Toujou nan solidarite, men sa konfrè nou te pote pou nou. Avèk anpil apresiyasyon, w’ap fè lekti atik sila.
Dom Laj
Brooklyn, New York — Dimanch aprè midi, nou te patisipe nan youn koudjay kote anpil sitwayen Ayisyen te chita pou yo te sa jwenn youn espas pou yo te kapab opine sou sitiyasyon peyi lakay ki nan touman depi plis ke 200 lane.
Nan prezantasyon sa-a ki te fèt nan youn amoni moun ki gen klas, pa’t gen okenn derapaj kote younn ap voye toya sou lòt pou te dejenere tèt anasnm-nan. Nou te rive alè e nou te gen chans pou nou pa’t pèdi youn yota nan tout sa ki te gen pou te di nan moman-an. Oganizatè yo te ponktyèl sètadi yo te gentan la pou prepare tout sa ki te dwe fè pati rasanbleman-an. Nou te remake ke te gen volonte pou fè kichòy valab sou koze plan pou rebati peyi Ayiti. Patisipan yo te reponn prezan an mas e nou te kapab wè tout klas. Se pa’t youn bouyi vide men youn rasanbleman ki dwe pote fri nan tout demach ki gen pou fè.
A 6 zè tapan, sal-la te gentan chaje avèk kretyen vivan ki te sòti tout kote pou te pote konkou pa yo nan fason pou rekonstwi peyi Ayiti non pa nan youn ti peryòd tan sètadi «kou’l bouyi li kwit» men nan youn long peryòd kote moun ki gen tèt ak lide pou avansman kapab poze pyon pou Ayiti rive sòti nan enpas sa-a k’ap kraze nèt ale. Pou yo, travay sa-a ki rele rebati lakay-la pa youn travay gouvènman-an sèlman men patisipasyon tout Ayisyen pou nou pa di tout kouch sosyal. Dayè gouvènman Preval/Bèlriv ki tout bon pa fouti rive kote li gen pou li ale a paske mesye sa ki sou pouvwa-a pa kalifye pou youn travay konsa. Piske nou gen anpil koze pou nou pote pou ou, lektè nou yo, nou fè youn ti kanpo, mwayen pou nou kite moun yo pale paske pèmanans-nan dekrete nan peyi a ak nan peyi etranje kote Ayisyen ap viv pou refè lakay.
Jozye : Frè’m ak sè’m yo, mwen salye nou nan non Granmèt-la ki se papa nou e ki gen tout pouvwa pou fè e defè. Se nan menm lanmou sa-a ki dwe manifeste nan kè nou tout ki la aprè midi sila, m’ap di nou bonswa onon òganizatè yo. Kouman nou ye anba tèt chaje sa-a? Kouman nou ye?
Foul : N’ap boule e nou dwe degaje’n tankou mèt Jan Jak pou nou rebati lakay paske se devwa nou.
Jozye : Nou fè kò’m fè chè de poul e tout san’m tresayi an menm tan-an. Vrèman men tip de Ayisyen ki konsène e ki konn sa ki rele peyi. Mwen felisite nou pou sa, e’m kwè nou gen pou nou rive fè travay nou gen pou nou fè nan menm lanmou pou peyi nou e pou younn pou lòt. Mwen remake anpil moun ki la ap souri e se sa menm ki mete solidarite ki dwe penmèt nou avanse e fè pwogrè tou. Nou te lanse apèl-la nan younn di lòt e nou reyalize ke repons-nan pozitif avèk patisipasyon nou tout ki reponn prezan. Ala bèl bagay se konpreyansyon, lanmou ak devouman.
Foul-la : Bravo, konpè !
Younn nan foul-la : Se reyalite. Se kòm si nou gen 3 wòch di fe ki…
Jozye : Frè’m, mwen oblije fè’w fè youn ti kanpe. Kòman ou rele?
Jonas : Mwen rele Jonas, fis pou lavi, rès-la pou tè.
Jozye : Nou byen kontan frè Jonas pou deklarasyon sa-a. Sa fè nou plèzi anpil pou patisipasyon ou. Sepandan, n’ap mande’w pou kenbe tout sa’w genyen pou nou aswè-a e n’ap ba’w lapawòl toutalè paske se moun tankou’w yo nou bezwen pou travay nasyonal-la.
Jonas : Nou pa gen pwoblèm menm frè’m. «Men anpil chaj pa lou.»
Jozye : Ala youn bèl pawòl frè Jonas di la. Se nan kontèks sa-a ki pèmèt nou reyini aswè-a pou nou kapab brase lide ansanm pou nou rive jwenn youn solisyon pou ede peyi nou.
Èske kat-la te bat déjà pou nou rive koupe li san kè sote?
Jozye : Mwen pa vle kenbe kòn-nan pou kont mwen pou mwen pa parèt youn aktè prensipal nan epizòd-la, m’ap fè youn ti chankre pou mwen penèt Jesi pote kon kou pa li piske nou rasanble nan oditoryòm legliz-la pou nou preche lanmou, konpreyansyon ak devouman.
Jesi : Nou tout ki la gen lanmou, konpreyansyon ak devouman ke frè Jonas se kòmanse fè pwen sou li. Toutalè, l’ap gen opòtinite pou li pale plis sou sa paske li gen lè byen prepare pou sa lè li fè nou konnen istwa 3 wòch dife-a. Jozye pale an lon e an laj sou responsabilite nou piske nou se youn pèp ki fè istwa e penmèt nèg toupatou lib pou yo kapab respire. Si jodi a, nou gen youn Barak Obama, youn Jese Jakson, youn Al Sharpton, Andrew Young e Martin Luther King etc., se gras devouman zansèt nou yo ki se Tousen Louvèti, Jan Jack Desalin, Aleksann Petyon, Anri Kristòf, Kapwa Lamò e latriye. San devouman mesye sa yo avèk anpil fanm tou, jodi a transfòmasyon lemond ta youn lòt jan, fatal menm san youn separasyon legal. Nou t’ap toujou sou opresyon e dominasyon tou! Leve silvouplè pou nou peye respè bay zansèt nou yo. (Im nasyonal-la te chante avèk anpil detèminasyon).
Jesi :
« Pour le pays
Pour les Ancêtres,
Marchons unis
Dans nos rangs point de traitres !
Du sol soyons seuls maîtres
Marchons unis
Pour le pays
Pour les Ancêtres. »
Fòk nou koupe kat-la san nou pa pè
Jesi : Nou chaje trèt avèk apatrid nan peyi a. Se nou ki dwe idantifye yo e voye yo ale nan kalòj pou yo kapab peye fòfè yo. Mwen te li youn atik nan jounal Ayiti Obsèvatè (Haïti Observateur) kote youn gwoup sitwayen konsène te mande nou pou mache. Wi nou dwe mache san krent pou nou mande bann dirijan nou yo ki pwoblèm yo. Nou dakò pou nou tout mache piske anpil frè ak sè nou yo anba tant ap pran solèy ak lapli pou yo gen tout sòt kalite maladi. Fòk nou fè youn sèl pou nou pouse bann reyaksyonè yo pou nou rive di yo ansanm: « Abraam di sètase.» Mwen pa konnen si se sou im nasyonal-la ke gwoup sa te baze pou yo te pale konsa. Mwen kwè se te youn bèl demach. Nou bezwen youn travay ekip kote opinyon ap pase e ke radyo ap rapòte fè yo san demagoji pou kapab fè youn inite pou sove peyi sa ke etranje vle pran nan men nou avèk konplisite dirijan medyòk nou yo.
Mezanmi, kat-la te rebat depi 12 janvye 2010 pou nou te kapab rive kwè ke dirijan nou se youn bann enkapab kip a gen sans de responsabilite. Yo aji tanjou dirijan sinistre, gouvènman ki pa kapab ede tèt li nan kreye travay ak pwodiksyon nasyonal. Nou pa dwe kite bann kreten sa yo dirije nou. Yo kite etranje ap vire lòlòj yo jan yo vle paske pa’t gen youn preparasyon ki te fèt pou reponn alapèl. Gouvènman Lavalas/Lespwa egal desespwa piske se yo ki abouti a katastwòf sa ki anglouti peyi nou. Yo tout ava dèyè lajan e yo pap regle anyen silvouplè. Nou nan youn reyalite ke nou pa fouti rete nan kache men voye wòch oubyen nan benyen kache lonbrit. Nou dwe denonse tout vye bagay ki natirèlman pa bon pou peyi a. Okenn chanjman pa aplikab avèk ekip ki la. Si n ou bezwen youn reyèl chanjman pou Ayiti, se retire nèg sa yo ki gen youn djòb pou yo fè e ke nou gen tout privilèj e otorite pou retire yo lè nou pa satisfè de pwodiksyon yo. Nou lonje dwèt nou byen long sou Preval ki gen plis ke 15 lane nan direksyon peyi a pa rive pwouve ke li se youn vrè lidè. Si Wilson Desir te la, li ta di se youn ledè. Wi Preval egal zewo okosyan. Youn prezidan tgèt chat ki benyen nan koripsyon avèk tout antouraj li a. Si prezidan Preval diy kòm youn nèg sensè, li dwe pote youn demanti fòmèl pou pwouve ke 197 millyon-an byen depanse avèk prèv pou pwouve ke tout moun ki t’ap fè akizasyon yo te nan manti. Epi 163 milyon ki depanse nan mwen de 2 semènn-nan se youn lòt mwayen pou demontre kòman koripsyon-an pran pye nèt ale. Si Preval vle se nan tribinal li vle pale, nou pral lage 2 gidon nan degonn li pou prezante devan jij natirèl li. Si nou te gen youn bon òganizasyon nasyonal e entènasyonal tout gagòt sa yo t’ap kanpe. Men elas, nou refize òganize nou. Moman-an rive frè’m ak sè’m yo pou nou fè youn sèl pou nou mobilize nou pou nou rive sove peyi nou nan koupe kat-la avèk diyite.
An nou fè bkichòy k’ap bon pou peyi nou
Jozèf : Anpil bagay tonbe aswè-a ki vin fè objè de meditasyon, deklasyon, òganizasyon e priz-d- konsyans sètadi pran responsabilite nous an gade dèyè. Sa ki pase yo depi tout tan n’ap viv-la, pa gen dwa janm retounen. Nou gen youn obligasyon pou nou fè tout sa nou kapab pou nou fè devwa nou. Mwen kwè nou kapab si nou reyèlman aplike prensip wòch dife-a. Mwen rele Jozèf. Nou pral pase nan kesyon ak repons pou nou kapab pran tout en fòmasyon nou jwenn la pou nou rezime yo pou travay nou-an kapab youn siksè. Nou oblije filme seyans-la e rikòde’l tou pou achiv ak dosye. Nou pap rann imaj yo piblik men tout sa ki di yo e ki kapab asplike, n’ap mete tout deyò. Nou pa bezwen pè pale, denonse, sijere, rekòmande e pote solisyon tou. Nou mèt fè referans ki nesesè ki kapab penmèt nou fè kontak pou nou vin fè youn sèl nan linyon pou ede peyi nou. Kòm nou te gen Jonas ki te vle fè youn ti pale, n’ap mande li pou li jwenn nou oubyen rete kote li ye-a pou’l pote wòch pa li nan rekonstriksyon peyi a nan tout sans.
Nou sou direksyon youn gouvènman parazit
Jonas : Mèsi frè’m. Bonswa tout moun. Nou tande, nou wè, nou pran nòt e nou obsève tou. Se youn antonwa lide ki bwase nan tèt mwen nan moman sila. Mwen remèsye òganizatè yo ki fè youn bèl prestasyon ki mande patisipasyon tout moun san manke youn grenn. Nou, pitit tè-a, nan youn demokrasi tèt anba ann Ayiti piske gouvèman-an si’m kapab di dirijan nou yo tèt anba. Si yo pa fouti wè, pa fouti gen limyè tou. Se sa ki vin fè nou nan blakawout chak jou. Sa se pa youn bagay ki nouvo pou nou. Youn pakèt nèg ak nègès pran pouvwa-a kòm pwopriyete prive yo. Yo fè e defè e yo menm bay etranje aksè pou yo deside. Nou vin tounen youn pèp parazit ki dirije par youn gouvènman parazit. Nou te tande 3 mo ki te lanmou, konpreyansyon ak devouman. Se 3 mo sa yo ki fòme recho oubyen wòch dife pou nou kapab fè manje. Si nou pèdi younn nan pye sa yo pa gen mwayen pou nou mete chodyè-a sou dife-a. Se nan sikonstans sa, si nou pa gen lanmou nan kè nou, pa gen anyen k’ap regle. Se toujou èn k’ap triyonfe. Dirijan nou yo se youn pakèt sadik ki pa gen lanmou nan kè yo pou peyi a. Yo piye, defalke e fè tout sa ki yo vle, e ki nòmalman pa bon pou ede peyi a. Yo menm asepte okipasyon pou yo kapab jwi. Pa gen konpreyansyon ak devouman pou fè sa ki bon pou soulaje mizè. Yo se kè pòpòz e y’ap piye san yo panse ak peyi. Mwen kwè nou gen youn obligasyon pou nou fè tèt ansanm sa depi nan peyi etranje pou kapab rive bay youn ekzanp k’ap sèvi anndan. Nou pa dwe dekouraje ni bay legen. Viktwa definitif-la se pou nou nan chanje vye konsepsyon pou bon e aplike youn mantalite onèt e konsilyan tou. M’ap rete-la si gen posibilite m’a retounen ankò.
Jonatan : Non mwen se Jonatan. Mwen salye tout moun alawonnbadè. Travay n’ap fè la se youn travay total kapital ki kapab pote fri si nou kontinye nan menm venn sa-a sètadi retire pousyè nan je sa ki reyèlman pa fouti wè. Mwen apiye nou 100 pou 100 e mwen la pou mwen pote konkou pa’m nan tout sikonstans. Mwen ta konseye nou pran non tout moun avèk adrès ak telefòn yo pou nou kapab pi prè ke twò lwen. Mwen kwè tout moun konprann langaj mwen an. An nou derape. Nou pèdi anpil frè ak sè nan katastwòf 12 janvye 2010-la ki rive fè nou kwè nou pa’t janm gen youn gouvènman. Anpil gwo edifis tonbe. Katedral-la tonbe, Palè Jistis ak Nasyonal sibi gwo chòk. Ofis Ministè yo enfonsyonab. Nou nan tout sa ki nòmalman pa bon. Avèk devouman ki anime nou, ak lanmou nou dplwaye-a e avèk konpreyansyon-an k’ap boujonnen n’a rive.
Jozye : Mèsi frè Jonatan pou bèl remak ou-a. Nou pran nòt de sa. Nou remye lòt entèvenan yo tou sètadi frè Jonas ki antre nou anndan pwi-a pou nan pran kont dlo nou pou nou sèvi.
Jilyèt : Mwen remake ke se lèt «J» ki pran kòn nan nèt pou m été lide deyò. Se lèt ki reyèlman fè jou-a pou retire nwasè. Non pa mwen se Jilyèt. Ki donk, mwen pa’t manti lè mwen te fè ti remak-la. Gen anpil Ayisyen k‘ap travay men yo tout pa jwenn ankadreman sètadi anpil lòt sitwayen pa vle mete men pou travay-la fè youn gwo enpak. Mwen tande tout sa ki di nan moman sa-a e mwen kwè si n ou pran sa oserye san demagoji nou kapab triyonfe. Se tèt ansanm pou nou fè san ipokrizi pou nou kapab fè youn kichòy. Mwen okouran youn òganizasyon ki rele Asosyasyon Patriyòt Pwogresis ann Aksyon ki ta renmen fè youn tèt ansanm pou fòme youn òganizasyon solid pou gaye toupatou. Nan lojik sa yo fè youn abreviyasyon «APPA». Yo rekonèt par Leta Nouyòk kòm youn asosyasyon sosyal pou reponn bezwen demini yo. Asosyasyon sa-a gen youn pwogram trè vas e yo menm mande youn grenn dola nan men chak Ayisyen chak mwa pou yo kapab gen youn fon popilè pou regle anpil pwojè. Mwen kwè si tout Ayisyen nan peyi etranje e lakay te fè tèt ansanm sa pou nou te mete men anpil bagay te kapab reyalize. Mwen pa ni manm men youn senp sitwayen ki bay kontribisyon li pou youn travay nòb. Se byen domaj, mwen pa gen avèk mwen ti livrè sa ke mesye-dam yo distribye pou fè tout moun okouran plan aksyon pozitif yo. Si mwen pa twonpe mwen, yo gen plis ke 12 zan an fonksyon e yo kòmanse travay sa lane dènyè. Donasyon kapab fè nan depoze dola-a oubyen plis nan Citibank. Yo pa peye’m pou mwem fè reklam. M’ap fè piblisite sa-a paske’m kwè se youn aksyon pozitif ki merite ankourajman popilasyon-an. Mesye-dam ki pran inisyativ sa-a pa nouvo nan jan sèvis sa-a paske yo
Jesi: Mwen kontan entèvansyon ou-a e nou apresye enfòmasyon ke’w pote pou nou. Mwen okouran youn aktivite parèy e mwen gen youn ti chans pou mwen te defeyete ti bwochi yo-a ke youn kanmarad te gen nan men li. N’ap kontake’w pou plis presizyon paske nou kwè si nou pa mete tèt nou ansanm pou nou fè youn travay ansanm se pral lave men, siye’l a tè. Yo te men vini avèk youn slogan: “Reconstruire Haïti, An’n rebate Ayiti, Let’s rebuild Haiti.” E yo te ajoute tou: “Solisyon pwoblèm peyi a nan men nou. Ayiti cheri rele osekou! An nou leve kanpe byen vit pou nou ede’l! Nous devons nous ceindre les reins pour se collecter avec la realité du moment.» Mwen kwè tout sa yo di nan kouvèti liv-la se youn reyalite e se te youn apèl nasyonal. Mwen te pran telefòn pou mwen te rele yo. Youn nan ti moun mwen yo te pèdi feyè-a. Mwen kontan ou vin sou pwen sa aswè-a. Se youn fòtin ou pote pou mwen avèk lòt yo. Nou dwe bouje pou rive fè devwa nou.
Jozye : Koze tonbe aswè-a e sa ban nou ankourajman pou nou kontinye travay nasyonal-la. Nou pa fouti ale kòm lè nou-an prèske fini san nou pa remèsye nou pou patisipasyon nou. Kòm nou gen telefòn tout moun, n’ap rele nou pou nou fè nou konnen ki pwochen reyinyon nou. Nou mande pou sè Jilyèt ak frè Jonas pou wè noua van yo ale. Gen anpil lòt moun ki te bezwen pale. N’ap mande yo pou pran youn ti pasyans. Nou pral mande plis lè nan pwochen rankont nou. Gen pate, sandwich ak rafrechisman pou nou tout. Mwen remake sè Jilyèt fè nou youn siy. Li gen lè gen youn dènye mo l’ap di. M’ap pase nou li.
Jilyèt : Koute mezanmi sa youn fanm vanyan te ekri pou nou nan ti liv ke’m t’ap pale nou-an ke’m etidye par kè:
«Pinga’n !
Pinga’n gade sou gouvènman!
Pinga’n gade sou Prezidan!
Pinga’n gade sou etran je!
Pou’n fè peyi nou mache.
Nou chak grenn Ayisyen
Nou se youn gouvènman
Youn senatè, youn depite.
Nou kapab fè peyi nou rale
Pou’l rive menm mache.
Se nan youn ti pa, 2 ti pa
Ki pap fè’n tèt anba
Nou kapab byen rive
Si nou kenbe pa lage.
Nou fè listwa
E nou gen laviktwa.
Si chak Ayisyen gen sans
E pran konsyans
Pou wè eta frè’l ak sè’l ap viv
Pa gen dwa pou’l bay Ayiti do.
An’n mete tèt ansanm
Pou nou tout kotize pou peyi’n.
Konsa li ka vanse nan devlòpman
Bay youn dola, youn diplis chak mwa.”
Foul-la: Bravo! (Youn gwo aplodisman)
Jozye: Mayifik! Nou gen moun vanyan ki vle fè lakoz pou peyi nou bouje. Sou nòt, nou rete la. Bòn nwit e rantre lakay nous en e sòf. Mèsi.
. Jan Bèbè
28 mas 2010



Comments (0)