Nou pa konnen kid itou lè gouvènman-an te fè yon resansman pou li vini avèk rapò sila. Nou pa janm fòje nouvèl, nou toujou vini avèk prèv alapwi pou nou pwouve tout sa nou di.
Nou te rive nan kapital-la nan semen-nan. Sa nou wè se men nan macwè avèk yon dekourajman. Bagay yo grav e pèp-la pa fouti ap viv konsa, nan kondisyon pi mal avan 1804. Anpil moun anba tant yo fè konnen yo mele e yo mande pou lidè opozisyon-an di youn bagay nan kondisyon y’ap viv-la e pou mete lòd nan dezòd. Nou pa nan pozisyon pou nou opine paske se te ve sa nou te fè pou kite lòt yo pale pou denonse, repare e fè konnen san gade dèyè tout sa ki reyèlman fè yo mal.
Gen yon ti dife ki limen yon ti jan tou piti nan kapital-la ki gen pou pwopaje nan tout peyi a pou pèp-la sa regle zafè’l. Nou pa konnen ki jou dife-a ap pran yon ekstansyon ke bann sapè-ponpye yo sou plas-la pap fouti etenn li rapidman toutotan move je y opa vole gagè. Nou konnen gen yon twoup ki gen plis ke 16 zan nan peyi a aprè Aristid te mande ansyen Prezidan Bil Klentonn te voye 23 mil sòlda nan peyi a ki ranplase kounnye a par MINISTA ke prezidan Preval asepte rete nan peyi a toujou. Nou pap pale e nou pap di yon mo. N’ap kite anpil nan pitit peyi a di sa yo gen pou fè nou konnen.
Lwijan Boje : Anverite, fòk chanjman nan peyi a fèt kout-ke-kout. Zòrèy dirijan yo pa sipoze pi long ke tèt yo. Nou déjà deyò, nou reziye nou gaye nan tout lari-a pou nou tout fè dirijan yo konnen pèp Ayisyen bouke avèk tentennad sa-a e n’ap fout rele aba tout apatrid k’ap vann peyi a.
Boje: Ou gen rezon ou Lwijan e Boje dakò avèk ou pou nou pran lari san kè sote pou fòse gouvènman-an regle sa li gen fè pou amelyore kondisyon vi nou oubyen jete’l nan rache manyòk li pou bay teren-an blanch.
Chalmay: Mesye nou byen pale. Mwen menm Chalmay pa wè lòt bagay se pou nou òganize nou avèk tèt repoze pou nou regle zafè nou e pou nou mete bann sanginè deyò nan direksyon zafè peyi a pou nou pran bagay yo nan men nou paske bann moun sa yo pa gen anyen serye y’ap regle. Nou pa gen tan pou nou pèdi. Nou bezwen moun konpetan, patriyòt konsekan e non pa patripòch kòm bann mèsenè yo kip a regle anyen.
Boje : Se vre mesye yo pap regle anyen serye. Yo pran pouvwa-a depi plis 20 tan e dirijan pèpè yo pa regle anyen. Nou dwe pran bagay yo an konsekans kòm sitwayen konsène. Nou dwe fè tankou mèt Jan Jak pou nou lage de gidon nan degong yo.
Lwijan : Nou dakò avèk ou. Nou pa’t janm gen dirijan men yon pakèt parazit, ti sousou, restavèk e anti pèp. Nou gen yon ekzanp devan nou. Prezidan Preval pami tout moun ki nan lis-la. Jodi a mwen kwè nou dwe efase tablo-a e ekri lòt bagay pou nou itilize pou chanjman-an kapab dire lontan.
Opozisyon ayisyèn-nan dwe pran yon lòt direksyon pou fè kesyon yo
Chalmay : Kote opozisyon ayisyèn-nan?
Lwijan : Li anba pay.
Boje : Pa gen kesyon anbay pay. Mesye-dam yo dwe òganize yo pou reponn apèl pèp-la pou ankadreman li bezwenn-an.
Chalmay : Nou gen yon pwoblèm ekstraòdinè avèk opozisyon-an ki anpil nan chèf yo pran djòb nan gouvènman-an pou fèmen bouch e pou anyen serye pa janm regle. Nou an danje seryezman e nou dwe degaje nou rapidman pou nou pare tout kou e avanse pou nou kapab jwenn yon solisyon pou sove peyi a.
Lwijan : Ou di youn bagay ki gen yon enpòtans kapital. Bouch opozisyon-an mare e ti gwoup ki nòmalman pa patisipe nan lòbèy oubyen voksal sa-a pa fouti rive fè yon gwo bagay pou chavire kannari-a.
Boje: Mezanmi, moman-an rive pou nou pran konsyans, yon fason pou nou retire peyi a nan malpwòpte li ye-a. Mwen dakò avèk nou opozisyon divize e n’ap toujou rete nan divizyon si mesye-dam yo ki nan pozisyon pou kontwole medyokrite yo pa pran konsyans e chanje mantalite ti sousou e woule 2 bò pou ede Ayiti sòti nan bouyi vide sa-a..
Chalmay : Si yo pa’t pran djòb nan men gouvènman-an, mwen kwè prezidan Preval pa t’ap ranse avèk yo konsa. Nan yon entèvyou ke prezidan-an bay Radyo Ayiti Entènasyonal nan Noujèze, li fè konnen daprè li ke opozisyon-an pa gen m oun konsekan e li pa fonksyonab paske li te chita lakay li nan Mamlad, li bat tout moun. Nou ka konprann sa. Jounalis-la pa jantiyès pa rive kore Prezidan-an pou li te mande li konbyen vwa li te fè e pou ki rezon Kominote Entènasyonal te mete bouch nan bagay sa.
Lwijan : Gen yon zanmi ki voye entèvyou ba mwen. Prezidan eskive yon pakèt kesyon e fè konprann ke l’ap kite pouvwa-a 7 fev riye san manke, san ogmante yon minit nan sikonstans sa-a. Nou menm, k’ap swiv evènman sa-a avèk anpil atansyon, mande pou pèp-la pran nòt paske jounen 8 fevriye 2011-nan, si Preval pa rale kò’l lwa lenglensou-an ap monte pèp-la. Se pral yon dezyèm: Grenadye nan batay, sa ki mouri zafè ya yo. Nan pwenn konpasyon ak demagaji sa ki doubout ap elimine.» Nou pa voye komisyon ba Prezidan Preval ki déjà gen pwoblèm avèk pèp-la k’ap tann mwens akasan pou li mete siwo.
Boje : Ou pa bay manti. Mesye ki sou pouvwa-a pa’t sipoze la ap gouvène paske yo pèdi tout kredibilite ak prestij pou yo dirije yon nasyon. Se yon paket bann ensanse kip a gen volonte pou fè ak wè bèl bagay. Yo te dwe demisyone en blòk.
Chalmay : Nou mande pou lidè yo pran men yo e fè tout sa ki posib pou retire pèp-la nan soufrans ak tribilasyon li ye-a. Nou mande pou yo serye e pou yo òganize yo pou y opa pase pami lafoul. Nou gen pwoblèm avèk Preval kip a remèt anyen.
Avèk Preval sou pouvwa-a se pral yon katastwòf pwolonje
Boje : Se malere pou nou asiste yon pèsonaj k’ap dirije san direksyon e san presizyon. N ou mele avèk Preval e nou di sa san rezèv. Preval se yon lòt kansè pou peyi ki plonje nan koripsyon. M’sye gen mwayen pou li di ke FMI avèk tout lòt enstitisyon yo nan tete lang avèk li. Si li te nan korisyon tankou anpil mou nap di, enstitisyon sa ki gen monopòl lajan nan men y opa t’ap fè biznis avèk li. Pa janm gen koripsyon nan gouvènman li-a pask
e tout premye minis yo pati depi Smak Michèl pou pase par Jack Aleksi, pou kontinye avèk Michèl Pyè Lwi pou rive sou Bèlriv pa janm gen sa ki rele koripsyon e yo tout fè travay yo san pwoblèm e san vis.
Lwijan : Nou kapab kobprann ke se prezidan-an ki gen dwèt long si li pen mèt li avanse yon agiman konsa. Prezidan-an bliye si madan Pyè Lwi te gen yon pwoblèm avèk 197 milyon ki depanse tankou yon kout zèklè. Prezidan-an asosye avèk bann palmantè dwèt long siperyè pou voye madanm-nan ale san li pa janm fè limyè sou koze-a.
Boje : Ou ale dwat nan plè ki fòse prezidan-an pa gen mo pou li di. Nou kwè si prezidan-an te sensè e menm onèt, li te dwe bay rapò detaye sou zafè 193 milyon-an kote misye di li depanse 17 milyon dola. Kote rès kòb-la, 176 milyon ki rete-a. Opozisyon rete ap gade e ap tande charabya san y opa motive pèp-la pou fè prezidan bay verite ou pran lelaj tankou pèp nan peyi Azi-a fè yon prezidan pran lafwit. Mwen menm Boje pa fin kwè prezidan sa ap fin fè tèm li poutèt li twonpe pèp-la. Pèp-la nan lari, li dwe kontinye ap manifeste pou prezidan-an konfòme oubyen jete’l. Pa dwe gen tolerans. Apre tranbleman tè-a ki kont gouvènman sa akoz move jerans li, nou dwe pase avèk zewo tolerans pou nou rive ranje zafè nou. Gen yon koplo entènasyonal avèk Preval pou gade nou nan esklavaj okipasyon-an kmi déjà gen plis ke 16 zan.
Chalmay : Ou pa manti, Boje!
Boje : Nou pa la pou bay pèp-la manti tankou bann konze ki pran pouvwa-a kòm eritaj fanmi yo.
Preval gen yon èn pou lame-a e misye santi li pi alèz avèk sòlda etranje yo. Sa se yon vyolasyon Konstitisyon 1987-la ke li te vle chanje non pa amande. Preval gen pou li jije kòm trèt paske nan sen nou pa sipoze gen trèt.
Lwijan : Nou gen yon gouvènman parachit e parazit tou. Nan paj 3 ki gen sou tit, Rete tann kominote en t`enasyona-la, rapò Plan aksyon pou devlòpman peyi a, mesye yo tèlman ava pou gen lajan kominote entènasyonal-la, yo fè konnen: «Ayiti mande patnè entènasyonal yo pou yo pran angajman nan long tèm pou refondasyon peyi a ki gen pou fèt-la. Malgre y’ap akonpaye li men se Ayisyen k’ap kontwole tout aktivite yo. Fòk yo fè vit pou yo kapab reponn prese-prese asistans y’ap bay-la.» Nou toujou bay presizyon e nou konstate mache-prese-a ki gen-la pou mesye yo, ava, pa rate okazyon ann ò-a.
Boje: Yo pa menm chita pou reflechi ki sa peyi a ofri pou rekonstriksyon li men yo repose yo sèlman sou kominote entènasyonal-la kit e sere byen zansèt nou yo pou bann medyòk yo.
Lwijan: Tèlman mesye yo mantè, yo fè blan yo konnen ke se tout sosyete-a ki jwe patisyon yon an mizik rekonstriksyon pou devlòpman peyi a. Yo fè konnen yo fè yon pèt de 7.9 billyon dola ki gen ladann 5.5 billyon pou sektè prive-a e 2.4 swa 30 pou san pou leta. Yo fè konnen yo pral ogmante efektif polis-la san yo pa sousye pale de refòm lame-a ke Konstitisyon 1987-la egjije nòmalman. Ogmantasyon sa pral penmèt sòlda MINISTA yo travay mwens. Yo fè yon meli-melo pou jistis avèk lapolis e yo panse pou 12 mwa sèlman y’ap bezwen 140 milyon dola pou pwojè sa-a. Nou kapab konstate ke nou sou depandans avèk bann enkonpetant yo.
Boje : Nou an pàn konpetans depi depi 1980 paske tout noyau ki te rete yo pran wout pou lòt bò dlo. Menm ministè nou yo pa pwodwi anyen. Se nan sans sa ke tranblemann tè-a detwi prèske tout.
Kote tout entèlektyèl nou yo?
Chalmay : Yo la! Mwen kwè yo nan dòmi paske yo pran nan kout poud ki soule yo. Gen yon dekadans ki jistifye absans yo e se sa kif è tout prezidan ki monte pase yo nan betiz paske y opa aksantye sou zafè peyi a. Yo kite mou nap ranse avèk yo paske yo bliye si yo gen yon responsabilite pou veye an wo, an ba, sou kote, devan ak dèyè pou mete tout ensolan sou pinga yon an zafè peyi a.
Lwijan : Kòm li k`omanse fè nwa e mesye nou yo renmen blakawout. Nou pap kite yo fè ladènyè sou nou. Na kontinye travay angajman nou-an pou mete tout malvyan sou pinga yo.
Jan Bèbè
12 avril 2010



Comments (0)