PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Fòk se li kanmenm

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 2
MauvaisTrès bien 

Chak dènyè semenn nan mwa oktòb, youn gwoup Ayisyen ak lòt nasyon kote kreyòl-la fè valè li mete tèt yo ansanm pou yo opine sou zafè lang kreyòl-la ki pran youn ekstansyon ekstraòdinè. Sa se b`el bagay pou travay sa ki pran chè tout bon nan zafè lengistik-la.

Nou pa bezwen gen youn jou ekspesyal pou lang-nan paske nou itilize’l chak jou pou kominikasyon nou. Lang nan ta tounen youn pwoblèm pou nou si younn te gen difikilte pou konprann lòt. Malerezman se pa sa ki janm fè. Nou te vle vin avèk youn tèks sou zafè lang kreyòl-la. Men piske kòlèg nou pran devan paske pye kout, nou oblije ba pa li-a priyorite. Tèks-la tèlman enteresan, nou mande pou tout lektè nou yo pran san yo pou sa byen tire leson nan lekti sa-a.

Dom Laj

Vle pa vle, kreyòl-la se lang pa nou

Sa fè nou ri anpil lè nou tande youn Ayisyen natif-natal kontante li pou’l di ke Kreyòl-la pa youn lang. Tandiske li pale lang-nan tankou li t’ap pale Angle, Franse, Panyòl, Pòtigè etc. Yo fè tradiksyon lang-nan nan lòt lang yo jan lengistik mande-a.

Nou pa gen okenn pwoblèm avèk moun ki amize yo ap kritike lang Kreyòl-la ke yo konsidere tankou youn abonimasyon. Tout nasyon konsidere lang yo tankou youn trezò. Se nou menm Ayisyen ki chaje avèk konplèks ki pap janm itil nou anyen. Rezon ki fè yo panse konsa se respè-a ki pa motive nan sans reyèl. Si yo panse ke kreyòl-la pa youn lang, nou kwè yo nan pi gran erè e se tan yo y’ap pèdi nan radote pou granmesi. Nan kondisyon sa-a, nou kapab di: «lèse yo di, lèse yo rablabla.»

 

Nou dwe debarase nou avèk ipokrizi ki rann nou avèg e awogan

Lang Kreyòl-la popilè e se lang tout Ayisyen kèlkeswa degre yo ou nivo edikasyon yo. Konstitisyon 1987 ke nou te vote an mas te bay Kreyòl-la plis valè paske’l te vini youn lang ofisyèl tankou Franse-a ki te okipe espas-la pou youn bout tan. Tout Ayisyen ka konsidere yo pale 2 lang. Men se pa tout moun ki gen chans pou pale tou 2 lang sa yo. Moun nan lelit yo toujou voye pitit yo nan peyi Lafrans pou yo sa kenbe lang Franse-a. Men sa pa janm anpeche yo pale kreyòl nan moman fantezi, plezantri ak lwazi yo avèk madanm yo ou mari yo, pitit, yo, sèvitè yo, sèvant yo ak ouvriye yo. Moun ki rete nan katye popilè yo pale Kreyòl san gade dèyè paske se lang manman ak papa yo ki makonnen avèk kòt lonbrit yo. Sa ki te pase lekòl, yo oblije pale Franse paske yo te jwenn fòmasyon nan lang sa-a. Sa pa anpeche yo pale kreyòl tankou tout Ayisyen natif-natal. Nan zòn riral yo, kote mwayen malere ak malerèz yo pa gen mwayen pou fè ti moun yo kontinye edikasyon yo nan lang Franse-a, ti moun ki gen laj 13 ou 14 zan te pran kèk ti vokabilè ke yo te vin bliye aprè youn ti bout tan ke yo pa fè pratik. Se poutèt sa pwovèb-la toujou di: «tewori san pratik pa kenbe.» Pa gen younAyisyen ki fèt nan peyi a ki kapab di ke li pa janm pale Kreyòl nan vi li. Moun sa ki ta kanpe pou fè deklarasyon sa-a ta merite pran premye kout wòch ke nou rezève pou tout ipokrit yo. Avèk ipokrizi ki gaye nan kè yo fè yo gen youn konplèks ki pap regle anyen pou yo. Si kreyòl-la pa youn lang nan jan ke medizan- malpalan yo fè konnen-an, pa t’ap fouti gen kominikasyon. Sa se premye erè fondamantal ke yo fè ki pap kite yo ale pi lwen. Se inyorans ki toujou pèmèt youn moun kritike sa li pa konnen.

Ayisyen gen sa pou defo. Yo renmen jete vye chodyè pou chodyè nèf, ki pa menm pou yo. Moun sa yo bliye ke : «Chodyè prete pa bouyi pwa.» Si Kreyòl-la pat gen youn enpòtans entènasyonal, peyi Ayiti pa ta fouti gen relasyon diplomatik avèk lòt peyi nan mond-nan. Pou ki rezon, youn diplomat rive aprann lang-nan pou li kapab okipe fonksyon sa-a. Se chwa youn moun ki vle pale Franse paske peyi a asepte 2 lang sa yo. Men lòt jou, anbasadè meriken-an ki pale kreyòl tankou rat fistije pati politik yo ki fè prezidan yo pa kontan ditou fason, anbasadè-a te pale. Èske mesye-dam nou yo pa’t konprann anbasadè-a? Nou tout te tande e konprann remak-la. Kidonk, pa gen ipokrit k’ap vin maske moun.

Nan peyi etranje patikilyèman nan peyi Etazini kote sistèm sosyal-la okipe youn plas ekstraòdinè, lang Kreyòl-la jwenn plas li. Nan lekòl yo tou, tout enfòmasyon yo tradwi an Kreyòl. Menm bagay sa yo fèt nan biwo « Food Stamp ki se biwo pou moun aplike pou resevwa manje gratis. Medicaid se youn biwo ki pèmèt moun resevwa youn kat pou al lakay doktè e pou achte remèd nan famasi e pou etène nan lopital yo.»

Lòt jou, nou te patisipe nan youn ti deba sou lang Kreyòl kote advèsè-a ki t’ap choute fò pa’t fouti demontre ke Kreyòl-la pa youn lang. Tout jan li vire, lòt zanmi-an demontre li ke li pa gen sibstans paske tout kote li pase, li te akile. Finalman, kreyolis-la di zanmi-an:

«Youn pakèt bann ensanse

Pran plezi pou voye pye.

Yo abitye kritike

Yo pa di anyen serye.

Se youn bann barik vid

Ki rann yo tout stipid. »

 

Lang Kreyòl-la pa nouvo

Nan lane 1492 sètadi avan debakman Italyen Kristòf Kolon avèk youn pakèt panyòl ki te sòti nan peyi Espay, te gen youn pakèt Endyen ki t’ap viv pezibman nan il-la. Yo te rele yo Tayno oubyen Karayib. Yo t’ap viv nan peyi a depi nan kòmansman (XIV) 17yèm syèk-la. Yo te ranplase Aborijèn yo. Nou toujou wè tras Sibone yo nan kèk gwòt nou yo. Endyen ki te rele karayib yo te anvayi il-la nan (XV) 15yèm syèk. Yo te genyen 2 wayòm nan 5 kasik yo nan moman dekouvèt-la. Yo te adopte lang tayino-a. Anpil Endyen sa yo te mouri nan masak panyòl yo te fè pou yo te sa pran plas yo nan zòn-nan. Pou te pèmèt il-la devlope, Panyòl, Franse ak Angle yo te oblije ranplase yo. Yo te vin avèk youn mouvman nan lane 1503 ki te rele trete nwa yo. Pou yo te fè sa, yo te voye achte oubyen fè echanj nèg ak nègès pou rantre nan il-la. Yo tout te sòti ann Afrik. Anpil moun sa yo te gaye nan tout peyi a e yo tout te gen mèt oubyen metrès. Yo te konsidere yo pi mal ke zannimo nan fè yo travay di. Yo te rele yo esklav pou mizè yo te pase. Anpil nan sa yo te rele fiblistye yo te ale nan peyi Jamayik nan lane 1670. Se nan men ane sa ke Lafrans te rekonèt trete sa malgre bagay yo t’ap mache pou li nan komès sa pou te piye il-la.

Avèk bann esklav sa yo ki te sòti nan diferan peyi ann Afrik e ki te sou dominasyon Angle, Panyòl ak Franse, fòk esklav yo te degaje yo pou yo te gen youn lang ki te kapab pèm`et yo kominike youn lòt e menm avèk chèf yo. Konsa, yo te rive pran kèk mo nan chak lang yo pou yo te rive avèk Kreyòl-la. Istwa fè konnen ke lang Kreyòl-la te kòmanse nan il Latòti nan (XVII) 17yèm syèk pandan ke younn nan esklav yo te eseye mande chèf li pou’l te pale avèk li nan lang Kreyòl-la. Te gen youn gran jefò ki te fèt ant chèf ak esklav yo pou younn te kapab rive konprann lòt nan kominikasyon-an ki te enpòtan anpil. Se sa ki eksplike ke se son ki pèmèt ke kreyòl-la pran kab li san pwoblèm. Kreyòl-la te jwenn anpil difikilte pou li te etabli.

Nan analiz moun k’ap fouye zo nan kalalou, yo te rive avèk youn konklizyon ke Kreyòl-la te kòmanse depi youn syèk avan nan devouman esklav yo. Se konsa, yo fè nou kwè ke premye tèks ki te ekri nan lang sa te youn chante ki te konpoze pou (Duvivier de la Mahautière) Divivye la Mawotyè nan lane 1757.

 

Travay la manke jarèt

Aprè 17 oktòb 1806 gen youn dekadans nan tout bagay ki ta pouse nou rive lwen nan devlòpman peyi a. Nou pa konnen si se krim nou te fè-a ke n’a peye paske nou pa fouti regle anyen pou fè peyi a fonksyone nòmalman. Nou pa aplike deviz zansèt nou yo te ban ou premye janvye 1804-la: «Linyon fè lafòs». Pi fò nan dirijan nou yo pa regle anyen pou peyi a paske yo pa gen vizyon, y opa wè e yo se youn bann avèg. Yo pa rive fè youn pa Nago, youn pa kita.

 

Ayiti pa gen chans

Yo pa janm panse mo avan men mo piye pou yo vin milyonè. Se rezon sa ki lakòz n’ap fè bak depi plis 2 syèk pou nou abouti jodi a nan sitiyasyon makawon nou ye-a. Se movèz fwa bann pouryanis-dechèpiyis yo ki fè nou pèdi tout prestij nou. Yo pa gen anbisyon pou fè bèl bagay pou peyi a. Yo prefere ap mande blan vin fè pou yo. Dirijan nou yo bliye ke nou te gen endepandans nou avèk pwòp fòs nou nan pase mizè e batay pandan 300 lane. Nou pa fouti konprann sa ki pase nou. Nou kwè ke moman-an rive pou tout Ayisyen pran konsyans pou nou sekwe kò nou pou nou retabli endepandans nou ke nou te pèdi-a. Nou gaye twòp. Lè-a sonnen pou nou reòganize nou pou nou pa pèdi peyi a. Nou tout se Ayisyen e nou pale menm lang. Se nan separasyon pou nou pa divizyon ke nou tonbe nan won. Fòk nou òganize nou nan linyon ki mennen pwogrè avèk tout bèl bagay pou youn evolisyon san koub. Solisyon pou youn amelyorasyon nan peyi a nan men nou. Si nou rete nan kesyon siperyorite ke kreyòl-la pa lang, n’ap toujou rete nan menm kafou tenten-an pou youn lòt 2 syèk.

Kreyòl-la pa dwe youn lang kache ni youn lang nouvo. Nou pale kreyòl chak jou e se li ki fè lavi-a gen sans pou nou. Tout lòt pèp anba syèl ble-a itilize lang yo san pè san krent. Nan youn apèl nasyonal nou te fè lane pase, nou te mande pou Depatman Edikasyonal Nasyonal òganize li pou li monte youn biwo pou bay lang Kreyòl-la jarèt. Mezanmi, fòk nou fè efò pou nou bay kreyòl-la jarèt. Se lang nou li ye. Se avèk sa nou genyen pou nou sèvi avèk li. Se pou leta mete lekòl nan tout rakwen peyi a pou pèmèt ti moun kou gran moun aprann li ekri kreyòl-la. Kreyòl-la se youn lang nan tout sans paske li gen tout sa lòt lang yo genyen. Pa gen mwayen pou nou pa sèvi avèk li. Nan lavi sa-a depi youn moun gen detèminasyon pou fè bon bagay, li gen pou li rive kanmenm. Se detèminasyon ki konte. Nou dwe kite youn bagay bon pou lòt jenerasyon k’ap vini yo pou sèvi avèk li pou yo pa di nou pa’t regle anyen pandan ti pasaj nou-an.

 

Patisipasyon tout Ayisyen nan konbit-la

Nou ankouraje tout moun pou yo patisipe nan ekri ou nan voye ide yo pou Kreyòl-la kontinye fè chemen li. Ou pa bezwen pè travay avèk nou. Tout sa’w panse ki bon se youn efò pozitif pou nou fè youn bon travay. Pinga nou pè pale ni ekri. Se nan jefò ke n’ap fè ansanm pou nou kapab rive wè pwogrè nou. Li pa difisil pou ekri e ni pou li lang nou-an. Li gen vokabilè li e òtograf li tou pou’w swiv. Voye tèks ou, sijesyon, rekòmandasyon ak sijesyon pou travay nasyonal kapab fèt ansanm.

Tout moun dwe patisipe nan konbit-la pou ede peyi nou. Se pou nou tout leve kanpe :

Lasosyete, leve kanpe

Peyi’n Ayiti okipe

Dirijan yo demisyone

Yo tout pakapab dirije

Fòs okipan yo debake

Ayiti ap tonbe rele

Pèsonn nan nou pa janm pwoche.

Nou tout kouri kache

Nou rekòlte sa nou plante

Youn makòn dirijan konze

T’ap aji tankou ensanse

Yo pa’t janm sispann radote.

Chak jou, yo t’ap voye monte

Fè vye pwomès ki pa’t kenbe

Fè nou bèbè pou’n pa pale.

Se pa janmè anyen serye

Ke mechan sa yo t’ap regle.

Lajan peyi a depanse

Nan konplotaj telegide,

Nan delegasyon mal fòme.

Nou pa janm ka benefisye.

Men Ayiti ap trepase!

Se pou nou tout leve kanpe.

Pou li sa rive libere.

Liberasyon peyi a nan men tout pitit li kèlkeswa kote yo ye. Nou gen youn obligasyon pou nou fè tout sa ki bon pou nou reponn apèl sa ki fè-a. Nou pa dwe fè bak e nou dwe rasanble :

An nou bliye sa’k te pase

Pou’n wè ki sa nou ka sove.

Fòk nou fè vit pou’l pa twota

Nou paka rete bra kwaze

Pou nou tout rete ap gade

Tout sa k’ap pase nan je nou

Peyi Ayiti pran twòp kou.

An nou fè youn rasanbleman

Pou’n pa rete endiferan.

Zansèt nou yo te fè jefò

Nan fòme byen vit youn sèl kò

Pou yo te pran lendepandans,

Nan gwo konba san tolerans.

Pa gen rezon pou’n ap betize

Ni pou nou pa prese bouje.

Ayiti cheri’n minote.

Nou pa vle retounen esklav.

Prese fanm ak gason vanyan!

Ayiti nan youn gwo touman.

Se moman sa, li bezwen nou

An’n pwouve li, nou gen lanmou.

Li pa difisil pou nou fè linyon ki nesesè pou moman nou ye-a. Se pou nou kole zèpòl ak zèpòl pou nou fè tout sa ki bon pou ede lòt yo ak peyi nou. Nou pa gen rezon pou nou kite egoyis ak divizyon jwenn plas nan sen nou. Menm si nou pale lòt lang, nou chante chante lòt lang kanta pou kreyòl nou pa gen mwayen pou nou lage li. Se pou sipòte tout mouvman ki nan enterè mas-la san gade dèyè. Nou dwe patisipe nan tout aktivite pou ede peyi nou. Chak mouvman ki fèt nan enterè peyi a mande sipò nou. Kanta pou ti moun yo ki se ranplasan nou demen, nou dwe ba yo youn kondwit ki pou pèmèt yo reyisi nan lavi yo. Si nou reyisi nan tout sa n’ap fè, se kòm si Ayiti reyisi tou. Nan sikonstans sa-a nou mande pou tout moun ale sipòte efò k’ap fèt Samdi swa 7 novanm 2009 a 9 vè nan lokal Temple B’Nai Israel ki nan 471 Elmont Rd nan Elmont NY pou ede Ecole Mixte De Mason SION Haiti. Se youn zèv ki nan enterè ti moun nou yo ki bezwen èd nan men nou. Se youn bagay serye paske nou konstate travay-la k’ap fèt-la. Nou kapab rele zanmi nou David Duchatellier nan 917-561-1687 pou plis detay. Pinga nou manke koudyay sa ki se youn sòt koleksyon pou repon bezwen lekòl sa-a. Fè nouvèl-la gaye toupatou.

Lekòl nesesè nan lavi youn pèp e se li ki pèmèt gen pwogrè ki fèt nan devlopman peyi a. Ti moun nou yo bezwen anpil sipò pou yo sa reponn bezwen peyi a. Pa bliye nou tout gen pou ale youn njou kanmenm e nou dwe kite youn chemen ki gen bon bagay pou ti moun nou yo.

 

Jan Bèbè

13 septanm 2009

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites


Dossier de la semaine