PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Gouvènman lespwa/desespwa tounen giyon pou pèp Ayisyen

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Pòtoprens, Ayiti - Gouvènman lespwa/desepwa dirije sou direksyon Rene Garcia Preval te monte pou 5 lane jou pou jou daprè Konstitisyon 1987-la ki pral gen 23 lane 29 mas 2010 ki nan wout pou rive-a pa regle anyen ki serye. Nan you premye tan se te kriz ki te okipe espas gouvènman sa a ke Preval se youn chanpyon. Kounnye a Prezidan peyi a deside fè youn lòt kout gidon pou demontre lemond antye avèk pèp Ayisyen li se bon chanpyon nan bay kou pa konprann.

Nou te lakay youn kanmarad konsène e devwe pou defann pèp-la nan tout sikonstans. Li te envite tout zanmi yè aprè midi nan youn ti tèt-a-tèt pou brase lide. Se nan sikonstans sa-a, nou te rive jwenn ti enfòmasyon sa-a ke m’ap separe avèk ou :

Difò : depi youn nèg chita sou fòtèy boure-a, li vin gen youn anbisyon e li pa ta renmen kite chèz sa-a ki gen youn bon dousè ladann.

Alfrèd : Se youn chèz sediktè pi mal pase youn fanm  ki konn kòman pou’l kapte e sedwi nèg gwo lide ti Lolit tou.

Ti Sè : Menm s’il vle kraze youn kite sa, li oblije kenbe pou’l fè koken pou rete e mete moun pa li pou li toujou sèl kòk chante. Yo pran chèz boure-a tankou byen prive yo oubyen eritaj papa ak manman yo.

Difò : Lè nèg sa yo ap banbile, yo fè tout sa yo pi pito. Yo pa janm vle gade dèyè pou yo sa ranje zafè yo.

 

Libera pou gouvènman sa-a

Alfrèd : Koripsyon fè kenken sou gouvènman sa ki mare sosis li avèk youn bann vòlè pou fòme ekip 4p-a ki se pouvwa, piye, plen pòch ki alamòd jounen jodi-a. Ann Ayiti, prezidan-an avèk tout akolit li-a sou dènye jou yo pou yo sa bay peyi a youn chans paske yo pa gen okenn respè pou pèp-la k’ap mache pran yo poutèt yo kite yo anba youn tant pou plis ke 3 mwa k’ap mouye-seche pou yo sa gen tout maladi. Se youn peyi ki gen pwoblèm kote anpil moun ap pèdi tèt yo, andikape e malad tou.

Ti Sè : Na sonje byen ke se Preval menm ki te di li pral konbat koripsyon. Adye frè, se ta youn mirak pou ta wè vòlè ap konbat vòlè parèy li. Mwen kwè si li nan pozisyon pou fè youn va sètadi youn bri sak pay pou kaponnen lòt moun, l’ap fè li pou demontre gen youn travavay serye k’ap fè. Tout vòlè se vòlè e pa gen okenn diferans.

Difò : Se te youn demonstrasyon tèt chat kote Palmantè yo te konvoke Remon Jozèf ak Felisk Ogisten pou te fè limyè sou koze lajan ki te disparèt. Yo pat rive jwenn anyen de mal de mesye sa yo. Poutan nan peyi a sitou nan Palè Nasyonal-la se kote koripsyon-an rete. Nou mele seryezman. Ni palmantè yo avèk ekip gouvènman-an se komedi y’ap fè pou pase moun nan betiz. Ou pa wè menm lanati kont yo kraze tout edifis piblik leta. Se youn giyon yo lage nan peyi a. Jodi a si Preval gen kouraj ap di ke gouvènman li a pa gen koripsyon, li dwe pwouve ke 197 millyon dola ki disparèt pandan premye minis Michèl Pyè Lwi t’ap dirije ki rete san  swit. Yo fè Michèl kouri pou li pa bay okenn eksplikasyon. Pèp Ayisyen ap tann youn eksplikasyon pou konprann tout bon vre sa ki te pase.

Ti Sè : Nan peyi Ayiti, se wè, koupe je pou pa viktim. Preval ap kaponnen tout moun pou fè kwè li sensè. Poutan se youn fentè, youn lyon degize avèk po mouton. Se pou’l rann kont avèk lajan ki depanse lòt jou-la. Li depanse 163 milyon youn lòt fwa. Nou bezwen youn òganizasyon solid pou defann pèp-la kont tout awousa, dwèt long siperyè.

Alfrèd : Si 12 janvye 2010 pote youn chanjman nan lavi pèp Ayisyen, nou dwe chanje mantalite tou. Twòp vòlè nan peyi a k’ap rich sou do pèp-la malgre soufrans ak tribilasyon ki blayi nan peyi a.

Difò : Pa gen gouvènman nan peyi a. Preval ap regle afè kouran pou ranpli pòch li pi plis ankò. Sèt fwa-si, bann koken yo pap sove avèk lajan pèp-la.

Dom laj

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites