Chè lektè, nou pote pou ou dezyèm pati tèks kòlèg nou-an ki ase enteresan. Nou kwè ke’w aprann anpil de li e memwa’w vin rafrechi de tout sa’w te bliye. Li toujou bon pou moun li. Se de li ou aprann e ou enfòme tou. Nou swete youn bon lekti.
Dom Laj
Port-au-Prince, Haïti — N’ap kontinye avèk sijè-a nou te kòmanse semenn pase-a kote Antonyo te esye fè youn koudèy sou tout prezidan ki pase sou pouvwa-a. Anpil nan nou kapab konstate ke pouvwa nan peyi Ayiti se youn pèpetyèl rekòmansman. Malgre tou, prezidan ki pase yo pa janm pran ekzanp pou yo konpòte yo kòm sa dwa pou yo pa sibi menm sò avèk anpil nan yo.
Anpil obsèvatè fè konnen se paske pèp ayisyen toleran e li pa pran responsabilite’l pou fè prezidan sa yo pran men yo defason pou yo sèvi peyi-a jan yo dwe fè’l tankou lòt prezidan peyi etranje yo gen respè pou tout sitwayen nan peyi yo. Gen lòt yo ki kwè ke youn chanjman endispansab pou bagay yo sa ale nan sans reyèl. Nou pa vle rete twòp nan elabore, n’ap kite Antonyo kontinye fè pwen li.
Antonyo : Mezanmi, nou kapab konprann nan ki tribilasyon pèp-la ye akòz pa gen dirijan ki konsène. Yo bliye ke yo gen youn responsabilite pou yo fè devwa yo. Peyi nou pa gen chans paske tout mesye yo ki chita sou chèz boure-a swa yo se malveyan, enkapab, vòlè, san konsyans, piyajè e renmen tout. Nou pase tout klas nan moun sa yo e se toujou menm bagay. Pa gen youn efò ki fè pou chanje bagay yo. Yo reyèlman mechan moun sa yo pou jan yo konpòte yo.
Aktyèlman nou gen youn prezidan ke ti non kannik li se «Ti Najè». Li pase 7 tan sou pouvwa-a, li pa regle anyen. M’sye se chanpyon nan kriz paske se moman sa ki pi bon pou li pou li fè zafè li. Nou pa konprann anyen nan fason nèg yo gouvène. Yo pran pouvwa-a kòm si se byen prive yo pou yo fè sa yo pi pito. Nou pa konprann anyen nan yo. Prezidan Preval pa fè respè li paske li de pase bòn li.
Pinga yo manyen Konstitisyon 1987-la
Pa gen youn moun ki se gadyen kontitisyon-an paske li se pwopriyete tout Ayisyen. Prezidan Preval pa gen okenn dwa pou li chanje konstitisyon-an san akò nou. M’sye ale trè lwen. Si’l kontinye konsa, li san lè dekapote paske pèp-la pral kanpe ankwa pou enpoze li pase. Nou twouve se youn enpètinans anraje pou youn moun aji konsa san li pa adrese avèk pèp-la.
Pwofitè Moyiz pa gen plas li la
Se nan peyi Ayiti sèlman ke vye bagay sa yo kapab fèt paske afè respè-an pa gen sa menm. Yo konsidere nou tankou youn bann entatad, pedevi e menm enbesil tou paske se sa yo vle ba nou pou maske nou ke yo prezante. Ou konprann prezidan Preval ta vin devan nou pou eksplike nou nan ki sans li vle chanje atik ke li twouve youn akwoko pou nou. Li ta mande nou opinyon nou sou zafè sa-a avan li ta chwazi pwofèt Moyiz pou pote kòmandman-an. Pwofèt sa pa younn pou nou, men youn pwofitè tou kou. Pwofitè Moyiz ap fè magouy li nan piyay-la pou li kapab rive fè retrèt li an bote. Nou pa bezwen kòmandman pwofitè Moyiz-la ki se youn kondanasyon pou nou nan tout sans. Nou pap pran maskarad sa k’ap vin antrave nou aprè. Si Prezidan Preval komèt tenten li e li vle reparasyon pou’l sa chape poul li, se pa konsa pou li ta vini. Ou fè zak ou, se pou reziye’w konsekans li. Ou pi presizeman : «Lè’w nan dine koukou, fòk ou reziye’w manje kk chwal.» Kidonk, Prezidan Preval dwe «mache chemen li dwèt pou’l pa pile pye s’il te konnen.»
Ki wòl youn prezidan?
Se pa youn sekrè pou pèsonn ke youn prezidan dwe travay avèk pèp-la pou youn bon kolaborasyon. Li dwe konsidere’l tankou youn papa ki toujou prezan pou ede pitit li nan tout sikonstans. Li pa dwe youn bèbè men youn kolaboratè ki toujou an kominikasyon avèk alantou li. Ann Ayiti tout prezidan yo konpòte yo tankou youn gwo potanta ki pa pran priyè. Yo menm bliye ke se pèp-la ki te ba yo youn djòb pou yo fè. Si nou vle konprann byen, Prezidan Preval pa dwe prezidan paske se youn vyolasyon konstitisyon 1987 pou jan li pran pouvwa-a nan favè ke kominote entènasyonal-la fè. Se youn vagabondaj e se nan peyi nou sèlman ke bagay konsa kapab fè paske nou gen youn pèp nayif. Nou gen dwa di prezidan-an defakto tou paske li vyole konstitisyon 1987 lefè ke li asepte gouvène anba labanyè MINISTA ki se youn fòs etranjè nan peyi a. Li asepte pou pwolonje tan fòs sa nan peyi a. Nou kwè si te gen sa nou rele demokrasi, palmantè yo te dwe aplike atik nan konstitisyon-an ki ba yo dwa pou rele prezidan-an pou eksplike youn seri de bagay li antreprann san konsiltasyon. Nap mande si palmantè yo konnen vrèman wòl yo. Prezidan Preval te dwe nan prizon oubyen tounen senp sitwayen. Nou pa nan voye toya sou pèsonn. Nou fè ke ale daprè konstitisyon-an ke m’sye vle kareman chanje nan jan li vle pou pwoteje tèt li avèk antouraj li.
Kote depite ak senatè yo nan peyi a?
Si senatè avèk depite yo te pran responsabilite yo nan jan yo te dwe, jodi a peyi nou-an pa ta nan eta sa-a. Pou nou se youn ensilt e youn enpètinans anraje e san parèy pou wè kote mank respè-a rive. A chak fwa gen youn kriz ke prezidan-an kreye li menm, li pa fè ni en, ni 2, li konvoke palmantè yo avèk anpil pwomès ke li fè yo. Kòm palmantè yo pa konn valè yo, anpil ladan yo asepte kondisyon-an pou yo penyen lage. Se sa ki lakoz ke prezidan-an pa gen okenn respè pou yo e woule yo debò lè li vle. Nou remake ke olye pou nou fè youn pa ann avan, nou ap fè bak. Se kòm si dire nou pa konn valè nou. Enben n’ap fè palmantè yo konnen tout bon si yo pa wè se nan tenten prezidan-an ap pase yo pou li sa fè chita li. Prezidan Preval konnen byen sa l’ap fè byen e li pare youn kou pou yo nan pa konprann yo e nan ti sousou ke y’ap fè. Sèlman fòk yo pa bliye ke «kouto ou jwenn nan gran chemen, se nan gran chemen ou pèdi’l.»
Nou mande pou depite pran men yo paske se youn djòb nou ba yo e non pa prezidan-an ki ba yo li. Yo dwe kontakte nou avan yo pran youn desizyon paske yo se reprezantan nou. Menm si yo kouri prese pou yo ratifye demand prezidan-an pou yo chèche amande konstitisyon-an, nou deklare ke aksyon prezidan-an ilegal e ke pwofitè Moyiz pa’t otorize par nou-menm pou te travay sou youn bagay konsa ki tèlman delika e ki mande anpil tan pou youn rezilta definitif. Nou pa dwe nan bouyi vide paske «twò prese pa fè jou louvri.» Nou pap asepte travay sa ki fèt nan kouri menm si doub nasyonalite-a anndan li. Se pou dirijan nou yo sispann betize avèk nou. Mwen mande pou pèp-la fè youn sèl pou al kanpe devan palman-an pou veye tout kou ke anpil nan senatè yo ka pote nou. Bagay yo pap fasil jan prezidan avèk akolik li yo panse-a. Nou kwè ke peyi Ayiti ap an ebilisyon si vye amandman sa ta pase. Prezidan Preval konprann li se youn towo lakou, towo gwonde. Kòm pwovèb-la di : «Si bèf te konn fòs li, majoral pa ta lanse yo.» Alò, n’ap di palmantè yo tou pou yo pran anpil prekosyon pou yo pa regrèt aprè paske «si fè pat koupe fè, machòkèt pa ta viv.» Moman detant-lan fini paske nou kite twòp tan pase. Fòk yo sispann pase nou nan betiz. Fòk tout dirijan yo konprann byen ke «byen monte pa di byen chita pou sa.» Epi n’ap fè tout sa ki pa’t konnen ke «si van pote pilon, se pa pay li ta kite. » Kidonk, pawòl pale, pawòl konprann.
Pèp ayisyen fè konnen li bouke
Nan mannèv k’ap fè sou do pèp-la pou dirijan yo regle zafè yo, nou deklare ke nou fatige avèk tout vye estrateji sa yo ki pap abouti avèk anyen ke efasman peyi nou pou nou sa rete toujou sou dominasyon. Nan sikonstans sa-a pèp-la di yo ke « ti bouton mennen maling, maling mennen java, java mennen baka.» Nou pa fouti konprann pou ki sa dirijan yo pa pran responsabilite yo pou pèmèt peyi a pran wout devlòpman li sipoze pran depi dikdantan-an. Depi aprè 7 fevriye 1986, peyi Ayiti pran youn lòt direksyon pou lanfè. Anpil sitwayen te konprann ke peyi a t’ap pran youn direksyon pou li te kapab ale alavan men yo twonpe anpil paske se efwondeman total.
An nou aprann chwazi bon bagay
Si kritik fè nou konnen ke nou pa konn chwazi, nou dwe asepte paske tout chwa nou fè yo pa janm rive sèvi nou nan jan yo te sipoze. Nou chwazi youn bann anachis ki vin sèlman pou te devore trezò piblik-la. Yo tete jiskaske yo dekole manmèl bèf-la paske yo pa gen okenn konsiderasyon ke tout pou yo, anyen pou lòt yo. Youn prezidan avèk reprezantan nou dwe moun ki gen tèt yo byen plase sou zepòl yo pou yo sa sèvi pèp-la. Depi byen lontan n’ap travay pou dirijan nou yo galonnen. Jodi a nou di fòk sa fini nan peyi Desalin-nan. Eleksyon 2010 ki pral vini-an menm si li trike, l’ap difisil pou magouy yo fèt paske pral gen tout dispozisyon k’ap pran.
Bagay lèd sa ki sot pase-a nan eleksyon senatè yo pa fouti ka repete. Sa ki fè moun mal, sè ke mesye-dam yo pran youn pakèt kriminèl mete sou moun pou kreye panik nan sosyete-a. Depi 1991 se vagabon ki pran devan e prezidan yo dakò avèk tout sa yo fè. An nou pran ka Amaral Duklona ke polis dominken arete semenn pase-a. M’sye achte youn kay pou 95 mil dola ke li peye kach san konte 6 machin li te achte pou li te fè youn ti konpayi taksi. Tout lajan sa yo bwè pwa e yo rete pou gouvènman dominiken. Nou wè kote dezòd sa yo mete peyi a k’ap pèdi lajan chak jou. Kòm ti bri kouri e fè konnen ke gen anpil moun ki enplike nan bagay sa nan voye lajan ba m’sye pa vwa transfè sitou Westèn Inyon. Nan jou k’ap vini yo, nou pral asiste anpil evènman kote anpil moun ap denonse. Nou kwè moun sa yo ki te konn fè zafè avèk Duklona gen youn moman ki cho e youn lòt yo frèt paske yo pa konn kote avni yo ye. Antouka jou-a ap vini e n’ap tann.
Sa pèp-la vle pou’l sa viv?
Pèp ayisyen pa egjijan paske li vle kolabore avèk tout moun. Si dirijan nou yo te sousye e yo te vle travay avèk pèp-la, se pa nan pozisyon sa-a ke peyi a ta tonbe. Pèp-la te nan dòmi, li leve kounnye a pou li pran tout bagay an men pou refè kesyon yo nan tout sans. Li deside pou tenten ki te ekziste depi plis 20 tan pa repete ankò. Li ta swete ke tout Ayisyen konsekan fòme youn blòk solid pou reprann angajman yo pou ede peyi a nan tout sikonstans. Pèp-la konnen ke Preval sou blòf e l’ap siveye de lwen e de prè pou pare tout kou. Yo di se pou palmantè yo ak prezidan pran anpil prekosyon pou yo pa rele dife tèlman yo prepare pou monte entansite volim tansyon pou founo-a kapab degaje anpil dife ak lafimen.
Jan Bèbè
20 septanm 2009
Nou remèsye tout moun kit e li tèks sa avèk enterè e n’ap kontinye pote tout twouvay ke nou jwenn sou pasaj nou.
Dom Laj
10 oktòb 2009



Comments (0)