Port-au-Prince, Haïti — Peyi Ayiti pa gen chans ditou. Tout dirijan nou yo ki pase sou pouvwa-a, swa yo vòlè, asasen-kriminèl, blofè, san pidè, san nen, san karaktè, san vègòyn, san diyite e san lanmou pou peyi-a. Se youn pakèt soufnantchou ki pa gen vizyon e ki pran peyi daso nan blofe pèp-la.
Si nou fè youn ti kanpe pou nou gade dèyè, nou kapab remake oubyen konstate ke zansèt nou yo ki te pase kont mizè yo nan esklavaj te travay anven nan ban ou libète ki tounen prizon ak youn avilisman pou youn pèp ki te pran endepandans li nan batay achane pou sove nasyon sa-a.
Jodi a nou betize avèk tan nou e nou pa rive pran konsyans ke nou dèyè kamyonèt-la ap rele yogann (travayè dèyè kamyonèt k’ap fè trafik Pòtoprens-Leyogàn gen abitid lè chofè-a ap fè lamadèl pou chèche voyajè sou granri-a ak kwabosal pou pèmèt kamyonèt-la ale chaje). Kidonk, nou pa regle anyen serye pou ta pèmèt peyi a pran direksyon devlopman.
Pèp ayisyen pa konn chwazi reprezantan li
Si obsèvatè yo di ke nou pa konn chwazi, yo gen rezon yo tout bon vre paske tout prezidan nou chwazi pou dirije peyi a, 99 pou san pa jan pran responsabilite yo alevwa pou yo ta patriyòt konsekan. Jodi a san nou pa bezwen ale pi lwen, ni pase nan 4 chemen pou nou bay verite a paske se youn bagay byen klè nan je tout moun ke prezidan sou pouvwa-a pap regle anyen serye. Se youn pouyanis-sadik, sinik e ipokrit ki lage nou nan dans kimele e menm nan tenten pou fason mesye-dam yo ap menene peyi a. Se youn desepsyon total kapital pou nou ayisyen ki gen diyite paske prezidan nou-an pa gen anyen serye l’ap fè pou fasilite peyi a ale nan direksyon valab. Nou gen youn prezidan bèbè k’ap regle zafè li anba-anba pou keye konfli nan sen peyi a. Nou pa gen youn prezidan ki serye e ki konnen devwa li. Nou gen youn prezidan telegide e ki parèt sa menm.
Se youn meli-melo
Prezidan-an kontante li chak ane pou li ale nan LONI pou li ale mande renouvèlman twoup ki rele MININSTA-a rete nan peyi a. Se youn prezidan toupwisan ki aji pou kont li san li pa janm pale avèk nasyon-an. Pou anpil sitwayen konsène, se youn veritab desepsyon ak endiyasyon ki anvayi kè yo. Nan okenn peyi sou latè, youn fòs okipazyon pa janm regle anyen serye. Prezidan nou-an pa baze sou tèt li men sou fòs ak mandyansite pou’l rete sou pouvwa-a. Peyi Ayiti kontinye ap fè bak olye li fè avan. Nou antrave e nou nan tout sa’k pa bon. Dirijan nou yo pa remèt anyen. Yo pi pito konte sou èd etranje paske yo pa gen vizyon avèk lespri kreyatif pou retire peyi a nan sa li yea jodi a. An verite nou nan tout sa’k pa bon nan fason mesye-dam sa yo ap mennen peyi a ki endepandan depi 18 novanm 1803. Nou pèdi souverènte nou e ka nou nan ti gòdèt.
Prezidan-an pa wè klè
Si prezidan nou-an te wè klè oubyen pa’t soule, se pa konsa li ta kontinye mennen peyi a. Frè marasa li-a ki te fè pas-la ba li te asepte kriminèl yo, zenglodo yo, gran manjè yo, kidnapè yo plen pouvwa sa yo pi pito. Prezidan nou-an konn tout bagay sa yo e li te apiye’l tou. Se bagay sa ki mennen zafè Amaral Diklona ki tounen youn zo pwason nan gòj li. Prezidan sa dwe demisyone paske li pa fè lonè peyi a. Youn minis jistis nan youn peyi etranje te dwe kontakte minis parèy li nan koze Amaral-la non pa prezidan-an pou ta founi pyès nesesè pou dosye Amaral-la. Nou pèdi tout prestij nou paske nou pa konn chwazi reprezantan nou. Se nan lage chimè, kidnapè nan peyi a pou entimide moun serye ki fè nou tonbe nan laviwonn-dede sa-a. Sant santi nan rigòl lavalas toujou nwi sante nou. Se bagay nou te toujou konnen depi se younn nan manm lavalas-la ki pran pouvwa-a, «se toujou menmman-parèyman ou ankò lave men, siye atè.» Nou pa etone ditou paske chen ki abitye manje zo, se zo pou ba li paske’l pa abitye ak lòt bagay pi bon pou li.
Ankouraje pèp ayisyen pou’l pran men li
Pèp ayisyen fè erè nan chwazi moun pou reprezante’l. Li pa janm gen chans pou li jwenn youn moun serye oubyen youn bon lidè pou ta chanje bagay yo nan peyi a. Se toujou youn ban magouyè, bakoulou ki toujou jwenn chans pou yo taye banda yo. Nou an prezans youn ka sanblan kote prezidan-an apt aye petwo jan li vle. Pèp-la gen pou devwa pou lip ran tèt li pou li travay ankonsekans pou li chwazi moun ki kapab.
Dom Laj


Comments (0)