An verite frè’m ak sè’m, nou pa fouti fete drapo nou ke dirijan nou remèt Kominote Entènasyonal-la pou yo sa fòtin yo. Mesye-dam yo ki pran destinite peyi a pa gen konviksyon. Yo fè nou pèdi diyite nou pou vin nan eta sa nan plen 20 yèm syèk sila.
18 me 1803 nan Akayè, zansèt nou yo te pran responsabilite yo pou te ban nou youn drapo pou nou te sa lib. Yo pat rete ap betize ni ap gade sou lòt nasyon, yo te fè tout sa yo konnen pou yo te vin lib 6 mwa aprè sètadi 18 novanm 1803. Drapo sa nou genyen jodi a reprezante diyite nou men dirijan nou yo ki gen m ayèt-la pa konprann reyalite-a.
Jodi a nou santi nou wont etan sitwayen peyi Ayiti pou nou wè se nan nivo sa nou tonbe. Si nou fè lojik sitiyasyon peyi nou, se reyèlman youn wont pou nou devan mond-nan. Depi 207 lane drapo nou ap flote men se konsa li pran anpil sabò par neglijans dirijan san vègòy nou yo ki okipe pozisyon premyè klas-la. An 1915, meriken desann drapo nou pou li rete panadan 19 van e retire kò yo an 1934. Yo ale e yo retounen an 1994 pou rete jis jounen jodi a sou zòd MINISTA.
Kouman nou menm Ayisyen santi nou jodi a ?
Ayisyen konsyan e konsène pa fouti kontan jodi a pou wè eta peyi a. Nou pa janm gen dirijan serye ki pran responasilite yo pou sèvi peyi a kote yo te jwenn tout bagay gatis ti cheri jiskaske yo jwenn youn plas politik pou yo vòlè. Mounn ki okipe pozisyon kòm dirrijan bliye tout obligasyon moral yo e yo menm rantre nan tiwa oubliyèt ti liv po wouj-la koi rele Enstriksyon Sivik e Moral ki te youn bon zouti pou sosyete a. Mesye yo fè nou anpil mal e se sa ki mete peyi a ajenou. Nou retounen dèyè paske nou pa’t janm fè tout sa ki bon pou sove nasyon-an. Youn ti gwoup nèg avili nou. Youn ti gwoup nèg fè youn pakèt malpwòpte ki reflekte sou nou e ki fè nou pèdi tout diyite moral nou. Pa gen mwayen pou nou fete drapo nou paske nou gen youn prezidan kè pòpòz k’ap regle zafè li nan pase nou nan betiz.
Ayisyen, nou dwe chanje mantalite nou pou aprann chwazi mounn ki kapab pran destine peyi a nan men li. Prezidan Rene Garcia Preval avèk tout respè mwen gen pou li etan prezidan peyi’m fè lawont sosyete –a. Sa’m di-a pa nouvo ni sekrè pou pèsonn. Tankou ansyen Prezidan frè marasa’l te di youn konfrè nou ke : « Rene Garcia Preval se youn nil nan tout sans mo-a. »
Mèkredi 13 janvye 2010 aprè tranblemann tè-a, prezidan nou avèk tout ekip li a pwouve ke yo se youn bann nil kip a gen plas li kòm dirijan. Na sonje ke men premye diyitè peyi a te di nan lakou Nouyòk anndan youn legliz ke yo pran pouvwa-a pou lontan daprè enfòmasyon nou te rive jwenn. Si nou rete ap betize, nan pale anpil, tren Rene Preval-la ap pase kite nou e l’ap twò ta pou nou. Se pou nou degaje nou pou nou deraye tren lanmò, san diyite sa-a pou peyi nou reprann valè li. Gouvènman sa te dwe reye nan kaye istwa peyi nou si nou te òganize nou. Mwen pa kwè se Kominote Entènasyonal-la k’ap vin fè pou nou. Si nou pa mete gason ak fanm sou nou, n’ap pèdi ni sak ni krab. Peyi Ayiti gen youn richès ladann ke etranje yo vle jwi piske nou pa konn enpòtans peyi nou. Sa fè tristès nan kè tout konpatriyòt devwe lè yo konstate ke se nan kondisyon sa-a ke dirijan nou yo mennen peyi a.
Nou dwe òganize nou pou kontrekare tout kou
Nou tout Ayisyen ki gen sans responsabilite pran konsyans pou nou pa kite peyi nou peri. Ayiti renmen nou e nou pa’t dwe kite li ap soufri. An nou fè youn rasanbleman pou nou rebati lakay nan jasn nou vle pou pèsonn pa vin fè nou leson. Prezidan Preval dwe demisyone si li gen ògèy avèk tout ekip li-a kip a regle anyen pou peyi-a. Tribinal popilè gen pou li louvri pòt li to ou ta.
Dom Laj
16 me 2010



Comments (0)