PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Men sa kòlèg nou te pote tou

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 4
MauvaisTrès bien 

Nou toujou pran plezi pou nou vin avèk atik konfrè nou pote paske yo enteresan. Nou kwè se nan lespri inite sa, nou gen pou nou pèmèt Ayiti retounen peyi paradi pou pitit li. Nou envite’w li ti atik sa-a.

                                                                                                       Dom Laj

Kite’m bay opinyon mwen sou sa’m konnen de peyi’m

Port-au-Prince, Haïti — Nan peyi Ayiti, jèn yo reziye yo pou yo pran lari pou yo sa wè omwen si bagay yo sa chanje nan peyi sa ki okipe e ki pa gen dirijan. Youn pakèt « rat do kale » tankou di anpil moun ki desi pran peyi a ann otaj pou yo fè fòtin yo e non pa pou mete’l nan wout devlopman-an. Moun sa yo dwe pran retrèt yo pou pèmèt jèn yo pran larelèv pou kapab gen youn amelyoration. Tan ap pase, peyi a ap degringole tandiske gen mwayen pou nou ta fè pwogrè. Nou pa vle rete ap twòp pou elabore paske gen youn jèn trè vanyan ki kontakte nou pou voye youn mesaj pou tout ayisyen konsekan. Antonyo se youn jèn ki pwomèt e ki gen youn anbisyon pou travay avèk tout volonte pou refè lakay. Se pa youn entèvyou nou te ba li. Nou te kite’l pou kont li pou’l te pale, youn fason pou li te di tout sa li gen nan tèt li pou separe avèk ou e nou-menm tou.

 

Lage’m pou’m di sa’m panse

Antonyo : Jodi a vandredi 21 dawou 2009, mwen vle adrese’m avèk tout Ayisyen konsekan ki gen youn nasyonalis avèk youn patriyotism zele ke pèsonn pa fouti ebranle. Avan ke mwen ale pi lwen nan pwen ke’m vle fè yo, mwen ta renmen fè youn ti koudèy sou sitiyasyon politik peyi a. Mwen pa youn istoryen men youn senp sitwayen ki pran responsabilite’l pou fè tout sa ki bon pou retire peyi a nan twou li ye-a.

   Fè youn ti tounen dèyè toujou bon kòm referans. Nou tout konnen ke anndan peyi a te gen youn pakèt endyen ke Kristòf Kolon an konplisite avèk youn pakèt panyòl plis Nikola Ovando te rive elimine. Peyi a te rele Ayiti Boyo Kiskeya ki te vin rele Il Ispanyola sou direksyon panyòl. Youn pè ki te rele Las Casas te reyalize youn kou pou pote youn pakèt Afriken ke yo te achte pou vin monte youn mouvman esklav nan peyi a kote moun sa yo pase youn mizè ekstraòdinè. Esklav sa yo te pase kont mizè yo. Sa ke kolon te fè avèk nègès yo te gen youn ti privilèj e yo te rele yo afranchi e non pa blan. Chèf esklav yo te fè sa yo pi pito e yo te menm rive kouvri nègès lè yo te vle pou yo te rive ansent. Se te youn gwo dilèm pou medam sa yo. Malgre tout bagay yo te reziye yo soufri paske yo pa’t gen chwa. Men yo pa’t jan bliye ke : «se pa chak jou sò Magrit pote siwo.» Yo te òganize yo pou yo te sa rive aprè 300 lane pran endepandans yo. Pa bliye ke Afriken yo te kòmanse nan peyi a an 1503. Kidonk, se 18 movanm 1803, apre ke Tousen Louvèti te fè chemen-an, Desalin, Kristò, Petyon, Lamò avèk lòt yo te rive kraze jeneral fransè-a ki te rele Rochanbo avèk twoup li-a. Depi dat sa esklav yo pran libète yo avèk pwop ponyèd e ki sèvi tout nèg ak tout nègès nan monn-nan jwen libète yo. Yo te chwazi jou premye janvye 1804-la pou fete aprè yo te fin fè tout preparasyon ki te nesesè. Se nan sikonstan sa nou vin gen youn pakèt chèf nan peyi a depi 1804 jiska 2009.

   Desalin te nome gouvènè avi pandan 9 mwa e anprè Jak premye oubyen anprè avi pandan 2 zan de 17 oktòb 1804 jis nan 1806 kote yo te asasine li 17 oktòb 1806 nan pon wouj daprè sa yo te rapòte. Mwen kwè se youn kout kouto nan do ki tounen youn sikatri nan peyi a pou nou vin okipe ankò nan youn fason modèn. Anyen pa janm fè pou rezoud pwoblèm peyi a. M’ap retounen avèk sa avan mwen fin fè pwen mwen-an.

   Jan Jak Desalin tonbe, Aleksann Petyon ranplase li an 9 mas 1807 e li pase 11 zan ap gouvène. Li mouri sou pouvwa-a 29 mas 1818. Tandiske Anri Kristòf te kòmande Nò depi lane 17 oktòb1806 jis nan lane kòm prezidan avi pandan 4 tran. Sa pat sifi pou li, m’sye te nonmen tèt li wa avi pandan 9 van jiska 8 oktòb 1820, moman ke m’sye te touye tèt li san pèsonn pa janm rive konnen ojis rezon ki te lakoz li fè zak malonnèt sa-a avèk tèt li.

   Kan Petyon te tonbe, peyi a te bezwen youn moun pou gouvène li, se konsa Jan-Pyè Bwaye te pran tèt peyi a 30 mas 1818 pou li te ateri ann ekzil 13 mas 1845. Nan epòk sa Bwaye te okipe tout il-la Ayiti avèk Sen Domeng. Pou Sen Domeng, Bwaye te okipe li pandan 21 nan. Misye te youn bon kreten nan jerans tankou anpil nèg pyèt ki pase nan pouvwa e ki jiska prezan montre ke yo se demagòg e yo pa gen anyen nan kalbas tèt yo pou dirije. Nou bezwen youn chanjman sètadi moun nèf ki gen konpetans e ki wè trè klè pou devlopman peyi a.

   Rivyè Era pran tèt peyi a 31 desanm 1843 kote li te sibi menm sò ak Bwaye. Yo ekzile li 3 me 1844, sètadi li pase 4 mwa nan peyi a.  

   Filip Gèrye vin gouvène touswit 3 me 1843 jiska 15 avril 1845 paske misye mouri sou pouvwa-a pandan li te gen en nan.

   Gouvènman ann Ayiti se tankou chanje rad sou ou. Lwi Pyewo monte lan demen 16 avril 1845 pou’l te pase sèlman en nan paske yo te mete’l atè tou dousman premye mas 1846.

   Jan Batis Riche (je pete) te monte te monte menm jou a premye mas 1846 kòm prezidan avi. Malerezman li te mouri en nan aprè sètadi 27 fevriye 1847.

   Fosten Soulouk te pran tèt peyi a premye mas 1847 e li te pase sèlman 2 zan kòm prezidan e anprè avi ou Fosten premye pou 10 zan, kote yo te ekzile m’sye 15 janvye 1859.

   Fab Nikola Jefra, pa’t youn nonm ki te renmen resite fab, li te monte 20 janvye 1859 kote li te pase 8 tan ap gouvène. Yo te egzile li 13 mas 1867.

   Silven Salnav te monte 14 jwen 1867 pou 4 tran. Li te pase sèlman 2 zan sou pouvwa paske yo te fizye li 19 desanm 1869.

   Nisaj Sajè te monte 19 mas 1870 pou 4 tran. Li te fin fè manda li paske li te kite 12 me 1874. Bravo!

   Aprè onzyèm prezidan-an bagay yo te kòmanse chanje paske Sajè te fin fè tèm li. Malerezman, chanjman sa pa’t dire. Michèl Domeng te monte 11 jwen 1874 pou 8 tan. Li te pase 2 zan sèman paske yo te ekzile li 15 avril 1876.

   Bwawon Kanal te pran pouvwa a 17 jiyè 1876. Li te remèt chèz la ki te twò cho pou li 17 jiyè 1879, jou pou jou, sètadi nan 3 zan.

   Lisiyis Salomon te ranplase Kanal kòm prezidan pou youn peryòd 7 tan 23 oktòb 1979. Li te fè magouy pou li te pase youn lòt 2 zan tankou prezidan kounnye a vle fè pou renouvle manda li.  Yo kite li kontinye. Nan 2 zan aprè dezyèm tèm li-an, yo pimpe li lòt bò dlo e li te kite peyi a 10 dawou 1888. Mwen kwè se menm sò sa ke tout enkredil ap sibi. Depi ou se youn koken, aloufa, Tilolit e gwo lide, sa’w pran se pa’w. Pèp la andòmi e mwen kwè y’ap leve toutalè pou lave je yo.

   Franswa Deni Lejitim ranplase Salomon 16 desanm 1888 e li tonbe 8 mwa e yo ekzile li 22 dawou 1889.

   Flòvil Ipolit monte 9 oktòb 1889 e li te mouri sibit sou pouvwa-a 24 mas 1896.

   Tiresyas Antwàn Simon Sam te ranplase Ipolit 31 mas 1896 pou 7 tan. Li te oblije chaj-la ki te vin twò lou pou li youn ane avan finisman tèm li 12 me 1902.

   Nò Aleksi te gen chans pou t’al chita sou fotèy boure-a 21 desanm 1902 pou li te ale ann ekzil 6 zan aprè 2 desanm 1908. Se Toton Nò ki te jwenn chans pou’l te fete 100 tan endepandans nou ki pa’t youn evènman sansyonèl akoz de twoublay nan peyi a.

   Antwàn Simon te ranplase Tonton Nò 17 desanm 1908 e li te pase sèlman 3 lane paske yo te ekzile li 2 dawou 1911. Ti istwa fè konnen li pa’t save men li te fè plis bagay pase anpil nèg ki rele tèt yo save. Sa Antwàn Simon te reyalize pa gen youn nèg nan tan modèn-nan ki reyalize’l. Nou gen youn pakèt enkonpetan ki pa fè anyen pou peyi-a. Nou kwè ke pèp-la ap pran konsyans e pran tèt li navan li fè youn chwa. Pèp-la pa konn chwazi depi li te refè chwa fevriye 2006-la ke kominote entènasyonal-la te kore. Ayiti pa janm gen chans pou li jwenn youn vrè lidè. Se toujou youn bann ledè pou imite defen Filip Wilson Dezi ki ta gen anpil bagay pou’l ta di nan moman sa-a. Enbyen, nou pa pral nan pale paske tout kouch sosyal-la pral pase alaksyon paske literati-a f-i-n-i, kaba.

Sensinatis Lekont te ranplase Simon14 dawou 1911 e li te kite sa 8 dawou 1912 paske yo te eksploze palè-a pandan li te ladan li. Ke anpil pawòl k’ap pale deyò-a e yo menm fè konparezon avèk 8 dawou 1912. Ayisyen pa jan bliye e li dodo meya pou li ranje zafè li. Lè’w panse l’ap dòmi, se priye l’ap priye. E lè’w panse pa sou bò’w, se bon jan kontwòl l’ap ba’w.

Trankrèd Ogis te monte menm jou 8 dawou 1912-la. Li pase 9 mwa sou pouvwa paske’l te mouri 2 me 1913.

Michèl Orès ranplase Ogis 2 jou aprè swa 4 me 1913 e li pase 8 mwa ap gouvène paske yo te ekzile li 27 janvye 1914.

Orès Zamò te monte 8 fevriye 1914. Li te pase tou 8 mwa e yo te ekzile li 29 oktòb 1914. 

Devilma Teyodò li-menm te vin tou cho, tou bouke pou’l te ranplase Zamò 7 novanm 1914. Van tanpèt-la te sekwe gran moun ki te pran ekzil 22 fevriye 1915.

Vilbren Giyòm Sam pa’t reflechi, li te presipite pou’l te ranplase Teyodò 4 mas 1915 pou’l te rive pèdi lavi’l 27 jiyè 1915 ki te eklate okipasyon meriken ki pral pase 19 lane nan peyi a (28 jiyè 1915 jiska 21 dawou 1934, lè yo te desann drapo meriken devan Kasèn Desalin pou yo te monte drapo Ayiti-a nan plas li. Okipasyon meriken-an te fini.) Ki donk te gen 26 prezidan ki te déjà pase de premye janvye a 27 jiyè 1915. Pèp Ayisyen déjà anba youn okipasyon modèn de 1994 a 2009 ki pral gen 15 zan 17 septanm 2009 sètadi jedi pwochen. Yo deside yo pou yo mete youn fren nan sa pou yo chase tout okipan e konplis.  

   Malgre te gen okipasyon te toujou gen prezidan sou labanyè meriken. Se konsa Sid Dartignav te monte 12 dawou 1915 pou li te fini 15 me 1922. Wosalvo Bobo  ki te kandida pèp-la te repouse par Asanble Nasyonal-la pou yo te chwazi Datignav. Meriken te pè karaktè cho Wosalvo Bobo-a.

   Lwi Bòno te ranplase Dartignav 15 me 1922 e li te kite 8 tan aprè, 15 me 1930.

   Ejèn Wa te fè youn ti kou tou 6 grenn mwa sèlman paske li te kòmanse 15 me-a 1922 pou li vole gagè 18 novanm 1930. 

   Stenyo Vensan te monte 18 novanm 1930 pou li te kite 15 me 1941. Ameriken yo te kontwole gouvènman yo nan tout peyi  kote te gen enterè yo. Se yo ki te vle deside sa ki pou fèt. Yo te fè Ayiti tounen youn peyi ki rete avèk li. Se pas an rezon ke menm ansyen Prezidan Bil Klintonn te di ke Ayiti se dèyè lakou peyi Etazini. Se youn rezon politik byen etabli baze sou koko-makak. Sou prezidan Franklen Delano Wouzvèlt, yo ta vire li nan youn politik bon vwazinaj. Lè marin meriken te antre nan peyi a, te gen dezòd tout bon. Yo te vin mete lòd. Lapè sa-a te koute peyi a trè chè malgre yo te fè tout kalite devlopman nan peyi a. Yo te fè wout, yo te mete gwo endistri, bati lopital e òganize anpil sèvis piblik e avili pitit peyi a tou.

Okipasyon meriken pran fen nan lane 1934

   Stenyo Vensan te pran mayèt-la 18 novanm 1930 e li te oblije ale Wachingtonn pou li te rankontre kòlèg li prezidan Franklen Delano Wouzvèlt ki te vle vire politik koko-makak-la nan youn politik bon vwazinaj. Mesye yo te pale kont yo e yo te rive dakò pou retire okipasyon-an.

   Prezidan Wouzvèlt te rann resipwosite-a e li te rantre ann Ayiti nan mwa 6 dawou 1934 pou’l te pale ankò avèk Prezidan Vensan kote yo te dakò pou twoup meriken kite peyi a nan 15 jou. 21 dawou drapo Ayisyen retounen flote jan li te konn flote avan-an.  Vensan te fè chanje Konstitisyon-an pou li te kapab pae 5 ane ankò sou fotèy boure-a. Li te revoke tout senatè yo ki pa’t dakò avèk lide sa-a. Lame a te apiye Vensan ki te pran mayèt la aprè 1936 pou 5 kan. Se istwa k’ap rekòmanse paske Prezidan aktyèl-la vle fè menm bagay nan youn lòt sans. Li mare konplo avèk KEP-la pou yo te boure anpil tafyatè nan palman-an pou fini avèk enstitisyon sa-a. Nou dwe vijilan pou nou pare tout kou.

   PrezidanVensan te konfwonte gwo difikilte paske prezidan Dominiken ki te rele Twouchilyo te bay lòd pou te kòmanse touye tout Ayisyen ki te Sen Domeng. 34 tran aprè li te jwenn monen pyès li paske yo te asasine li nan lane 1961. Kòm pwovèb peyi a di: «Sa’w fè, se li ou wè.»

   Nou te oblije fè youn ti koub pou nou retounen sou wout nou. Eli Lesko te monte 15 me 1941 jiska 11 janvye 1946. An 1946, youn grèv te deklennche nan sen etidyan yo nan Pòtoprens ki te youn gwoup jèn ki te gen youn jounal ki te rele «La RUCHE» Larich ki te fè ti dife boule anba-anba. Grèv sa te lakòz  Lesko bay demisyon li avan dat tèm li te fini.

   Nan sikonstans sa-a, Frank Lavo, Antwàn Levèlt ak Pòl Ejèn Maglwa ki te ranplase li. Jent sa-a te kòmanse 11 janvye 1946 pou 16 dawou 1946 ki te fè yo exakteman 8 mwa ak 5 jou.

   Prezidan Dimasè Estime monte 16 dawou 1946 pou li kite nan fòse 10 me 1950. Se te youn nèg ideyal ki te renmen peyi a e li te travay di pou li te fè peyi a te reprann prestij li. Sepandan li te vle kenbe pouvwa-a tou nan chanje Konstitisyon pou yo te plas li pou kèk ane ankò. Palman-an te refize kategorikman, pèp-la te pran lari e lame-a te mete bouch nan sa pou’l te oblije Estime kraze rak jou 10 me 1950. Siveye adwat, agoch, devan, dèyè, anlè ak anba pou Prezidan Preval pase nou nan betiz. Nou dwe ini nou pou pare kou e kawo Prezidan Rene Preval pou youn ekzanp trase nan peyi a.

   Aprè Estime, 3 mesye yo ki te fòme jent avan-an te retounen ankò. Frank Lavo, Antwàn Levèlt ak Pòl Ejèn Maglwa ki te monte 10 me 1950 pou 6 desanm 1950.

   Maglwa vin prezidan e li te prete sèman  6 desanm 1950. Li te youn prezidan trè popilè. Nan 1956, lè Maglwa te demontre li ta vle fè youn ti jan pou’l ta pwolonje manda li, dezòd te vin mete pye ankò. Prezidan Maglwa pat fè tèt di paske li te konnen nan ki angrenay li te pran, li te oblije bay demisyon li pou li te sa retounen nan tèt lame a. Li te kraze Lachanm. Ki donk li kite sa 6 desanm 1956. Atensyon Prezidan Preval, ou gen pou rankontre anpil difikilte si’w konprann w’ap repete istwa-a. Ou kapab remake  ke tout prezidan ki te popilè yo pa reyisi. Menm si MINISTA la, pèp-la ap pase alaksyon.

   Jij nan Lakou Siprèm-nan, Nemou Pyè-Lwi, te ranplase li 12 desanm 1956 pou 3 fevriye 1957.

   Tandiske Frank Silven  te ranplase jij-la 7 fevriye 1957 pou 2 avril 1957.

   Youn konsèy Deta te fòme de 13 manm  te ranplase Prezidan Silven 6 avril 1957 jiska 25 me 1957.

   Reprezantan woulo konpresè-a e idòl pèp ayisyen-an te ranplase konsèy-la 25 me 1957 pou 14 jwen 1957. Danyèl Fiyole te pase sèlman 3 semèn kòm prezidan jiskaske lame a te fòse li kraze rak sètadi pou ekzil.

   Youn Konsèy Militè Gouvènman ki te fòme de E. Zamò, Antonyo kebro, ak  Valvil te ranplase Danyèl Fiyole de 14 jwen 1957 pou 22 oktòb 1957.

   Franswa Divalye te monte kòm prezidan 22 septanm  1957 pou’l te vin avi jiskaske li mouri sou pouvwa-a 21 avril 1971.

   Kòm Prezidan Divalye te déjà prezante pitit li Jan Klod  kòm ranplasan li. Se konsa Jan Klod Divalye vin ranplase li 22 avril 1971 pou yo te kouri dèyè li 7 fevriye 1986.

   Youn Konsèy Nasyonal Gouvènman te monte e ki te konpoze de A. Sineyas, W. Regala, A. Nanfi, M. Valè ak G. Gwoug ranplase Jan Klod Divalye depi 7 fevriye 1986 pou rive 20 mas 1986.

   Youn chanjman te fèt nan Konsèy Nasyonal Gouvènman-an pou li te fòme avèk W. Regala, A. Nanfi ak Jacques A. Franswa. Yo te kòmanse 21 mas 1986 jis 13 avril 1987.

   Bagay yo pa’t ka kontinye avèk sivil yo ki te pè fè cho-a, youn chanjman te vin fèt ankò ki te konpoze de Wilyams Regala, Anri Nanfi ak Lik B. Franswa. Konsèy sa te pase plis ke en nan. Li te pran mayèt-la 16 avril 1987 pou 7 fevriye 1988.

   Lesli F. Maniga te ranplase twazyèm Konsèy-la pou’l te pase 4 mwa sou pou vwa-a swa 7 fevriye 1988 jiska 19 jwen 1988.

   Anri Nanfi  te retounen sou pouvwa-a 20 jwen 1988 jiska 17 septanm  1988 pou ranplase Maniga.

   Pwospè Avril te chaje Anri Nafi e li te pote li Sen Domeng pou’l te ranplase li 18 septanm 1988 pou 10 mas 1990.

   Kòm se jij de Lakou Kasasyon ki te dwe ranplase Prezidan Avril, Madam Èta P. Twouyo te monte 13 mas 1990 jis 7 fevriye 1991. Se premye fanm ki te rive sou pouvwa-a e ki te òganize eleksyon-an nan bon ti mamit.

   Jan Bètran Aristid te monte an flèch 7 fevriye 1991 ki kraze rak 30 septanm 1991 aprè ke lame-a te fè’l pran ekzil.

Prezidan Emanyèl Nèrèt ranplase Aristid 8 oktòb 1991 jiska 19 jwen 1992.

Malval epi Bazen te asepte djòb premye minis pou yo te sa regle zafè kouran depi 19 jwen 1992 pou rive 11 me 1994.

Emile Jonasen monte menm 11 me 1994 sa pou li te retire kò li 19 septanm 1994 swa 2 jou aprè envazyon ann Ayiti 22 mil sòlda meriken.

Jan Bètran Aristid te retounen 15 oktòb 1994 pou li te pase boul-la bay patnè li 7 fevriye 1996.

Rene Preval, kavalye polka Jan Bètran Aristid te pran pouvwa-a 7 fevriye 1996 pou li te retounen pas-la bay frè marasa li 7 fevriye 2001.

Jan Bètran retounen pran byen manman li ak papa li te kite pou li 7 fevriye 2001. Nan pale koze kredi e nan pa respekte mo li. Misye te gen twòp presyon e li te remèt demisyon li 27 fevriye 2004. Misye te fè konnen ke yo te kidnape li. Men li bliye ke Premye minis li te li lèt demisyon-an devan lemond antye.

Kèlke jou aprè Jera Latòti te nonme premye minis pou li te òganize eleksyon 7 fevriye 2006.

Preval te chwazi kòm prezidan par Kominote Entènasyonal-la ki te mande pou te konte vòt blan ki te entèdi nan pwosesis eleksyon sa-a. Prezidan Preval pa’t rive avèk 50 vwa plis youn. Jiska prezan nou pa janm rive konnen konbyen vwa li te fè.

Pèp Ayisyen nou dwe fè linyon pou nou leve kanpe an mas pou nou devye tout mannèv

Jèn yo  se fiti peyi a

Zansèt nou yo te di nou pou nou gen fòs fòk nou fè linyon. Nou pase plizyè jenerasyon ki te penyen lage paske yo te kite dirijan nou yo fè sa yo pa’t dwe fè nan peyi a. Nou kapab remake ke dirijan yo pa gen okenn respè pou ti jèn yo. Non, se pa serye pou kite tout tenten sa yo pase konsa nan peyi a. Yo vle pou nou rete analfabè pou yo woule dada yo jan yo vle.          

N’ap kontinye pwochènman

Jan Bèbè

13 septanm 2009

Kòm Jan Bèbè fè nou konnen ke li gen pou li kontinye avèk atik sila. Ou pa bezwen pè, n’ap pote’l ba’w semèn pwochèn nan menm lanmou-an. Mwen kwè ke’w aprann e ou retounen rafrechi memwa’w. Se youn travay ki merite apresyasyon paske tan ki pran pou fè’w jwenn tèsk sa pa youn ti bagay.

Dom Laj

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites