PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Nou te pale li

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 1
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Depi fevriye 1986, peyi Ayiti pèdi ekilib li nan tout direksyon. Nou gen youn karans nan tout administrasyon nou yo. Sa fè nou tout ki konsyan e ki konsène malad pou wè jan peyi sa ap nwaye nan tout inegalite pou li pèdi tout prestij li kòm youn peyi ki te pran endepandans li. Nou fè lidè nou yo twòp konfyans ki tounen pou nou youn dilèm e youn frèt pou kale dada nou.

Pa janm gen kesyon peyi pou devlope ki nan ajennda dirijan nou yo men zafè enterè pa yo ki priyorite yo. Nou pran doktè ki tounen youn diktaktè pou te redwi nou a zewo e ki te divize nou tout bon. Nou te pran pè pou te amelyorye bagay yo men foli pouvwa te fè li pèdi tèt li pou li te etabli vyolans ki tounen youn pongongon ki fè anpil sitwayen onèt e pezib. Nou rive pran agwonòm-boulanje ki pa janm pote youn ti mòso pen pou pòv yo paske depi li monte sou pouvwa-a li bliye tout moun ke sèlman moun ki nan patiraj li avèk etranje ki konsolide pouvwa li.

An fevriye 1986, ansyen prezidan Janklod Divalye te ranplase par jal «Chouchou» ki te youn bon bivè jis nou vin gen youn lòt jodi a ki p a rayi vè li ak boutèy li. Nou pa gen pwoblèm avèk jal-la ki pa’t pase nan chemen eleksyon men nan youn pase pouvwa bay youn moun. Tandiske prezidan nou-an pa gen anyen serye l’ap regle. Tout moun konnen byen  ke bresonye pa janm regle anyen ki bon paske li ann afè ak vè li oubyen boutèy li. Tankou di defen Koupe Kloue : «chak moun gen chans pa yo e pwofesyon yo.»

Madan Michèl Pyè-Lwi pran nan pwòp pyèj li

Se pa youn sekrè pou pèsonn ke madan Michèl Pyè-Lwi te fè youn erè kapital lè li te asepte pozisyon sa nan men youn ekip san vizyon. Nou konprann byen li te vle ede peyi a nan men li bliye tout bon vre ke: «nan dine koukou, fòk ou reziye’w manje kaka chwal.» Nou te di madanm sa pou’l fè atansyon paske prezidan sa-a ke yo konsidere kòm youn sinik e ipokrit tou pa janm nan tete lang e menm pa dòmi a 2 avèk pèsonn. Byen avan madanm sa te pran pòs sa-a, te gen youn sitwayen ki te pran desepsyon menm jan-an nan men menm bòs yo. Nou kwè ke madanm sa se youn moun trè entèlijan ki konnen byen avèk mal. Nou te sèlman avèti ki kote angajman sa ap mennen li. Nou pa’t konseye li pou li te trayi konviksyon li men nou te vle fè’l sonje ke daprè sa obsèvatè yo di: «youn pèp san memwa se youn pèp pèdi e anfoudwaye tou.» Nou toujou konnen ke depi youn moun manje manje chango e pran djòb chango sètadi nan men moun ki gen karaktè pa pran pozisyon sa-a pou’l pa avili. Malerezman li te gen zòrèy long ke yo koupe li an 2. Se sa ki lakoz jodi a ke li pa premye minis ankò e ke non li ap nonmen nan zafè dwèt long-siperyè pou 197 milyon dola ki disparèt.

Madanm Michèl Pyè-Lwi dwe defann tèt li

Tout akize toujou gen chans li pou li defann li menm si li se youn koupab.  Nou dakò avèk madanm sa-a pou li pa’t parèt si tout fwa li pa’t gen tout dosye yo prepare. Li voye youn lèt pou li te mande youn delè. Li sanble ke mesye-dam yo te gen youn mache prese e ke yo pa’t fouti tann ankò. Kidonk, yo bay madanm-nan kanè li e yo remèt li ba paran li. Jous jounen jodi a, madanm sa key o konsidere kòm youn konplis oubyen youn fabrikè fo mamit pa janm rive demanti ou pwoteste kont zak malonnèt ke yo repwoche li nan administrasyon li. Youn lajan konsa ki depanse gen anpil konplisite e non pa youn sèl moun. Menm si madanm-nan tap è bòs li pou li pa denonse li pou youn rezon ke li menm sèl konnen te kapab defann li youn fason pou retire soupson sa sou li. Gade yo konsidere li kòm vòlè lajan pèp la. Nou rete kwè ke madanm-nan ap travay sou koze sa-a  pou li bay repons li kòm sa dwa. Nan younn nan fanm vanyan ke nou genyen e ki f è valè li, nou pa kwè ke l’ap rete tèt bese pou li vale grenn amè sa-a.

Madan Michèl Pyè-Lwi kòm tout moun ka konnen pa youn pitimi san gadò ke moun kapab ranse avèk li. Li gen pou li demontre ke aksyon 18 senatè kwoupyon yo pa kenbe. Antouka, “tout moun ki gen chans pou viv va tande e va wè.»                                                                                                                                                                        

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites