PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Bloggers Focus

Sitwayen Rene G. Preval pa gen anyen l’ap pèdi

Email Imprimer PDF

Pèp Ayisyen pran nòt souple!
Toujou nan solidarite pou youn travay ansanm, nou pote pou ou sa konfrè nou te sòti avèk li nan semenn-nan

Dom Laj

Brooklyn, New York — Yè vandredi 12 mas 2010 ki fè 2 mwa, jou pou jou depi tranblemann tè-a te ravaje peyi nou prensipalman kapital Pòtoprens, Leyogàn, Ti Gwav ak Jakmèl. Anpil legliz tonbe, palè nasyonal kraze e lòt kay prive e piblik disparèt. Tout moun okouran dezas ke bagay sa fè. Nou te sispèk t’ap gen youn chita tande ki t’ap fè youn kote kanmenm pou medite sou sitiyasyon peyi nou.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Gouvènman lespwa/desespwa tounen giyon pou pèp Ayisyen

Email Imprimer PDF

Pòtoprens, Ayiti - Gouvènman lespwa/desepwa dirije sou direksyon Rene Garcia Preval te monte pou 5 lane jou pou jou daprè Konstitisyon 1987-la ki pral gen 23 lane 29 mas 2010 ki nan wout pou rive-a pa regle anyen ki serye. Nan you premye tan se te kriz ki te okipe espas gouvènman sa a ke Preval se youn chanpyon. Kounnye a Prezidan peyi a deside fè youn lòt kout gidon pou demontre lemond antye avèk pèp Ayisyen li se bon chanpyon nan bay kou pa konprann.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Premye janvye 2010: Van chanjman-an kòmanse soufle sou peyi Ayiti

Email Imprimer PDF

Anyen pa chanje nan mouvman fratènite nou-an k’ap pran chè pou nou kapab fè wout-la ansanm pou nou rive menm lè. Ane 2009-la vole gagè e 2010-la rantre avèk youn detèminasyon pou bagay yo chanje. Nou kwè ke tout bagay ap rive nan plas yo nan ane sa-a paske fòs tenèb-la ap disparèt pou pèp-la respire van libète-a. Nou pote pou ou younn nan tèks kanmarad nou, kolaboratè nou, Jan Bèbè, voye pou pèp ayisyen-an.

Dom Laj

Leogâne, Haïti — Frè’m ak sè’m natif-natal! Bonjou e an menm tan bòn ane 2010 malgre bagay yo pa bon pou nou nan tout sans.

Kwak mizè-a ak tout peripesi ap sakaje’n, boulvèse’n, Bondye ba nou ti sante-a ki fè nou gen

lespwa ke bagay yo kapab chanje kanmenm. Nou pa gen dwa dekouraje pou okenn rezon.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Adye 2009! Byenveni 2010 pou bagay yo sa chanje lakay

Email Imprimer PDF

Port-au-Prince, Haïti — Ale! Ale fè wout 2009 pou pèmèt 2010-la rantre pou chanje tout sa ki pa bon nan peyi Ayiti. Byenveni ane 2010, nou kwè’w pote bon bagay pou satisfè pèp-la.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pwason gwo nèg, spesyalizasyon ti Rene

Email Imprimer PDF

Gonaïves, Haïti Nan tout peyi Ayiti menm Sendomeng pou pase Kanada, youn fason pou rive Ozetazini, se youn sèl pawòl nan fen ane ki nan bouch tout Ayisyen se spesyalizasyon ti Rene nan elevaj pwason gwo nèg. Konpliman ti Rene! Se youn sovè konsa ke pèp ayisyen t’ap chèche nan plen 21yèm syèk-la.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Yo bare koken yo nan bay fo mamit

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Nou te sou Chanmmas-la nan youn ti Koudjyay ki te rasanble anpil moun pou tande kozman ke 3 konpatriyòt te òganize san envitasyon. Se youn bagay ki te fè san preparasyon. Se pandan nou t’ap pase ke nou wè youn foul e ke nou t’apwoche pou nou te wè sa ki te genyen. Youn moun nan foul-la di nou : “Yo Bare koken yo nan bay fo mamit.”

Comments (0)

Lire la suite...
 

Rendez-vous à la soirée des millionnaires

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 2
MauvaisTrès bien 

Les heures s’avancent à grand pas et les jours s’écoulent rapidement pour ce grand évènement sans pareil qui aura lieu le 25 novembre 2009 à 20 heures précises dans le cadre attrayant du Grand Prospect Hall à Brooklyn.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Nou te pale li

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Depi fevriye 1986, peyi Ayiti pèdi ekilib li nan tout direksyon. Nou gen youn karans nan tout administrasyon nou yo. Sa fè nou tout ki konsyan e ki konsène malad pou wè jan peyi sa ap nwaye nan tout inegalite pou li pèdi tout prestij li kòm youn peyi ki te pran endepandans li. Nou fè lidè nou yo twòp konfyans ki tounen pou nou youn dilèm e youn frèt pou kale dada nou.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Prezidan Preval, ansyen premye Minis Pyè-Lwi ak 18 senatè yo, pèp-la mande eksplikasyon

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Nou pa fouti konprann kòman bagay yo ap fonksyone nan peyi a. Nou gen youn prezidan ke nou eli e ki dwe okipe fonksyon nou ba yo fè-a. Nou ba tout fonksyonè sa yo youn djòb pou yo fè men mesye yo pran djòb sa kòm pwopriyete prive yo.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pèp ayisyen ann avan pou sekwe kò’w san gade dèyè

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Peyi Ayiti pa gen chans ditou. Tout dirijan nou yo ki pase sou pouvwa-a, swa yo vòlè, asasen-kriminèl, blofè, san pidè, san nen, san karaktè, san vègòyn, san diyite e san lanmou pou peyi-a. Se youn pakèt soufnantchou ki pa gen vizyon e ki pran peyi daso nan blofe pèp-la.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pèp ayisyen ki sa ki fè nou pa fouti fè youn pa ann avan pou delivre peyi nou?

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Nou pote atik sa pou nou zanmi nou pou kapab pote pwòp konklizyon nou. Jan bagay yo ye-la, nou dwe louvri je nou pou noue de pyi nou.

30 oktòb 2009

Detroit, Michigan — Detwa (Detroit) se younn nan vil peyi meriken. Ou jwenn vil sa-a nan eta Michigan. Se younn nan vil meriken ke endistri-a pran youn ekstansyon san parèy. Vil sa bati sou youn lak. Nan lane 1701 ou pi presizeman 24 jwen, jou Lasen Jan, ke youn ofisye franse ki te rele Antwàn de la Mòt te bati youn fò nan non minis maritim sou Lwi XIV ki te rele « Fò Pontchatren Detwa.

Comments (0)

Lire la suite...
 
Page 2 de 3

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

feed-image Feed Entries

Nombre de visites


Dossier de la semaine