PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Kòman ou santi’w Prezidan Preval pou tout bagay lèd ou fè nan peyi a ? Resistans nèt ale pou jous li kite sa

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Port-au-Prince, Haïti — Sa fè lèd Prezidan Rene Preval pou jan ou konpòte’w  depi’w monte sou pouvwa-a jis jounen jodi a. Ou gen rezon ou pa vle wè Lame Dayiti ki t’ap fè’w sispann betize avèk pèp Ayisyen-an. Ou fè nou wont prezidan pou jan ou aji e an menm tan ou fè lagòch parèt lèd. Fidèl Kastwo ak Igo Chavès trete’w kòm vagabon, ayisyen san diyite pou jan ou konpòte’w. Etan youn Ayisyen konsekan e konsène, mwen dakò avèk anpil mounn ki deklare ke : « Prezidan Rene Garsya Preval te dwe nan prizon pou trèt ak dwèt long. Wi ou se prezidan nou tout men ou fè nou wont. Ou pa gen etòf youn òm deta paske ou pwouve ou se youn nil kip a fouti fè jefò pou redrese’l.

Pèp Ayisyen konnen ou se youn manyak men yo konnen kouman pou yo fè’w kite pouvwa si’w pa vle remèt demisyon ou.  Depi 13 janvye 2010, swa aprè tranblemann tè a, ou fè nou wont anpil daprè vye deklarasyon tèt chat ou te fè nan mikwo jounalis Andèsonn : « Mwen pèdi palè’m ak kay mwen tou. Mwen pa gen kay tou. »   Nou ta renmen konnen si palè nasyonal-la se byen manman ou ak pap ou. Kòm ou te deklare nan Nouyòk ke’w-la pou lontan menm avi. Nou kwè’w prediksyon ou-a pap rive lwen paske’w dwe rache manyòk ou bay palè-a pa twò lontan. Ou merite youn prizon pou konpòtman ou.

Nou pap rantre nan detay ou avèk frè marasa’w men kanta pou peyi Ayiti ke nou renmen anpil, n’ap rantre fon nan nannan ou pou jous sa kaba paske pozisyon ou pran kòm chèf peyi a pa gen sans ditou. Ou se sèl prezidan ki vrèman fè elòj lame etranjè-a e krisifye lame nou-an. Nan lakayè, ou pa menm ezite pou al pale konsa. Ou te merite fistije e li pa twòta pou woulo konpresè-a pase pran ou. Prezidan Preval ou se youn mechan, youn machan peyi. W’ap fè konprann ou se gwo n èg e pa gen pèsonn ki kapab touche’w. Pa bliye ke « dèyè mòn gen mòn. » Ou gen lè pa wè ke zafè’w nan ti godèt. Ou mèt fè sa’w vle, ou prale kanmenm paske ou fè pèp-la twòp abi. Se istwa-a k’ap repete. Wè pa wè ti mal, antèman ou pou katrè.

Ou pase nou nan betiz twòp e ou ale twò lwen. Se Prezidan Obama ki kite’w ap ranse avèk pèp-la konsa. Si’w konprann ou byen chita, ou nan erè paske se kwoke, ou kwoke nan youn branch bwa. Ou gen pou tonbe kanmenm. Tout dispozisyon déjà prepare pou ranplase’w. San ou prezidan tèt chat, n’ap viv paske’w pa konn  dirije. Ou se youn kreten, tèt mato. Si’w konprann ou pral fè youn seleksyon pou mete Jak Edwa Aleksi ou nenpòt lòt flatè, ti sousou, ou twonpe paske’w pap gentan fè magouy sa. Youn Jak Edwa ke yo remèt li bay paran li pou enkonpetans konprann ke pèp-la pral monte pou’l vin betize avèk mounn. Prezidan Prev al se lè w’ap konte e non pa jou w’ap konte. Ou déjà atè e ou tonb e fò sou do, 2 pye anlè. Si’w pèsiste, sa pap bon pou ou paske ti moun tèt di, al echwe devan  Bawon.

Pèp-la te pran twòp tan pou li te reveye nan dòmi paske sant tafya-a te toudi li. Piske van 12 janvye 2010-la pote tout sant tafya ale, li reveye pou bon e li pran men li pou li di sètase. An verite, Preval prale kanmenm ak tout akolit li yo. Pèp-la pa gen memwa kout, livle fè Prezidan Obama konprann :

Obama pa bliye

Preval se sosyalis

Liy ki trè di.

Vin pran li

Pou jete nan prizon.

Nou prepare pou ba’l leson

E nou pap pèdi tan.

Preval pa gen sousi

Mizè malere yo

Pa janm regade’l.

Zonbi pa kapab gouvène

Prezidan patatis-la

Bay pèp la koutba

Li pa’t jan gen youn plan.

Fòk Prenbval ale

Pou peyi a respire

Pèp Ayisyen souple :

« Mache ! Mache ! Mache

Pou pran dirijan doubout

San karaktè, ki renmen tout. »

Preval paka sou mounn

Ti mounn kou gran mounn

Nou dwe kontinye pran lari

Pou’n sispann soufri.

San pran souf, mache pran yo

Dirijan tankou prezidan nou-an pa gen nen nan figi’l e li pa gen n on pou ba li. Si nou ta rele diktatè, sze youn onè nou ta fè li. Aristid te gen rezon lè li te di ke frè marasa li-a se youn nil. M’sye te konnen byen sa’l t’ap di. Preval pwouve nan tout sans ke li se reyèlman youn nil. Jodi a nou pa nan kache lonbrit pou nou benyen paske se tout mounn ki kmonstate ke nou pa gen youn prezidan ak youn gouvèn man nan peyi a. Se medyokrite sou tout laliy.

Pèp-la ap soufri, se pa gade’l sa. L’ap byen mennen, depanse lajan peyi a pou li banboche avèk tout akolit li yo. Soufrans pèp-la pa ebranle li. M’sye jwen youn chan s konsa, li pa pwofite fè bèl bagay pou li kite non li nan zèv li yo. Premye 5 lane li-a se te gouvènman kann kale ki  pa regle anyen. Se paske nou pa pran peyi nou nan men  ke etranje oze yo mete Preval kòm prezidan youn dezyèm fwa. Nou penyen lage twòp e fòk sa fini sèk nan peyi a. Jodi a nan dezyèm manda li-a, pèp-la gen degoutans li e tout Ayisyen fè youn sèl  pou mande li retire kò li. Si li pa vle koute, l’ap fatal pou li paske Ayisyen aprè 12 janvye 2010-la pran konsyans e chanje mantalite pou mete lòd nan dezòd. Nou dwe rele chalbare nan dèyè Preval. Nou pa gen emosyon ki monte nou. Tèt nou byen poze avan nou pran pozisyon sa-a. Fòk Preval ale e n’ap kontinye mouvman jis sa kaba.

Dom Laj

22 me 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites