PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Nou pran nan pwòp pyèj nou

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 2
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Bagay yo makawon nan peyi a menm si nou wè pa gen youn mouvman ekstraòdinè ki pran chè.  Toupatou nou pase se youn swichi, awichi ki pa janm sispann pou jan peyi a tounen youn savann pou pwòp pitit li, youn paradi pou etranje avèk youn ti elit ki jwenn tout atou pou yo pran plezi yo e menm banbile yo san gade dèyè.

Dimanch swa, nou te rive nan youn katye popilè kote nou te rankontre 2 jèn sitwayen ki t’ap opine sou pwoblèm peyi nou. Men avan nou fè’w viv deba sa-a, n’ap pwofite okazyon an pou nou ekskize nou pou ti absans nou ki pa’t depann de nou men de volonte travay ki te gen pou fè pou nou rive sèvi’w pi byen. Nou gen youn obligasyon pou nou travay pou ou nan chèche enfòmasyon. Kòm nou toujou di’w, nou pa fè enfòmasyon, n’ale chèche’l pou nou kapab pote’l pou ou. Nou kwè ou konprann nou e dakò tou.

Klodi : Nou pran nan twa wa Jasmen.

Jasmen : Klodi, ou panse nou pran nan 3 wa, mwen menm Jasmen pa fouti rive konprann nan ki malpwòpte mesyedam yo lage nou.

Klodi : Enben, Jasmen se 3 wa sa yo ki tounen youn malpwòpte nan figi nou. Ou pa wè nan ki tenten lagòch san wont, san santiman-an lage nou. Mesye yo te konn ap pale kritike ladwat jan yo pi pito, poutan yo menm pa’t gen anyen serye nan men yo kòm gid pou yo pa rive nan tenten nou ye la jodi a.

Jasmen : Gouvènman Divalye-a pa’t bon vre men sou li peyi a pa’t nan dekonfiti sa li ye jodi a. Youn pakèt enkonpetan pran pouvwa-a depi 20 tan. Jis jounen jodi a pa gen anyen serye ke mesye-dam yo rive akonpli.

Klodi : Ou pa manti.  An nou bliye mouche ti pè-a paske’l lòt bò dlo ap jwi lajan pèp-la ke li vòlè. Nou ann afè avèk misye ti bab ki pap regle anyen serye.

Jasmen : Ou di ti bab, ki moun ki rele ti bab nan peyi a?

Klodi : Jasmen, mwen konprann ou te serye.

Jasmen : Pouki rezon ou di sa?

Klodi : Ou sanble youn moun k’ap pase lòt nan betiz.

Jasmen : Non monchè! Okontrè frè mwen, se bezwen mwen bezwen konnen, aprann de youn lòt ki fè’m poze kesyon. Lè’w pa konnen, ou dwe mande e menm poze kesyon.

Klodi : Mochè Jasmen, se nèg k’ap dirije peyi a.

Jasmen : Monchè, mwen te trè lwen paske peyi Ayiti pa gen dirijan. Se youn pakèt bann avèg san jesyon e san plan.

Klodi : Bon Jasmen, ki sa’w vle? Ou te gen Jan Klod Divalye, ou voye’l ale. Ou mennen youn pakèt moun ke nou te kwè ladan yo kip a remèt anyen.

Jasmen : Klodi, koute frè mwen. Gouvènman monte, gouvènman desann. Mwen kwè nou bezwen youn gouvènman diktatoryal pwogresif ki kapab pèmèt peyi a pran wout devlopman. Nou pa di diktatè pou kraze-brize men pou avanse.

Klodi : Ou fè tout. Men pa bliye ke nou tout koupab nan rete gade. Mwen di rete gade paske nou pa fòse gouvènman yo fè bèl bagay. Se sa mwen te toujou swete pou peyi a depi aprè 7 fevriye 1986.

Jasmen : Malerezman, nou kite youn pakèt aganman pran  pouvwa-a pou yo fè sa yo pi pito.

Klodi : Mwen dakò avèk ou. Ou sonje nan premye tèm ti bab, li te mande pou nou naje, pou nou sòti. Jiskaske li fini, li pa janm regle anyen e li pa’t janm fè efò pou’l te ede’l nou sòti nan dlo-a. Nan eleksyon 2006-la, nou pa’t pran san nou pou nou te chwazi. Nou te kontante nou retounen nan menm vomisman chen-an.  Mwen kwè se pwofesè Maniga ki te gen rezon.

Jasmen : Ou pa manti. Ti bab pa’t prepare e li menm te fè konnen  ke li pa fouti fè maji pou ede peyi a.  Nou te kouri ale nan otèl Montana pou nou ryen. Jodi a na konprann byen ke youn kandida ki pa chita pou bay plan li detaye pa fouti regle anyen pou peyi a.

Klodi : Ti bab ba tout moun kout ba. Li pa gen anyen serye l’ap regle. Nan eleksyon 19 avril ak 21 jwen 2009 li te fè youn kout teyat. Li mete kounnye-a baz li pou li mete ranplasan li. Si nou pa òganize nou pou nou reprann peyi a nan menm moun sa yo.

Jasmen : N’ap pèdi twòp tann. Nou te dwe mete koukouwouy dèyè ekip sa-a kip a regle anyen ditou. Ti bab ap regle chita li. Pa bliye li te di li la pou 50 tan. Konstitisyon sa k’ap chanje-a se youn gwo pwoblèm pou nou. Si nou kite nou pran nan jwèt tout vis sa-a, nou chire. Ti bab apiye’l sou MINISTA pou li pran daso. Si mesyedam y opa met tèt yo ansanm pou yo fòme youn sosyete vanyan, ti bab  ap pase pouvwa-a ba youn disip li. Se youn pakèt moun san konsyans k’ap dirije peyi-a. Yo san pitye, bann move moun sa yo ki pa vle regle anyen pou peyi.

Klodi : Si se nan pale nou rete sèlman san aksyon, nou mèt kwè nou pèdi peyi sa-a. Peyi nou rive nan youn sitiyasyon kritik kote nou pèdi tout prestij nou. Nou bezwen youn gouvènman revolisyonè pou mete bagay yo nan plas yo.    

Dom Laj   

6 septanm 2009

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites