PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Papa ayisyen manfouben yo dwe pran responsabilite yo

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 2
MauvaisTrès bien 

Nou oblije vin avèk sijè sa de kòlèg nou Jan Bèbè ki fè aktyalite nan pwomennen chèche. Nou kwè w’ap kontan li atik sa.

Dom Laj

Port-au-Prince, Haïti — Twazyèm semèn mwa dawou-a, nou te trete youn sijè trè enteresan kote anpil lektè te renmen’l anpil paske nou te touche plè-a nan nannan li tankou sijè-a te di li. Semèn sa, nou vin avèk youn lòt pou lòt sèk-la youn fason pou gen ekilib. Nou pa vin pou monte youn pòsyon e jete lòt pòsyon-an paske se pa objektif nou ni anbisyon nou pou nou kraze pèsonn. Nou senpman ap di sa ki sa e sa nou rive jwenn nan chemen nou. Tout moun sou tè-a gen dwa pou viv depi li gen ti souf-la.

   Bondye, Papa nou tout, te pran san li pou li te kreye nou. Li pat vle kreye nou pou nou te gen pwoblèm e pou nou fè pwochen nou mechanste ki pap mennen nou okenn kote. Se pa pou granmesi li te pran younn nan kòt Adan pou li te kreye Èv pou yo te vin youn sèl kòt fanmi san rayisab e san ipokrizi. Bondye toujou vle wè bon bagay paske li se youn Papa bon kè ki renmen tout pitit li san diskriminasyon. Se satan, nan move zèv li, pran anpil nan nou nan tantasyon ki lakoz nou vin divize e nou tonbe pran plezi pou nou dòmi sou lòt yo ki inosan e ki vle viv.

Lontan, papa ayisyen yo te konprann byen sans responsabilite yo kòm papa. Yo te mennen vi yo youn fason  pou te ede pitit yo e menm youn fanm ki fè pitit pou yo paske yo te trè sansib pou san yo. Menm si yo marye e yo nan vagabondaj pou gen pitit deyò, yo chèche youn mwayen pou yo okipe pitit sa tankou youn piti lejitim tankou yo mete distenksyon ant pitit natirèl e lejitim. Pou nou sa se youn konparezon oubyen youn separasyon ki pa gen sans ditou. Tout pitit se pitit menm si li te fèt deyò e menm anndan paske yo pa’t mande pou yo te fèt. Si yo rive gen chans pou yo vin sou tè-a, yo gen dwa tou pou yo viv menm jan avèk lòt yo. Leta ayisyen dwe panche sou bagay sa pou anpeche ti moun yo pase mizè. Se pou lejislatè yo sètadi moun k’ap fè lwa yo panche sou pwoblèm sa k’ap ravaje peyi a. Tout papa ki gen pitit dwe okipe ti moun sa-a legalman pou penmèt ti moun yo sispann soufri. Li fè mal anpil pou wè youn pakèt ti moun ap soufri akoz ke papa yo pa okipe yo e ke manman sa-a pa fouti fè anyen pou reponn bezwen ti moun sa ki pa’t mande pou li te fèt.

 

Lage koukouwouy dèyè bann papa mechan yo

Ayiti pa youn peyi devlope ki gen gwo aparèy pou detekte bann papa lougawou yo men gen mwayen pou itilize pou demaske yo youn fason pou yo pran responsabilite yo. Fòk gen youn biwo pou pote plent kont papa sa yo ki refize pran responsabilite yo. Biwo sa kapab gen kontak avèk biwo imigrasyon pou fòmalite nesesè yo ranpli legalman. Gen anpil pè de fami ki kite kote y’ap viv nan peyi etranje-a e ki rantre ann Ayiti pou yo pwofite mizè medam yo ap viv-la pou yo pran tèt yo avèk youn monnen ki pap menm regle anyen  pou ti malerèz sa-a. Se youn plezi yo pran pou yo di yo gen youn ti dam ann Ayiti ki se manman fanm yo e yo san pwoblèm lè yo rantre ann Ayiti. Anpil fwa, yo fè dam sa fè dilatasyon e lè dilatasyon-an enposib ki kapab touye dam-nan daprè deklarasyon doktè-a, yo lage dam sa 2 men-2 pye avèk youn gwòs tèt chaje. Lè ti moun sa fèt, li mal manje, okipe paske pa gen mwayen pou manman sa ba pitit li tout swen li bezwen. Sa se youn veritab maswife  ke manman sa ap monte avèk youn pitit sou do li. Anpil fè konnen ke se dirijan nou yo ki pa pran responsabilite yo ki fè nou nan dilèm sa-a. Se pa fòt malerèz yo ki pran nan 20 jwen-4 avril ou pi presizeman nan kou pa konprann. Bagay yo grav pou manman sa yo ak ti moun yo ki pa konn ki sa pou yo fè pou pran youn ti souf.

Gen anpil gason mechan ki kontante yo ale dèyè fi pou yo pran plezi yo. Yo tonbe simaye pitit nan tout rakwen peyi a paske yo konnen pa gen okenn biwo konsène k’ap kouri dèyè yo pou yo kapab respekte tèt yo e lòt moun tou. Se tolerans sa ke yo jwenn ki lakòz popilasyon-an miltipliye konsa toupatou. Fi yo twò nayiv e yo pran nan Tonton Nwèl gason yo ki pwomèt yo tout bagay. Yo pran nan manti-an e se lè yo pran, y’ap mande ki kote y oye-la. Yo rive reyalize ke nèg sa twonpe yo. Sitou pou bann ensanse yo k’ap viv deyò peyi a, medam yo fè konnen ke mesye yo jwe yo anpil e pwomèt yo tout bagay ki posib. Poutan, se pou te fè yo kouche-reve san swit. Jèn nou yo ki pa fouti jwen youn travay, oblije penyen lage pou yo kapab viv. Se bagay sa ki lakoz ti moun lage nan sa ki rele pwostitisyon  ou «bouzendri » ki pa bon pou yo di tou. Nan ka youn malerèz ki déjà nan lavi, li oblije al fè youn pyès pou’l sa jwen youn ti lajan pou li achte youn ti bagay pou li manje. Lavi-a vin tounen youn lanfè pou anpil nan yo ki pa gen chans. Anpil nan mesye sa yo mechan paske yo pike kapòt-la avèk youn zepeng oubyen youn zegwi pou fè plon gaye nan langaj yo. Mesye yo pran plezi pou yo chita ap fè envantè fanm yo te pase e yo te fè kont abi yo. Se pa nòmal!

 

Ki sanksyon peyi tankou Etazini pran kont tout papa dezòdone yo?

Anpil nan nou konn tande youn mizik sou sa yo rele

«CHILD SUPPORT» sètadi sipò pou ti moun yo. Nan peyi Etazini, yo pran lavi ti moun yo avèk anpil enpòtans  paske ti moun se ranplasan gran moun yo demen. Biwo Child Support pa nan rans avèk mesye yo paske yo dwe pran responsabilite yo nan tout sans. Depi youn manman pitit ale nan ofis-sa pou pote plent pou papa pitit sa-a, yo pran tout dispozisyon pou yo jwenn papa sa pou yo pwovoke’l nan youn reyinyon pou vin defann li. Bagay sa pa fèt konsa-konsa san preparasyon valab. Si papa-a deklare se pa pitit li, yo pran nòt de sa e yo konvonke li pou youn tès «DNA» avèk pitit sa ke li deklare ke se pa pitit li. Nou sonje nou te pale de tès sa pou tout sekrè li denonse nan zafè kout pitit nan sijè «Imigrasyon» nou te vin avèk li. Nan ka pitit sa-a pa pitit papa-a, ka-a fèmen pou manman-an ale chèche vrè papa pitit-la. 

Si pitit-la se pitit papa-a, pwosedi yo pral kòmanse avèk dokiman kote papa-a pote ak tout sou chèk travay li pou jij-la pran sanksyon kont papa sa-a. Nan finisman pwosedi sa-a, gen gason ki konn kriye paske kòb yo pran nan chèk li konn kite li avèk youn monnen ki pakab reponn bezwen li. Tèlman jij-la òdone pou redwi chèk papa sa-a, li santi li ta disparèt fanm sa pou tèt li lage’l nan pwoblèm. Li fòse’l peye gadri sètadi kote ti moun nan rete pandan ke manman li al sòti. Lajan dam sa-a pa nan konte nan kalkil ki fèt-la.

 

Ki sa papa sa dwe fè pou diminye kòb jij-la mande pou’l voye pou pitit li?

Pran avoka trè enfliyan nan domèn sa pa fouti retire youn yota paske aksyon jij-la final. Menm si li mande youn modifikasyon oubyen youn chanjman, biwo-a ap asepte demann nan. Men sa pa di pou otan ke chanjman-an ap fèt. Youn sèl chans li genyen se si nan kalkil-la, jij-la ta fè youn ti erè pou ta gen youn ti diminisyon.  Li trè difisil pou chanjman-an ta fèt amwenske papa sa anplwaye youn envestigatè pou veye manman sa-a nan tout demach li ki kapab pa bon pou pitit sa-a pou yo pran li nan men li e li menm pral peye Child Support tou si l’ap travay. Pa gen plezantri nan bagay sa paske jij yo trè sevè e yo pa nan santiman tou.

 Se pa youn santèn gason nan kominote ayisyèn nan ki nan obligasyon pou yo sipòte pitit yo. Se anpil milye papa ayisyen nan tout eta meriken –an ki gen obligasyon pou okipe pitit yo.  Menm si youn papa deklare li pap travay, jij-la mande pou chèche travay paske ka sa-a ouvè depi kounnye-a e chaj la ap monte ki kapab koze pwoblèm pou ou nan tout sans. Papa sa kapab wè li tonbe anndan youn prizon, li pa fouti vwayaje, yo sezi paspò li e li tounen youn kat make pou leta isi. Pou evite tout tribilasyon sa yo, li preferab pou’l pran konsyans e pran responsabilite li. Menm si youn papa gen bòn volonte pou li ede pitit li, depi manman pitit sa ale nan wèlfè, biwo sa-a lage koukouwouy dèyè papa sa pou egjije li pran swen pitit li. Lwa sa pa echape pèsonn menm prezidan peyi sa-a pa epanye. Kidonk, pran prekosyon pou pa youn viktim. Gen de fanm ki konsyan, li pran tout prekosyon pou li pa rele mari-a devan jij paske yo konnen ke gason ayisyen pa renmen ale nan lajistis e sa kreye ennmi tou. Se poutèt sa yo kite nèg sa aji daprè konsyans li pou’l okipe pitit li. Gason Ayisyen gen youn tandans ke depi’l pa avèk youn fanm, fanm sa pa fouti gen youn lòt mari paske nèg sa ap vini manje lajan li fè nan di. Li kwè ke manman pitit sa pral bay gason sa manje kòb li. Se pa reyèlman youn reyalite paske se responsabilite’w ke’w pran pou ede pitit ou. Papa yo pa dwe panse konsa paske’w pa janm konnen ki tit pitit sa ap genyen nan lavi li.

Jodi a tout baryè louvri pou tout ti nèg depi’w konnen ki sa’w vle e ou vo tou. Avèk viktwa prezidan Barrak Obama nan peyi Etazini kote pèsonn  pa’t ekspere ti nèg ta vin prezidan. Se youn obligasyon pou tout papa okipe pitit yo pou yo sa rive youn bagay demen. Ti moun pa’t mande pou li te fèt. Yo dwe gen tout admirasyon ak lanmou tou. Si nou pa prepare pou nou pran responsabilite nesesè, nou dwe kite medam yo an repo. Nou pa dwe ap kase ti bwa nan zòrèy yo pou pa rive viktim. Se fanm ki konn renmen paske lè yo vle, pèsonn pa fouti rete yo nan wout yo e lè yo pran desizyon yo, yo pran li nèt. Nou pa di ke gason yo pa konn renmen tou, men fanm yo an majorite. Gen anpil nèg ki bakoulou e ki pran pòz yo renmen e poutan se pa vre. Yo vin pou twonpe e fè sa ki pa bon.

 

Èske gen papa ki viktim nan jan bagay sa-a?

Nan rechèch ke nou fè, nou rankontre youn pakèt moun ki fè deklarasyon konsènan child Support ki se youn mwayen pou ede tout ti moun yo. Youn papa ki te fè youn ti vwayaj nan peyi Ayiti pou rezon pou youn lòt te rive jwenn arestasyon li pandan li te retounen Ozetazini poutèt li pa’t pran responsabilite li. Si li pa t’ap fè dilatwa pou ryen, jodi a li pa ta fouti  ale nan prizon. Tout sa rive, poutèt li pa fè respè li. Gen youn lòt ki te dwe apeprè 35 mil dola te rive pèidi tout ti lajan li te ranpli pou inkòmtas e bagay sa te ale pi lwen. Yo revoke paspò li pou li pa fouti pati, vwayaje. Leta ou Lajistis nan peyi meriken pa nan jwèt avèk tout moun ki konpòte yo kòm vagabon. Pafwa se pa fòt youn papa ki gen bon entansyon pou ede pitit li, se fòt madanm-nan ki lage yo nan pwoblèm sila yo.  Gen youn papa ki te oblije kanpe lwen poutèt madanm li t’ap pran tripotaj nan men youn kouzin dam sa-a. deblozay mete pye, yo separe jiskaske yo divòse. Chak moun nan patiraj yo ap degaje yo pou wè kote lavi-a fè kwen. Yo te gen 2 ti moun ke mesye a te okipe trè byen e menm voye lekòl lakay mè nan Nouyòk. Dam-nan te vle kite Nouyo pou’l t’al viv nan Florida. Nèg-la peye tout frè transpò pou’l te sa deloje. Rive lòt bò-a, li achte youn ti kay pou’l viv avèk ti moun yo. Chak mwa m’sye kontinye ap sipòte nan voye 300 dola. Li te rive menm pran sou responsabilite li youn dèt ke madann sa te genyen lè’l te achte youn ti machin pou’l te menene ti moun yo lekòl. Aprè youn bon 34 mwa nan Florida, li pa’t ka peye youn valè de 4 mil dola ke li te rete dwe sou kay li te achte nan men vandè-a ki te kòmanse ap fè pwosedi pou vann kay la ankò pou li te tire lajan li. Dam-nan rele ansyen mari-a ki deside peye lajan sa-a aprè li te jwenn telefòn moun sa ke dam-nan te ba li. Youn antant te fè e vandè kay-la te asepte ke mesye-a te peye li mil dola pandan 2 fwa sètadi chak mwa e rès-la 500 dola chak mwa. Aprè vandè-a fin resevwa kòb-la, li rele nèg-la pou li konplimante’l kòm bon moun. Li te vle voye resi-a bay nèg-la ki te mande’l pou remèt madann-nan pou li.

Nan 2 mwa jou pou jou aprè nèg-la fin peye tou dèt machin-nan, dam-nan rele pou li remèsye li. Tout bagay prale trè byen. Foli pije-a monteli avèk tout youn anbisyon, li rele misye 2 semenn aprè pou li di li twoke machin-nan pou youn lòt pi gran e li mande nèg-la pou kontinye peye li pou li. M’sye voye pye e li di, li pakapab. Sa’w tande-a, madanm fè kòlè e li voye premye pitit fi mande’l youn machin nèf. M’sye fè konnen si’l pa kapab peye machin manman  li-a se pa machin nèf li ta al achete. Bouch tout moun mare e konplo kòmanse mare sou do m’sye. Youn mwa aprè, li rele m’sye pou li di li ke li aplike pou wèlfè e yo bezwen nimewo sosyal sekirite kat li. M’sye ba’l kòm repons, swi’w jije ke mwen pa ede’w, ou mèt bay li. Men si’w panse mwen fè kont mwen, ou pa al bay li. Madanm-nan fèmen e li gade silans li. Aprè 2 mwa, m’sye sot travay e li gade sou tab-la, li wè youn lèt byen bonbe ki gen youn  pakèt papye ladann. Li ouvri li e li remake ke se youn moun ki asiyen li. Li depoze lèt-la pou li di ke li pa dwe e li pa janm fè aksidan pou li resevwa youn lèt sòti nan tribinal.

Li pran san li avan li retounen pou’l li sa ki genyen nan anvlòp sa-a. Lè li remake non ti moun yo, li reyalize ke madanm-nan rele li nan Child Support sètadi nan tribinal pou papa ki pa pran responsabilite yo. Li te gen randevou nan 2 mwa. Jou sa, m’sye pote tout prèv ke li te genyen pou’l pwouve ke li toujou pran responsabilite li. Jij-la te fè li konnen ke tout sa li fè pou sipòte ti moun yo avèk madanm-nan konsidere kòm kado e non pa responsabilite li pou ede ti moun yo. Si’w te vin nan tribinal-la pou te fè sa, nou ta pran li an konsiderasyon. Yo fè miye peye 5 kan depi ti moun yo te travèse nan Florida plis sa li dwe peye depi madanm-nan te aplike. Yo menm òdone li pou dezyèm madanm li chèche youn travay pou’l fè si m’sye pa kapab reponn antretyen kote li rete-a. Tribinal-la pa teni kont de lòt pitit m’sye genyen avèk dezyèm madanm-nan. M’sye rantre lakay li avèk 47 dola ki pa’t menm sifi pou peye transpòtasyon li avèk manje pou li achte pou pase jounen-an. Misye te manke pèdi kay li si dezyèm madanm-nan pa’t solid. M’sye ipoteke kay la pou li te peye tout dèt li te fè pou ti moun yo nan voye ale. Li te fè youn anpren de 80 mil dola. Depi dat sa-a ti moun yo ki te gen 13 ak 11 zan pa janm pran kontak avèk li. M’sye fè konnen ke bagay sipò sa-a se youn poto maswife ke gason ap grenpe jiskaske ti moun yo gen 21 lane si yo pa ale lekòl oubyen 23 lane si yo ale lekòl. 









Ou menm ki li tout detay sa yo, w’a va pote pwòp konklizyon ou. Erezman, tribinal yo pa rete youn sèl kote nan kesyon regade sipò ti moun yo. Yo egjije fanm tou pou pran responsabilite yo lè se papa k’ap okipe ti moun yo. Majorite ka yo sòti nan kote gason yo. Mesye, fòk nou reflechi anpil pou nou pa fè sòt pou nou pa tonbe nan sitiyasyon sa-a ki pa bèl ditou. Pran konsèy pou pa nan ka paske ka Child Support pa youn ti ka.

Jan Bèbè   

5 septanm 2009

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites