PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Ki sa pou nou fè ak moun sa yo?

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 3
MauvaisTrès bien 

Hinche, Haïti — Vandredi 10 septanm 2009, nou te fè youn ti kout pye nan Hinche pou nou te vizite youn bon zanmi nou ki te fè youn aksidan machin. Chans pou misye, Bondye te epanye li pou’l sa pa’t pèdi lavi li bonè konsa. Jozye se moun tout moun. Li renmen ede tout moun kèlkeswa koulèyo, degre entèlektyèl yo, kapasite yo, kwayans yo e menm vokasyon yo. Ou toujou wè’l, jan moun yo di-a, «ofou e omoulen ». Li toujou prè e se youn zanmi ki pa janm fache e refize rann moun sèvis. Anpil moun déjà wè nan misye youn sen paske anpil zanmi rele li «Sen Jozye. »

Lè nou te rive lakay m’sye, li te ban ou youn akèy ke nou pap janm bliye. Sa te fè’l anpil plezi pou’l wè nou te rann li youn vizit. Sanble se nou menm m’sye t’ap tann pou’l leve paske kote li te kouche a, li leve sèlman lè li nan bezwen paske’l te marye avèk kabann-nan. Nou te pote youn sewòm pou li ki te rache tout doulè e fè m’sye leve chita, fè ti mache e menm sòti deyò pou pran bon frechè nan lakou-a.

Nou te tonbe pale de tout bagay k’ap ranje e menm ravaje inivè-a. Nou te menm fè youn ti pase sou zafè 11 septanm 2001 kote pèp meriken e tout moun ki t’ap viv nan tan sa-a te viktim de youn zak teworis ki te detwi plis ke 2 mil kretyen vivan, ki pran youn lanmò boule pask 2 avyon te antre anndan youn gwo kay ke yo te konstwi pou ofis ki te gen rapò avèk komès. Se poutèt sa yo te rele li : « World trade Center » Sant komès mond-nan. 2 avyon sa yo te fèt ranpli gazolin jis nan kou, yo te eklate nan mwens de 10 minit e ki te lakoz 2 bildin sa yo te tonbe nan mwens de 15 minit.

Youn lòt zak vagabondaj te fèt nan Filadèlfi e nan Washington tou sètadi nan Pentagòn tou. Se te panik tou patou paske teworis yo te anvayi Etazini. Depi lè sa, sekirite fè kenken pou peyi a pa vikttim youn lòt zak sabotaj. Se youn souvni anmè pou anpil moun. Gen moun ki pa kapab pran sekous sa ankò paske se youn gwo chòk ou byen youn gwo doulè pou yo. Se nan kontèsk sa yo mande pou yo pa ale nan zòn sa chak 11 septanm pou kè yo sa pa rache. Doulè sa tounen you sikatri pou anpil moun. Teworis se youn mechan-kriminèl ki pa nan rans avèk pèsonn. «Se poutèt sa, Lapolis nan peyi Nouyòk mande : « Si’w wè youn bagay ki pa nòmal, fè yo konnen oubyen di youn chofè bis si’w nan bis ou chofè tren si’w nan tren. Ou mèt menm pale avèk moun k’ap ouvri pòt yo.» Taktik sa siyifi «Ak solidarite.»

 

Bagay yo pa nan plas yo e dirijan nou yo enkonpetan tou

   Pandan nou te chita nan lakou-a, 2 zanmi Jozye pase wè li tou e mesye yo tonbe nan youn konvèzasyon ki te dewoule konsa :

Kodyo : Gade gwo bacha yo, chita ap pran van.

Jozye : N’ap pran kou toupatou. Nou genlè kondane pou nou rete nan vye kondisyon sa-a.

Kidwam : Jozye, ou wè-la, se youn politisyen ki wè lwen malgre’l kouche aprè aksidan li-a. Misye te di ke Preval ap jwe tout moun pou’l mete yo nan kafou tenten.

Kodyo : «Choz di, choz fèt.» Ki moun ki nan ka e ki pèdi?

Jozye : Pa gen lòt moun ki pèdi ke mas pèp-la ki pa’t konprann ke Preval pa youn nonm ki te dwe gouvène peyi a paske’l pa gen vizyon pou fè bagay yo mache. Mwen pa vle retounen nan vye demagoji sa ankò paske tout ekip gouvènman sa-a se youn pakèt demagòg ki pa wè pi lwen ke  pwent nen yo.

Kidwam : Mesye, nou fè youn erè katastwofik chwazi youn nonm konsa pou dirije peyi a. Menm si se youn gwoup ki fè sa, nou tout rès-la koupab. Nou vle di’m nou te pè al jete bilten nou.

Kodyo : Se pou nou te kite bann kriminèl yo fè ladènyè sou nou. Se youn pakèt demon ki nan lavalas/lespwa.  Dayè se lavalas-la menm ki lakoz peyi a tonbe nan tenten. Mesye-dam goche yo fè peyi nou youn gran mal. Jodi a tout moun konstate ke Franswa ak Jan Klod pa kanmarad moun sa yo ki pran pouvwa-a depi 7 fevriye 1991. Nou regrèt anpil se youn pè konsa ke nou te chwazi pou dirije nou e ki mennen peyi a nan kondisyon li ye jodi a. Bon kisa pou nou fè ak moun sa yo?

Kidwam : Se youn bagay byen fasil pou nou fè e ki ka pote youn rezilta ke nou pa ta janm espere.  Nou dwe fè linite, mete tèt nou ansanm pou nou sa gen rezon sou malpouwont sa yo.

Jozye : Mwen dakò nan tout sa’w di-la. Men  se pa youn bagay fasil pou 4 ayisyen kolabore ansanm. Nou gen eksperyans nan sa e rezilta yo toujou negatif. Dabò se pou nou pran konsyans, mete baz solid pou nou sa gen youn bon defans e mete tout moun nan lari pou youn semenn e menm 2, 3 ou 4 pou sekwe gouvènman-an pou’n voye’l ale odjab.

Kodyo : Mwen pa wè li konsa e’m dakò avèk youn gran moun nan Nouyòk ki te di nan youn emisyon ke nou dwe flite bann vagabon sa yo. Moun ki vle di se vyolans se bagay ki gade yo men nou fè kwè pou nou debarase de bann anti-pèp sa yo se flite yo toupatou nan kò yo pou nou sa gen lapè avèk yo. Mesye-dam yo pap regle anyen serye ke depanse lajan peyi a. Ou tande tout lajan yo depanse pou youn residivis ke yo arete nan Sen Domeng. «Diklo, chèf gang » pral denonse yo depi yo pimpe’l Lafrans. M’sye pral mete tout « kk » chat deyò pou demaske tout trèt yo. Nou pa fouti kite peyi nou ap depafini konsa.

Jozye : Nou konprann ou trè byen. Depi’w pale de flite, yo wè nan zak ou vyolans. Nou pa zanmi  vyolans. Nou la pou lapè.

 

Men kòman nou pral fè pou lapè-an pran tout bon vre

Kidwam : Anpil bagay nan ladwati ak disiplin. Ou sonje mizik Nemours Jean Baptiste-la te di konsa : « Disiplin se bon bagay. Se sa ki fè zafè’w regle. Ak disiplin, wa gen lapè. Avèk lapè, w’a pwogrese… » Nou pa bezwen al touye pèsonn paske tout bagay sou tè-a se vanite.

Jozye : Ou di youn bagay-la ki gen youn enpòtans kapital. Nou pa fouti nan detwi kounnye-a, nou dwe konstwi. Nou pèdi anpil moun déjà. Tout vagabon sa yo dwe ale nan prizon dwèt pou pije pèn yo. Preval mèt fè tout sa li konnen kòm nèg ki fò nan peyi a, m’sye gen pou li kite peyi a. Tout simagri nan chanje Konstitisyon-an pap abouti avèk anyen. Prezidan nou-an se youn enkonsyan. Li pa fouti fè zèv ki bon. Nou dwe lage nan degong li pou nou sa rezoud tout pwoblèm peyi a.

Kidwam : Se poutèt sa li ta bon pou nou òganize nou

nan envite pèp-la pou’l pran lari pou mande Preval kle-a. Preval pa fouti fonksyone paske’l pa’t janm

gen youn plan byen detaye. Si pèp-la pan lari pandan 2 semenn konsekitif, Preval gen pou’l pliye bagay e pran wout Gran Chemen pou li. Nou pa bezwen fè vyolans e pasifikman na va pote laviktwa. Bondye se toujou bò pi fèb-la ak sa yo ki malere, li pran pa pou li sa sèvi yo e ede yo tou. Preval pa vin regle anyen. Si mesye-dam yo pa vle retire kò yo pou anpeche gouvènman-an engouvènab, yo tout ap peye konsekans-nan pa pi ta ke lè gouvèman revolisyonè-a monte. Yo mèt sote-ponpe, lantèman-an pou 4 trè.

Kodyo : Mesye yo nan rèv si se ti bagay konsa y’ap tann pou yo pran pouvwa-a. Pa bliye ke Preval te di nou la pou 50 tan nan gouvènman Aristid, vèsyon nimewo 1-an. Men y’ap kouri sou 21 nan e se toujou menm penppenp-nan. Dilatwa ap fè e kout ba ap bay pou nou pa di kou deta gouvènman defakto Preval-la. Mwen pa kwè gen bòn volonte nan gouvènman : «Tou le jou m’sou. Se pa tafya mwen bwè.» Li kontinye pou li repete : «Se kontan, mwen kontan wè pèp mwen-an ki pa fouti naje pou sòti. Yo mele tankou fil kap. Yo resi tonbe nan sa’k pa sa. Mwen pral ba yo youn leson pou’m sa vin avi pou mwen demontre yo ki sa’m peze. Bondye fè pa gen militè ankò, mwen pral taye banda mwen nèt alkole. » Nou kapab imajine nou kote peyi sa prale anba youn pakèt dirijan san moral e menm san diyite. Nou mele nan kondisyon sa-a.

Jozye : Nou pap diskite. Men, bagay ke’m konnen se pèp-la k’ap gen pari-a. Preval gen pou’l vole baryè. Se twòp ase pou enkonpetan yo. Se nan fwod li pi fò. Òganize fo eleksyon nan tout sans. Li monte nan fo e li kontinye ap naje nan fo. Li remèt youn eleksyon fo mamit e tèt chat tou. Nou pa fouti konte sou youn nèg konsa pou eleksyon 2010-la. Nou kwè ke m’sye gen pou’l kanpe lwen.

Kodyo : Nou fèt kòmanse ap tann, si se konsa nou vle pou prezidan-an remèt demisyon li. M’sye gen youn MINISTA pou pwoteje li. Peyi a okipe nan tout sans.

 

Kote opozan yo kont tout mal ki afekte peyi a?

Kidwam : Nou kwè ke mesye yo ap pran nòt pou yo kapab parèt byen file, tou poudre pou voye vye rejim sa ale. Nou bezwen youn gouvènman pwogresif. Nou tande K-Plim pran wout opozisyon, nou ta swete li rete pou fè travay-la. Mezanmi, nou dwe òganize nou, mete nèg sa yo deyò pou nou sa pran kle-a. Peyi nou pèdi tout valè li.

Jozye : Se youn bagay ki klè devan je tout moun. Nou dwe fè efò nou san demagoji pou nou sa pran pouvwa-a.

Kidwam : Mesye, gen youn nèg ki pa janm pale. M’sye gen chans ke lapli-a ap farinen.

Jozye : Ann rantre non. Zanmi sa-a pa nan politik e se youn frè pou mwen pou konpreyansyon li.

Kodyo : Nou dwe kite’w pou kontinye dyaloge avèk zanmi-an ki vrèman pa moun isi. Debwouye’w!

Kidwam : Monchè, fòk nou ale vre.

Jozye : Kidonk, nou gate ti pwogram-nan.

Kidwam : Fòk nou jete nou paske gen youn lapli ki pral tonbe, se nan nen, chen pral bwè dlo.

Kodyo : Nou jete nou. Babay, mon konpè.

Jozye : A demen frè’m yo.  

Dom Laj

11 septanm 2009                                                                                                                                                                  

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites


Dossier de la semaine