Nou pote atik sa pou nou zanmi nou pou kapab pote pwòp konklizyon nou. Jan bagay yo ye-la, nou dwe louvri je nou pou noue de pyi nou.
30 oktòb 2009
Detroit, Michigan — Detwa (Detroit) se younn nan vil peyi meriken. Ou jwenn vil sa-a nan eta Michigan. Se younn nan vil meriken ke endistri-a pran youn ekstansyon san parèy. Vil sa bati sou youn lak. Nan lane 1701 ou pi presizeman 24 jwen, jou Lasen Jan, ke youn ofisye franse ki te rele Antwàn de la Mòt te bati youn fò nan non minis maritim sou Lwi XIV ki te rele « Fò Pontchatren Detwa.
Jan Bèbè
4 oktòb 2009
Fò sa te gen youn enpòtans kapital sou kontinan meriken-an. Istwa fè nou konnen ke fò sa te tonbe nan men angle yo san pa’t gen okenn konfwontasyon 29 septanm 1760. Sa vle di ke fransè te reye nan peyi meriken ke plis 60 lane. Nan jefò avèk respè nan tout bagay ke pèp meriken yo te fè pou yo te jwenn libète yo 4 jiyè 1776, yo te rive pran Detwa nan men anglè aprè 23 zan sètadi nan lane 1783.
Detwa tounen youn vil endistriyèl ki transpòte anpil machandiz e ki bay peyi meriken youn kokenn avantaj pou devlopman li. Nan ane 1920 anpil kay te bati, magazen ak sinema te ouvri tou. Pifò machin meriken yo fèt nan vil sa-a. An 1950, moun ki te kapab yo kite vil sa a, yo te vole gagè. Anpil bèl kay tonbe paske mèt yo te abandone yo. Sa te vrèman youn bagay ki te etone anpil moun paske zèb te pouse byen long sou twotwa yo. Malgre tout bagay sa yo, vil sa-a te bay nesans youn gwo kokenn gason ki te fè pale anpil de li. Zetwal sa-a pa’t lòt moun ke Mikayèl Jakson, chantè, dansè, kreyatè e idòl tout moun nan mond-nan ki malerezman pèdi lavi li nan mwa dawou ki se sot pase-a. An 1970 te gen youn palè ann asye, youn bèl kay ki tounen youn moniman nan vil sa-a. Nan lane 1990, Grèk yo pran youn ekstansyon e yo rive gen youn katye anba vil-la ki reprezante yo e ki konsidere youn lye pou touris.
Avan resansman 2010-la Detwa gen anviwon 951,300 mil abitan. Li gen youn bèl mize ki rele Mize Chal H. Wright ak youn anpil lòt. Nan Detwa gen anpil selebrite par ekzanp Wilyam Edwa Boeyin ki te fèt an 1881 e ki kite sa an 1956. Sitwayen sa te konstriktè ayewonòt meriken. Alice Koupè, youn mizisyen meriken ki te fèt an 1948. Sineyas Fransis Fòd Kopola fèt an 1939. Enimenm youn bon rapè meriken te fèt nan lane 1972. Nou pap bliye aktè Tom Selèk ki te fèt nan lane 1945.
Nou te rive vizite vil sa-a sou envitasyon younn nan zanmi nou yo ki te anvi wè nou. Nan chak kwen peyi Etazini, gen youn Ayisyen. Nou tou patou paske nou konn kòman pou nou defann nou pèsonèlman men nan tèt ansanm nou gen anpil pwoblèm. Pandan nou t’ap vizite kèk zòn nan vil sa-a, nou te rankontre nan mize Chal Wright 3 Ayisyen konsekan ki te eseye fè kèk pwen sou sitiyasyon peyi lakay.
Sa k’ap pase konsa?
Bètoni : Mesye gade kote nou ye jodi a, lwen peyi nou. Pa gen nou younn ki la ki ta panse se la nou ta ye.
Jolikè : Bètoni, frè mwen, ou di youn bagay ki atire atansyon mwen anpil. Se sitiyasyon peyi a ki lakoz nou tout epapiye e fè nou tout kouri vole gagè, pou ateri nan chak kwen planèt-la,
Andre : Bètoni ak Jolikè nou di youn bagay ki fè anpil sans. Se youn peyi ki pa ofri pitit li yo anyen paske manke dirijan konpetan pou fè kesyon yo. Nou chaje anpil pwoblèm. Bagay yo pa nan plas yo.
Bètoni : Bagay yo pa nan plas yo vrèman paske nou tout demisyone.
Jolikè : Nou pa demisyonè non si nou vle byen konprannjan jan bagay yo ye-a. Antouka, se sitiyasyon ki fè aksyon. Yo fòse nou kite peyi a paske yo pa ofri nou anyen serye. Peyi Ayiti tounen youn lanfè pou pwòp pitit li. Si nou pa’t jete nou, mwen kwè peyi a t’ap tankou Kosovo. Nou menm ki deyò-a rann peyi a anpil sèvis paske ti gwoup moun ki toujou sou pouvwa-a kenbe peyi a ann otaj. Tout bagay ale nan enterè pa yo. Nèg ak nègès yo ki sanse dirijan yo pa regle anyen nan enterè mas-la men nan pwofi tèt yo ak fanmi e zanmi yo sitou. Nou nan tout sa ki pa bon.
Andre : Jolikè ak Bètoni pi ga yo panse nou de-a se Amaral Dikloma ki te itilize paspò nan non Bètoni Jolikè. Paske si nou kole 2 non sa yo, li tonbe daplon.
Bètoni : Mande Bondye padon non. Nou pa ta fouti vagabon sa-a ki fè kont krim li nan peyi a. Nou pa gen vye atitid, vye tandans sa a. Nou prefere mouri pou nou fè pati voksal sa-a. Ou pa wè kote nou ateri nou pou nou sa viv 2 jou.
Jolikè : Ou pa wè kote nou jete’n pou nou pa mele nan voksal sa bann mechan yo mete nan peyi a. Mesye yo mechan anpil. Youn jou na kenbe yo.
Bètoni : Peyi Ayiti pa gen chans vrèman paske nou rate randevou nou.
Jolikè : Ki randevou sa-a?
Andre : Mwen dakò avèk Bètoni. Nou rate randevou nou e nou pa reponn obligasyon nou.
Kosntitisyon nou yo pa gen enpòtans
Bètoni : An nou esye pase sou tout bagay nou dwe aplike e nou te kapab mete ann aplikasyon.
Andre : Nou pase konstitisyon sou konstitisyon. Nou pa rive respekte yo nan tout sans. Se kòm si se rad n’ap chanje chak jou.
Jolikè : Konstitisyon se manman lwa youn peyi, sètadi prensip ki dwe aplike pou pèmèt tout bagay mache byen san derapaj. Nan peyi kote lwa aplike, respè gen youn pakèt enpòtans e moun viv san kè sote.
Bètoni :
Andre : Mwen kwè ou klè sou sa paske se verite tout sa’w sot di la. Chèf nan peyi Aiyiti aji an gwo ponyèt san respè pou pèsonn paske se otorite yo ye e yo pa gen kont pou yo rann lòt yo. Mwen pa kwè ke se konsa yo te dwe aji kòm dirijan.
Bètoni : Nou nan youn veritab tenten. Nou kwè ap gen youn solisyon pou chanje tout bagay. Si moun ki nan tèt yo pa gen okenn respè pou nou, li difisil pou gen youn amelyorasyon.
Ki sa nou dwe fè pou mete tout bagay sou ray yo?
Jolikè : Nou gen youn tren ki deraye paske ray nou itilize-a pa fonde sou youn baz solid.
Andre : Mwen renmen apwòch ou-a Jolikè. Li reyèlman vrè nou pa gen youn baz solid. Rezon ki fè sa, se paske you kite prensip yo pou nou itilize sa nou vle san respè pou pèsonn. Se pa fòt nou ke bagay sa yo ap manifeste nan peyi a. Nou pa respekte lwa yo e tout atou ki ta mennen nou nan youn bon direksyon pa ekziste pou nou. Gen youn travay ki pou fèt. Peyi a fèmen. Lapli ap tonbe e lavalas-la pase pou bon nan detwi tout bon bagay nou te genyen yo pou ranplase yo par debri.
Bètoni : Se pa youn travay konsa, vay-ke-vay, ki dwe fèt men youn travay ki dwe kòmanse nan baz pou rive kote nou dwe ye-a. Si nou konprann ke n’ap kouri pou nou rive, nou mèt kwè nou fouti sètadi nou fini. Pandan ke sistèm konpitè-a ap fè mèvèy nan domèn lasyans, nou menm Ayisyen ap trennen sou dèyè. Mesye koute byen, nou pa bezwen pase par 4 chemen pou nou wè reyalite-a. Nan peyi nou, pa gen youn moun ki respekte lwa yo. Jij yo ki te sipoze fè moun respekte lwa yo etan moun ki plase pou sa, se yo ki fè plis move bagay pou nou pa di magouy. Nou ka di ke tout règ gen espsyon. Gen kèk jij ki respekte tèt yo e ki fè bagay yo nan sans reyèl men ti nonm-nan trè minim.
Jolikè : Menm nan domèn sa-a gen youn travay ki pou fèt pou ke respè retounen nan plas li san gade dèyè. Mwen pap itilije gwo mo tankou jirispridans. Non, nou dwe gen youn ekip ki pou panche sou lwa yo ki gen plis ke 50 a 70 zan ki pa aplikab kounnye a. Nou menm Ayisyen pa pran bagay yo oserye e se sa ki lakoz nou tonbe nan katchouboumb nou twouve nou. Si nou byen gade, nou kapab remake ke pa gen okenn pwogrè ki fè ke sèlman nou chita ap ankese okipasyon sou okipasyon. Aktyèlman nou sou youn okipasyon modèn. MINISTA okipe youn plas nan peyi a. M’sye Rene Preval konsidere tankou kòm youn majistra e ke m’sye Bill Clinton, gouvènè pou peyi Ayiti. Peyi nou tonbe nan tenten gras avèk lavalas/lespwa ki agrave bagay yo pi plis. Sa fè lèd anpil lè manke gid. Nan pren moun ki kapab vin demanti nou. Antouka, n’ap atann ke demonstrasyon Tonton Nwèl sa-a ap akouche youn ti sourit andikape. Lajan fè nèg danse, depale. Li retire tout diyite. Chak koukout klere pou je’w. Nou kwè ke bagay anyen serye ki gen pou regle oubyen ale pi lwen si nou pa ale nan sous-la. Youn jou na va ban mwen rezon.
Bètoni : Si nou bati youn kay, nou pa fè baz-la avan, nan youn tan pa twò lwen, li gen pou li tonbe. Ki baz ki te fèt pou pèmèt youn bagay serye fè nan peyi a. Pa gen okenn lwa ki etabli nan peyi a pou gen youn bagay serye ki fèt. Youn kay ki te sipoze gen 20 moun kenbe 150 moun gen pou’l tonbe. Dayè, 2 gren je nou la, n’ap gade.
Andre : Nou toujou rete ap gade paske nou pa konn sa pou nou fè. Nou chita ap tann yo lonje men ba nou. Nou mele, nou nan tout sa ki pabon. Peyi’n nan tenten e nou gen youn pakèt demagòg k’ap panse pou nou. Sèlman pinga nou tonbe ap radote demen. Se pou nou konnen ke nou pa janm chita sou youn baz serye. Non, se pa serye sa, pou nou toujou ap patine. Zansèt nou yo te fè plis pase nou malgre yo pa’t jwenn tout privilèj sa yo. Se nan radyo nou tande ke Bill Clinton ap rantre kòm anvwaye spesyal LONI sètadi meriken. Y’ap pase nou nan betiz e nou pa rive wè sa. Ayiti okipe e se Clinton ki gouvènè. Kote bann palmantè yo ye, ki kite bagay sa yo ap fè nan peyi a? Se pa serye sa! Nou kwè se youn mank respè e si palmantè yo te konn valè yo se pa konsa pou majistra Preval ta pase yo nan betiz devan etranje. Nou pa gen youn opozisyon kredib ki te dwe pwononse sou sa. Non se pa serye sa. Opozan yo demisyone. Nou pèdi peyi nou ki tounen dèyè lakou kominote entènasyonal. Preval ak tout akolit gen pou reponn kesyon sa, to ou ta.
Jolikè : Nou nan tout sa pa bon! Bagay yo pa nan plas yo. Mwen kwè lè nou va genyen youn gouvènman serye nan peyi a, bagay yo va ale nan youn direksyon valab. Pa gen ekilib nan anyen nan peyi a paske manke sa ki rele respè.
Andre : Ayisyen vle ke tout bagay ale nan sans pa yo san teni kont moun sou kote yo-a. Dayè nou dwe konsidere lòt yo tankou tèt nou pou nou sa ba yo respè yo merite.
Respè se solisyon pwoblèm nou
Jolikè : Nou kapab konprann ke nou gen youn responsabilite pou tèt nou, pou moun ki antoure nou e pou peyi nou tou. Si nou konprann ke nou dwe fè tout sa nou vle san respekte lwa yo, nou chire. Se rezon sa ki fè nou pa janm rive okenn kote. Pa gen respè ki aplike e se rezon ki pote nou ale nan twou rego.
Bètoni : Nou kapab remake ke nou itilize mo sa anpil depi nou kòmanse ti konvèzasyon sa-a depi plis nonm de tan nou chita anndan mize-a ap fè kòmantè e bay opinyon nou tou. Si nou pa respekte prensip de baz yo, pa fouti gen rannman. Tout bon bagay ki pou fèt nan peyi sa pa fouti kenbe paske nou pa mete mo respè a ann aplikasyon. Nou kontinye ap betize, fè sa ki pa nan enterè pèp-la men nan pwofit tèt pan ou. Prezidan ou majistra peyi a pa gen respè pou pèp-la alevwa nou menm ta respekte lòt. Se dirijan yo ki sipoze fè sa ki bon pou penmèt nou imite yo pou kapab genyen youn amelyorasyon nan demach yo.
Andre : Ou tèlman di bèl bagay, mwen pa gen anyen pou’m ajoute. Ou pa bezwen pè non, peyi a gen pou li reprann figi li men se pa avèk bann moun sa yo ki
pa gen okenn ideyal. Moun sa yo fè nou plis mal ke byen. Ou te konn tande de Divalye, vagabon sa yo vòlè tou e se youn prizon pou nou prepare pou yo. Pèp-la gen pou jije tout moun sa yo. Tribinal popilè-a ap monte jou 7 fevriye 2011 pou jije tout moun san konpasyon.
Jolikè : Ou pale gwo koze Andre. Se kòm si’w te nan kè mwen.
Andre : Ou bliye ke nou panse menm jan. Respè gen pou retabli nan peyi a.
Bètoni : Avèk respè younn pou lòt, bagay yo va chanje e peyi a ap fè pwogrè ke nou bezwen pou fè sosyete toupatou respekte nou.
Ou pa manti non. Respè se youn pakèt bagay. Nou gen pou nou retounen sou sa. Dirijan nan peyi Ayiti fè sa lide yo di e yo pa konsène nan zafè respè lwa. Se poutèt sa yo chanje konstitisyon-an tankou yo chanje chemiz. Nou pa wè aktyèl prezidan-an vle chanje Konstitisyon 1987-la pou ranje koze li san vin nan televizyon pou fè pèp-la konnen sa li ta renmen pou peyi a. Kidonk, li se sèl kòk chante nan baskou-a ki kapab fè e defè. Pou nou sa se mank respè pou sosyete-a. Bagay sa yo dwe fini nan peyi a paske yo pa pran nou pou anyen. Kilè pou bagay yo chanje nan peyi a.


Comments (0)