou pale de tout sa ki te fè. Nou se youn pèp ki déjà fè istwa. Men nou pa rive fè jefò pou nou kenbe libète nou-an ke nou remèt menm moun yo ke nou te prann nan men yo. Jodi a si nou rete ap pale san aksyon, nou mèt di : « nou mele » tankou Sanon te sijere.
Konstan : Mwen pa wè sa sèlman. M’ap ajoute ke nou menm pèp Ayisyen fouti.
Sizèt : Se nou ki pou mete tèt nou ansam pou nou fè kesyon yo san demagoji pou yo pa trete nou bèkèkè.
Nwèl : Nou pa kanpe alevwa pou nou ta chita sou youn bagay ki bon. Depi 7 fevriye 1986, peyi nou chanje non pa pou bon bagay men pou plonje nan malpwòpte ki fè nou pèdi tout valè nou. Twòp krim, twòp vyolans anvayi peyi a.
Konstan : Yo te fè nou konnen ke rejim Divalye ki pa’t bon. Nou tout te benyen nan lojik sa-a. Poutan, se twonpe bann politichen san vizyon sa yo te lage nou.
Sizèt : Olye pou nou fè youn pa ann avan, nou fè 10 mil pal rekil pou’m pa di bak. Nan youn peyi kote pa gen gid serye fòk peyi sa tonbe nan tout sa ki pa bon.
Konstan : Mwen menm Konstan ap rann sa Sizèt sot di-a pi fasil e pi senp pandan m’ap refere’m nan slogan Ayiti Obsèvatè-a : «Lè manke gid, pèp-la gaye.»
Sizèt : Bravo, Konstan! Se bèl bagay lè gen moun k’ap panse e ki konn enfòme. Gade kòman ou rann ide’m-nan pi senp. Se konsa nan nenpòt administrasyon ou gouvènman ki fòme youn ekip dwe travay ansanm pou pwogrè jeneral.
Nwèl : Nou pa janm gen youn ekip konpetan ki monte sou pouvwa-a depi aprè Janklòd Divalye te vole gagè pou ateri an Frans.
Sanon : Se medyokrite ki layite kò li nan peyi a kote bann vagabon sa ki pran pouvwa-a pa regle anyen. Mwen vle pale de fòmasyon ekip lavalas/lespwa ki fòme desespwa pèp-la.
Nwèl : Ou gen rezon Sanon. Se maladrès vann medòk ki nan peyi a ki lakòz nou nan sitiyasyon sa-a. Nou dwe debarase nou de bann maladwa ki konnen sèlman tèt yo e non pa pèp. Gen youn jou pèp-la gen pou fè apèl yo n an lakou tribinal popilè-a pou poze yo kesyon.
Sizèt : Men kòman pou sa fèt ?
Solidarite toupatou
Konstan : Solidarite toupatou san pèdi tan.
Sizèt : Si’m byen konprann sa’w fèt sot di-a. Nou bezwen fè youn chèn solidarite nan 4 kwen peyi a pou fè youn koreksyon san patipri. Sètadi fouke tout vagabon ki lakoz peyi a rive nan eta sa-a.
Nwèl : Nou bezwen pèp-la mache pran yo paske yo déjà leve kanpe pou fè solidarite-a pran jarèt tout bon vre pou ba gouvènman Preval/Bèlriv-la youn leson demokratik pou yo pa fouti kouri kache menm si MINISTA la.
Konstan : Dayè nou nan peyi nou pou nou revandike dwa nou ke lavalas/lespwa retire nan men nou lè yo penmèt youn lame rtanje ap souse trezò nou pou yo kapab rete sou pouvwa-a. Gouvènman revolisonè k’ap pran pouvwa a nan 11 mwa gen pou’l trase youn ekzanp pou fè dirijan yo konnen pou yo travay avèk pèp-la e non pa kont pèp-la. Se nan sans sa nou dwe pote kole bay revandikasyon pèp-la ki se youn mwayen pou yo delibere.
Sanon : Se pou moun nò, moun nò-ès, nò-wès, Sid, Sid-ès, Sant, Wès, Ès, Dènip, Grandans mache pou bon pou kochon gouvènman sa-a. Yo pa bezwen pè MINISTA ki reyèlman pa fouti tire sou yo, depi y opa nan derapaj.
Nwèl : Preval fè nou wont e li gen pou li sibi menm sò ke frè marasa li-a si li pa prese-prese remèt demisyon li.
Sizèt : Nou pa kapab gen youn pèp anba tant dechire pou ap pran lapli, solèy ak chalè pou nou tolere mòd vi sa-a. Nou dwe fè youn sèl nan degong dirijan parazit sa yo ki pa gen anyen y’ap regle nan peyi a.
Nwèl : Pèp-la bouke pran nan fo mamit ki gen madouk ladann. Nou mande pou gouvènman sa retire kò li san bri san kont pou pèmèt peyi a pran youn souf.
Konstan : Bann sanwont, san santiman so yo pap kite konsa. Se youn makònn vèmin ki merite pou yo flite! Si nou pa fè tout sa nou konnen pou nou mete yo deyò oubyen fòse yo ale, y’ap rete anplas pou yo fè pi mal.
Sizèt : Se 12 janvye 2010-la ki t’ap pwouve nou ke nou pa gen youn gouvènman men youn pakèt manm initil ki pap regle anyen pou pèp men pou zafè pèsonèl yo.
Nwèl : Ou tèlman di youn verite ki jistifye. Mesye yo se youn bann mafya, awousa ki merite dèyè bar fè pou zak malonnèt. Nèg yo gen kouraj pou yo fè fon nan dlo 197 milyon ak youn lòt 163 milyon ankò. Nèg yo se avèk
Sizèt: Se pa ti piye yo piye kès peyi a pou yo kapab fè
Nwèl : Nou gen youn pwen de sòti ki se youn mwayen pou nou rebati lakay nan fè tout sa ki bon. Dayè, nou menm Ayisyen dwe chanje mantalite si nou vle ale nan direksyon pwogrè ak siksè.
Sanon : Si nou kontante ap viv nan chen manje chen, nou pa gen dwa rive okenn kote pou regle zafè pèp nou. Se toujou youn ti ponyen ki pran destine peyi a pou yo kapab fè fòtin yo. Dayè, se nou tout ki gen pouvwa pou nou fè tout sa ki bon pou bay peyi a jarèt. Si tranblemann-tè-a mete youn chanjman pou bon nan peyi a, nou dwe mache nan lojik sa-a pou nou kapab fè mèvèy.
Konstan : Anpil pawòl ap tonbe jodi a pou youn chanjman total nan peyi a pou nou kapab pran konsyans. Si jodi a, nou rive nan sitiyasyon sa-a, se paske nou pa pran responsabilite nou kòm youn pèp. Si peyi vwazen nou ke nou te okipe pandan 22 zan depase nou se paske nou se youn bann enkondwit. Piga pèsonn vin di’m se paske grann pwisans yo pa ban ou youn chans pou nou opere.
Sizèt : Mwen t’ap kouri demanti moun sa pou mwen te fè’l konnen ke se paske nou pa patriyòt konsekan e konsène ki lakoz nou pa fouti pèse. Nou pase 21 nan gagòt san nou pa regle anyen pou nou e pou peyi a ki bezwen konkou pa nou.
Nwèl : Koripsyon fè kenken nan peyi a e prezidan nou-an gen kouraj pou li ap demanti obsèvatè yo ki mete Ayiti anba youn loup pou detekte tout bagay.
Sizèt : Si se sa pou ki rezon, prezidan nou-an ap pèdi tan pou fè demanti ki pap sèvi li anyen ekstraòdinè ke pale nan van pou al ateri nan lanmè.
Okipasyon ayisyèn-nan pran men ou
Sizèt : Mesye, si nou pa pale de opozisyon-an, se kòm si nou pa rive fè anyen ki serye. Kote opozan yo ki kite tout bagay sa ap fè nan peyi a?
Konstan: Nou pa janm gen youn opozisyon ayisyèn. Se mwen Konstan ki di sa. Si gen moun ki pa dakò avèk mwen se pou yo vin montre mwen ke m wen manti tankou chen.
Sizèt : Mwen dakò avèk ou paske nou pa gen opozisyon. Si te gen opozisyon pèp-la te dwe mache pran dirijan nou yo pou mechanste yo aprè konsiy opozisyon-an. Chèf gwoup yo kite Preval kaponnen yo pou li fè chita li ou kapital politik li pou li mete madanm li ranplase li.
Nwèl : Jodi a nou dwe pran bagay yo oserye pou ba Ayiti vizaj lontan li pi bèl e pi anfòm. Aristid te di Preval se youn nil epi pati politik yo pran nan kaponay Preval pou fè li konprann li se youn chèf Deta madre e solid. Ou tande m’sye ap nwi nich li pou fè Obama konprann li pa fouti pase li lèzòd. Enbyen ti pap, gen youn pwovèb ki di : «lè ti poul cho, se malfini ki dèyè li.»
Sizèt : Se malfini ki dèyè’l tout bon paske li parèt youn poul deplimen ki pèdi tout lespwa pou li viv nan desespwa. Nan jan Preval fè bagay yo rive, m’sye gen de chwa ki demisyone pou chape poul’li oubyen rete nan peyi a pou pije pèn li nan bon jistis pou peyi a tounen youn peyi kote lalwa kapab aplike.
Sanon : se youn gwo pawòl ou di la ki mennen’m nan youn refleksyon an pwofondè. Kote Titid ?
Sizèt : Li deyò!
Sanon: Men kote Preval?
Nwèl: L’ap ranje pakèt li pou li demisyone.
Sanon : Èske’n n’ap kite li chape poul li ?
Konstan : S’il itilize menm taktik ke Latòti, li kapab sove. Men si konprann l’ap fè gwo nèg, li mèt tou kwè li dane.
Sanon: Mwen kwè se avèk Preval ke nou pral trase youn ekzanp k’ap sèvi lòt yo kòm leson. Gen mouvman k’ap fè pou jije Preval nan bon ti mamit. Se polisye yo menm ki pral arete li e ke MINISTA pa gen anyen pou li di ke mare pakèt li tou pou retire kò li nan peyi a. Nou pa bezwen youn lòt kò ame etranje nan peyi a. Se pou lame-a re parèt nan youn lòt konsepsyon tou fre pou fè Ayiti peyi ideyal-la. Si Preval ap jije, Aristid gen pou sibi menm sò. Se 2 mesye sa yo ki pote peyi a nan lakou desespwa nan youn lavalas ki pote anpil malpwòpte. Preval se youn konplis tou ki rive fè plis tan nan demagoji lavalas-la.
Konstan : Sa fè’m mal anpil lè’m tande youn Bibin avèk anpil lòt lavalas tèt anba ap opine youn fason pou mete pwoblèm nan kominote-a. Moun sa yo,vrèman, pa reflechi e yo aji par enstenk. Se malere pou stipidite fè youn chèn konsa nan sosyete nou-an. Lespri yo pa solid ase ki fè yo pa okipe yo. Mwen kwè yo gen vètij. Antouka, wa tande rèl lakay Makorèl.
Nwèl: Ou gen pou tande rèl nan youn tan ki pa trè lwen. Pa gen anyen sou tè-a ki etènèl.
Sizèt : Sa se youn gwo pawòl ou di la. Si nou te gen dirijan konpetan, jodi a se pa rezilta sa-a nou ta anrejistre. Si nou gen youn opozisyon serye e k’ap fè travay li byen, li dwe mande Preval ki sa l’ap regle nan enterè peyi a.
Kote nou tout Ayisyen konsène ?
Sanon : Jodi a peyi nou bezwen prezans nou pou nou kapab ede li nan chanjman sa ki gen pou fèt nan de tan twa mouvman. Si nou konsène tout bon pou delivrans peyi a, nou dwe fè youn sèl pou nou rive nan kafou delivrans-nan.
Nwèl : Se pa youn bagay ki fasil. Men si nou mete tèt ansanm, nou kapab rive fè mirak ke tout moun pa’t janm atann.
Sizèt : Se nan solidarite nou jwen rezilta pozitif ki pèmèt nou rive nan lakou pwogrè-a. Nou déjà wè ke prezidan-an avèk tout akolit li yo pa’t janm vin reg le anyen ki serye pou ede peyi a. Nou dwe lage koukouwouj dèyè yo pou rache manyòk yo. Nou pa fouti nan pèdi tan kote bann pa serye ki sou pouvwa-a pa’t gen youn objektif pou fè bèl bagay men demagoji kòm demagòg. Si alantou li a te gen bon objektif yo te dwe demisyone an foul. Tout vagabon ki reprezante dirijan nou yo ap byen naje nan lajan ak koripsyon ki lakoz yo pa demisyone.
Konstan : Youn jou na kanbe yo pou nou poze yo kesyon.
Sizèt : Yo gen anpil repons yo pral ba nou pou eklere lespri nou.
Konstan : Mezanmi, mwen pa fouti rete, fòk mwen kite nou pou mwen sa al travay paske nan peyi isi si’w pa travay ou pa gen libète’w. Mwen pa vle tankou dirijan nou yo k’ap lonje kwi yo tout lasent jounen. Preval desann trè bak i fè’m wont devan etranje yo ki kritike prezidan nou-an kòm youn pèsonaj san karaktè. Bèlriv pa met espwa-w ditou pou ranplase Preval. Pèp-la pa wè nan boutèy nwa ankò. Nou nan degonn tout sanzave ki konprann yo ka pran pèp-la daso. An nou fè youn chèn solidarite pou nou kapote tout sa ki pa bon pou nou. Jodi a nou pa fouti pale de Konstition peyi nou-an ki pral gen 23 zan defriche e mal itilize. Nou sou okipasyon modèn ki anpeche nou fonksyone. Solidarite pou tèt ou ! Solidarite pou Ayiti ! Solidarite pou nou tout. M’ale !
. Jan Bèbè
20 mas 2010



Comments (0)