Port-au-Prince, Haïti — Nou pa konn kote bagay sa prale. Chak jou Bondye mete se youn pwoblèm ki parèt pou simaye panik nan peyi a. Depi 7 fevriye 1986 ki make jou Jan Klod Divalye te pran ekzil pou’l ta’l viv nan peyi Lafrans, peyi Ayitikòmanse youn penitans ki kapab lage nan tchouboum paske otorite leta-a disparèt e pa genyen anyen pozitif ki fèt pou pèmèt peyi a pran direksyon legal pou youn devlopman total-kapital.
Sa fè nou tout mal pou wè direksyon otorite lakay te fè anpil nan mas-la lage kò yo nan vyolans pou jete panik nan peyi a. Tout ti moun yo oblije lage kò yo nan tenten paske se sa dirijan tèt chat yo te mande yo pou yo fè san yo pa’t menm panse efè ke sa ta jwe sou yo. Nou tonbe nan youn veritab maskarad paske nou pa janm rive gen otorite reyèl. Tout degringolad sa yo se lavalas-la ki lage nou nan sa paske se ansyen prezidan Aristid ki te vini avèk dechoukay-la ki te fè peyi a anpil mal. Tout moun konnen istwa bèl ti enstriman ke pè Aristid te rele Pè Lebren. Ki donk, se sa li te wè ki te pou tounen youn kilti pou ti moun yo. Apati de Pè Lebren, te gen gran manjè pou rive nan Kidnapè. Jodi a l’ap viv lòt bò dlo pou zèv malonnèt li te fè nan peyi a. Nan lavi a, « se sa’w plante, ou rekòlte.” Pa gen moun ki kapab vin di lekontrè amwenske moun sa se youn sawont-san santiman.
Avèk tout vye mouvman sa yo ki gaye nan peyi a, anpil jèn, mwen jèn ak vye te lage kò yo nan tout vye bagay pou abouti avèk Amaral Diklona ki avili e denonse tout moun ki te nan antouraj ti pè-a ak gouvènman Preval/Pierre Louis. Piske Dikloma te gen 2 paspò diplomatik sa siyifi ke gouvènman-an enplike nan zafè sa a san kache men, voye wòch.
Nan peyi sivilize kote lwa aplike, ka Amaral-la sa te dwe fè tout dirijan yo depi Prezidan jous anplwaye ki te delivre paspò yo bay verite youn fason pou bagay sa pa repete youn lòt fwa. Bagay sa parèt youn zak kriminèl ki depase Watè Get nan peyi Etazini kote ansyen-defen Prezidan Nixon te bay demisyon li pou li te ranplase par Gerald Ford. Sa vle di kote peyi ki aplike lwa pou bon fonksyonnman lwa yo. Si mesye-dam ann Ayiti yo te pran responsabilite yo, gouvènman sa-a te dwe tonbe paske ak sa fè gouvènman-an pèdi tout prestij li ak kredibilite li. Nou pa fouti konprann kòman Prezidan Preval poko di anyen sou koze sa-a.
Bagay yo mele
Nan tout enstitisyon gen bon ak move eleman. Men ann Ayiti, bon eleman yo tou piti pou yo kapab kontrekare zak malonnèt ke bann vagabon yo ap fè pou anpeche bon fonksyonnman bagay yo nan peyi a. Yo nan tout sòs paske yo tounen pat tomat. Nan palman-an, nou jwenn anpil palmantè ki pa gen plas yo kote sa-a paske se youn pakèt vagabon ki pran daso pou vin simen latwoublay ki pa nan enterè peyi a. Depi sou Prezidan Aristid rive sou prezidans Preval nimewo 2, anpil ekzanp te dwe trase pou bon fonksyonman bagay yo nan peyi a. Zafè Almaral Dikloma-a, palman-an te dwe anbranl pou te konvoke premye minis-la ak prezidan-an pou vin bay eksplikasyon pou yo te sa konnen kòman bagay sa fè rive. Nou pa gen moun serye ankò nan peyi a paske se youn pakèt kriminèl yo lage pou entimide moun serye. Se poutèt sa ke Aristid te awoze’l ledwa pou li ke kraze lame-a ki kontrè avèk Konstitisyon 1987-la ke pèp-la te vote an mas. Preval li menm pa vle vin avèk lame-a sou pretèks ke lame-a ap ba li kou deta. Definitivman, Preval se youn prezidan doubli, restavèk ki sou kòmandman LONI avèk meriken. Avèk bann moun dwategòch sa yo, nou antrave. Sosyete sivil-la avèk pati politik yo te dwe pran youn aksyon kont gouvènman-an pou nou kapab jwenn verite nou bezwen-an. Se pa youn bagay ki difisil pou nou fè.
Mezanmi, kote bann avoka nou yo ki konn lalwa-yo? Nou kwè zafè Amaral-la se youn bon okazyon pou nou rive kwape gouvènman sa a. Sa ki fè mal ankò se madan Michèl Pyè Lwi ki lage kòl nan tentennad sa-a. Nou gen plis ke 2 syèk depi n’ap naje pou’n sòti men dirijan nou yo pa pran responsabilite yo pou fè bon bagay. Moman-an rive pou pèp ayisyen pran responsabilite li pou chwazi moun ki kapab chanje bagay yo. Nou kwè youn petisyon te dwe kòmanse siyen nan peyi a pou voye bay jij nan Kasasyon-an pou fè swit. Nou pa dwe rete nan fè nwè ankò paske gen limyè pou nou kapab wè byen klè.
Nou kwè moman-an rive pou nou fè youn sèl san demagoji pou nou rive ede peyi a ki bezwen konkou chak pitit li. Jodi a nou gen youn responsabilite pou mete tren-an so yay li pou li vanse trè byen. Kesyon pou gouvènman ap kache men pou voye wòch-la dwe fini nan peyi a. Palmantè, jij, avoka ak pèp-la dwe fè youn sèl pou bonè peyi a.
Dom Laj
10 oktòb 2009



Comments (0)