PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Ipokrizi pouvwa-a nan peyi nou

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 2
MauvaisTrès bien 

Kout ponya nan do Madam Michèl Pyè-Lwi

Port-au-Prince, Haïti — N’ap mande vrèman si gen youn gouvènman nan peyi Ayiti pou jan bagay yo ap dejenere nan tout nivo. Prezidan Preval ki benefisye pandan 2 fwa favè pou li te vin nan tèt peyi a pa konpòte’l tankou youn chèf leta ki konprann wòl-li. Tout moun konnen e menm prezidan-an tou kwè se sou woulib Aristid ke li te rive prezidan nan premye vèsyon li-an. An Fevriye 2006 ki te kòmanse dezyèm vèsyon li-an, yo te fè li kado pouvwa-a nan konplisite Kominote Entènasyonal-la ki pat vle peyi a tonbe nan kawo. Na sonje ke daprè rezilta KEP-la, Prezidan Preval te fè 49 pou san tandiske li te sipoze fè 50.1.

30 oktòb 2009

Depi plis ke 19 van, peyi Ayiti nan tèt chaje paske youn pakèt enkonpetan okipe espas politik-la. Prezidan Preval toujou ap kreye kriz pou tout bagay vin tèt anba. Li pase tout chèf pati politik pou li te sa okipe tèt chanm-nan. Li rive jwenn tikè li te bezwen pou li te fè sa li te vle fè-a. Avèk konplisite nouvo palmantè yo, li itilize youn estrateji pou li bay Premye Minis Michèl Pyè Lwi kanè.

Fòfè sou madan Michèl Pyè-Lwi

Tout sa se ipokrizi Prezidan Preval ki itilize pon pou li pran woulib e aprè li kraze li. Men li bliye ke lè’w travèse youn pon, ou pa kraze’l paske ou bezwen li pou sèvi ankò. Menm si Preval pap tounen sou pouvwa-a ankò malgre sa l’ap fè manèv pou li rete. Pèp-la pap pran nan Tonton Nwèl ankò paske yo twonpe li twòp. Sa se youn veritab tenten ki etabli nan peyi a. Nou an prezans youn gouvènman defakto ki fè youn fòfè pou yo mete madanm nan atè. Se te youn bagay klase telegide par gouvènman-an. Prezidan Preval pap janm kite paske se nan kriz li toujou monte e se nan kriz pou li fini. Nan ambisyon pou kenbe pouvwa, li lage kò li nan tenten ki kapab vini fatal pou li. Menm prezidan sa kreye youn pakèt enmi ki pare youn po kann ak tout fomi pou li. Sepandan, nou te toujou fè ansyen minis-nan konnen ke plas li pat la paske moun sa yo pa moun pou moun ann afè avèk yo. Menm si se peyi a li t’ap rann sèvis etan youn sitwayen, li pa’t dwe pran djòb sa ke vagabon sa yo te ba li. Sete youn erè grav nou ke madanm sa te fè e nou te repwoche li pout`et lit e asepte travay avèk bann pyèt sa yo.

Prezidan Preval pa gen prestij paske aprè 42 mwa nan tèt pouvwa-a, anyen pa chanje nan peyi pou nou pa di "menm tenten-an." Prezidan Preval ted we gade nan glas pou li wè kòman figi li di. Prezidan Preval toujou fini avèk zanmi li yo nan imilye yo. Li fè sa avèk Jak Edwa Aleksi kip ran pòz li pa konprann paske’l bezwen vin prezidan tou. Nou pa kwè ke n’ap pran menm vomisman chen sa youn lòt fwa. Ekip say o dwe gen kouraj pou yo gade figi yo. Prezidan Preval se youn prezidan kid we nan prison pou 2 koz, asepte Minista nan peyi a e zafè Amaral ted we lage misye atè plat. Nan gran peyi, li te dwe nan prizon. Nou kwè ke peyi Ayiti ap pran men li pou tout vagabon sa yo jije pou mal yo fè nan peyi a. Gade jodi a ke lajistis fransè trennen Jak Chirak devan tribinal aprè 14 zan pou reponn detounman fon sètadi kò lit e vòlè pandan pasaj li nan lakomin-nan. Tout senate yo dwe trennen nan prizon pou vye zak vagabondaj sa-a. Sena pa gen dwa pou convoke madanm nan. Si depite yo ki te konvoke madanm-nan, nou kwè ke konvokasyon-an tap aseptab. Se youn montaj prepare anndan palè nasyonal-a. Atansyon! Mesye yo pa reyini ann asanble ekstraòdinè men òdinè ki pa ba mesye yo dwa pou voye madanm-nan kanè. Nou kwè se youn montaj.

Nou pèdi souverènte nou

Sa fè nou wont pou wè youn prezidan ayisyen ap felisite Minista pou travay li. Tandiske li minimize polis nasyonal-la. Kote sa nou rele nasyonalis. Prezidan Preval fè ipokrizi li-a anba solèy. Li kontante pase polisye yo nan tenten. Sitwayen ak sitwayèn sa yo ki anba solèy cho-a pou bay sekirite nan peyi a. Sòlda Minista yo ap pran bon jan van klimatize yo e touché magou yo. Nou an prezans youn gouvènman defakto ki dayè pa monte jan Konstitisyon 1987-la mande e anplis li asepte ap gouvène sou labanyè Mnista. Dirijan nou yo pa gen vizyon. Se youn pakèt amatè ki sote sou pouvwa-a pou yo pran woulib! Kòm nou toujou repete e nou pap janm sispann di ke si nou te youn peyi sivilize, Prezidan Preval te dwe dèyè bawo ou demisyone pou trayizon paske li asepte youn kriminèl jwenn youn paspò diplomatik pou li te vwayaje. Zafè Amaral Dikloma te sifi pou te fòse Prezidan Preval al chita sou ban touch-la.

Sa fè nou mal anpil pou wè Prezidan Preval ap pale avèk Jan Jack Desalin. Si mò te gen pouvwa tout bon vre, li t’ap bay prezidan sa-a monnen pyès li kòm trèt. Anprè Jan Jack Desalin pa gen kont arann bay move je yo. Li trayi sòl nasyonal-la nan tout sans. Pèp ayisyen pran nòt pou nous
a konnen sa nou dwe fè.

Bagay yo pa fouti fasil pou dirijan aktyèl yo

Prezidan Preval mèt fè tout manèv oubyen magouy li vle nan peyi a, li pa fouti bay fo mamit ankò. Jèn yo deside pou yo pa kite kout kouto nan do sa kontinye. Bagay yo pap fasil pou prezidan-an ki konprann tout bon ke se: "chak jou Sò Magrit pote bon siwo." Si se sa li konprann, li twonpe paske nou pap pran nan dilatwa sa yo paske pèp-la deside viv lib ou mouri avèk diyite li paske li pran twò move kou. Se pou nou mete tèt nou ansanm pou nou leve kanpe pou nous a devye tout mannèv. Si Prezidan Preval konprann tout bon vre li entèlijan, sètfwasi pèp-la ap pran lari pou demontre ke li pa nan jwèt avèk moun ki vle pase li nan betiz.

Dom Laj

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites