Bal-la reyèlman fini ! Se yon obligasyon pou nou rele sou kò nou pou kapab sove lakay ki nan agoni. Nou mande’w pou li atik sa ki trè enteresan.
Dom Laj
Queens, New York — Jodi Samdi 3 jiyè 2010, lavèy anivèsè Endepandans peyi Etazini, nou te patisipe nan yon piknik kote nou te rankontre yon pakèt konpatriyòt Ayisyen ki t’ap pwofite moman-an pou divèti yo tankou anpil lòt konpatriyòt etranje.
Demen dimanch 4 jiyè 2010 ap fè peyi meriken 234 tran depi li endepandan. Se te yon jou 4 jiyè 1776 ke meriken yo te selebre viktwa yo pou yo te vin lib. Nou tout sonje ke zansèt nou yo te pran libète yo tou premye janvye 1804 sètadi 28 lane aprè meriken yo. Si nou eseye fè yon konparezon, n’ap santi nou wont pou wè ke li ekstrèmman difisil pou fè yon konparezon.
Si nou sensè e serye, nou gen dwa di Meriken reprezante lajounen e Ayisyen reprezante lannwit. Nou pa bezwen pè di li paske se yon verite sou tanbou. Mezanmi, nou pa reyalize anyen serye depi 206 zan. Sa triste pou wè avansman peyi Etazini ki gen anpil konpatriyòt ki travay di avèk tèt ansanm pou reyalize rèv yo. N’ap gade kouman peyi nou fini akoz nou pa janm gen dirijan konpetan k’ap fè travay yo. Madichon tonbe sou peyi a jiskaske yon tranblemann tè ravaje peyi a pou kraze’l. Gade jiskaske jodi a, aprè 5 mwa ke katastwòf-la pase, pa gen anyen serye ki reyèlman fè pou amelyore sitiyasyon frè’n ak sè’n yo ki anba dekonb ak tant. Sa se yon wont nasyonal. Tout patriyòk konsekan e konsène santi yo vekse pou wè jan dirijan nou yo mennen peyi a labatwa pou’l al repoze nan poubèl ou plis ankò nan fatra ma labou santi.
Tanperati-a pa’t tèlman cho e van-an te vante yon ti jan fre ki ban nou lanvi pou nou viv e pale de tout bagay pandan n’ap manje, bwè. Nan pale-pale, politik-la mete pye ki te pwovoke yon dyalòg trè enteresan.
Dinasti-a tonbe
Monik : Yè 2 jiyè 2010, nou asiste defèt ekip Brezil-la, kote Lawoland kale li par 2 gòl a 1 ki voye Brezil retounen lakay li avèk yon desepsyon ki tounen yon sikatri. Mwen konnen defèt sa fè anpil Ayisyen lapèn. Men, mwen te prevwa sa paske mwen te twouve se yon tan pèdi kote n’ap defann yon koz nasyonal pou rele chalbari dèyè Preval ak tout ekip li –a kip a janm regle anyen serye pou peyi a.
Sizan : Ou di yon bagay-la ki gen anpil chans. Mwen kwè ke mesye yo te komèt anpil erè nan kanpe revandikasyon-an ki te gen yon enpòtans kapital pou nou Ayisyen ki soufri e ki bouke nan demagoji ke dirijan nou yo ap fè. Jodi a gen anpil konfrè ak sè ki regrèt yo te pran yon ti kanpo pou yo te asiste mondyal-la ki pa’t ofri yon foutbòl ekstraòdinè. Nou toujou ap pèdi tan e se sa ki anpeche nou rive. Pèp Meriken ap fete Endepandans yo nan lajwa ak kè kontan paske yo konnen yo gen devwa pou yo fè tout sa ki nan enterè peyi yo.
Monik : Ayisyen refize pran bagay yo oserye pou penmèt yon alemye nan peyi a. Nou gen yon prezidan ki nòmalman fè 2 tèm plis li te premye minis tou ki pratikman pa janm rive fè yon bagay pou peyi a. M’sye vin avèk 2 men li vid. Jodi a se toujou menm Preval, tèt frèt, papa leren ki nan tèt peyi a ki fini ak peyi a san li pa reyisi fè okenn dilijans. Jan Brezil sòti tèt bese nan Afrik Disid, se konsa talè konsa, Preval pral fè wout li swa l’al nan prizon oubyen pran chimen ekzil pou jan li konpòte li.
Mafiz : Monik ak Suzan di bagay ekstraòdinè ki, detoutfason, fè anpil sans. An palan de foutbòl, se yon dinasti ki tonbe pou kèk tan e si gen tan, moral-la kapab remonte. Mwen twouve sa biza pou Ayisyen kòmèt swisid pou yon jwèt ki an reyalite desine konsa : « Yon jwèt, yon konkou asepte 2 ou plizyè konpetitè. Se yonn ki pou genyen oubyen nonm ke komite-a detèmine. »
Sizan : Si’m byen konprann, Mafiz, se swa yonn genyen oubyen lòt-la pèdi.
Mafiz : Se sa menm Sizan. Nan yon match foutbòl kote gen 2 advèsè, se yonn ki pou genyen e lòt-la pèdi pou pataj ou separasyon kapab fèt. Mwen pa wè rezon pou yon kretyen vivan ale touye tèt li pou yon tentennad parèy. Lwa lavi-a fè nou konnen ke se pan ou tout ki pral nan syèl paske pami nou gen anpil ki, tout bon, pa fè volonte Granmèt-la. Deplis, pa gen rezon pou tire kouto pou yon fitilite sètadi yon bagay ki reyèlman fè pou detann nou e pou yon distrasyon. Pou mwen sa pa gen okenn sans.
Monik : Se sa’m konnen fòk Mafiz, rèn moral, t’ap jwenn yon mo pou li te plase nan sikonstans sa-a. Mwen dakò avèk pwen ou-a e mwen kwè ou fè tout. Gen yon travay ki dwe fèt sou plan Enstriksyon Sivik e Moral. Fòk edikatè fè yon travay pou ede jèn yo konprann reyalite n’ap viv-la.
Mafiz : Mwen dakò avèk ou nan tout sa’w di-la. Men bagay yo pi serye ke nou konprann. Se yon travay ki sipoze fè nan baz sètadi anndan kay-la. Paran yo tout gen yon devwa e yon obligasyon pou yo ede ti moun yo konprann tout bon ke lavi-a se yon kado ke Granmèt-la ba nou pou nou itilize’l san nou pa konplike’l. Nou gen yon tandans neglije pwòp bagay pa nou pou bay bagay etranje plis enpòtans. Se mank apresyasyon nan sen nou pou pwòp valè nou ki lage nou nan tchouboum. Menm sopu plan politik, se menm kout baton-an pou nou pa di menm tentennad-la.
Gouvènman anplas-la ap jwe jwèt chat ak sourit
Monik : Ou si tèlman di yon bagay ki touche maling, mwen oblije di ke Gouvènman Preval/Bèlriv-la ap jwe yon jwèt chat ak sourit pou jan y’ap aji.
Sizan : Mesye yo ban kè plen jiskaske mwen vomi yo. Gen yon tatik y’ap itilize pou yo fè sa yo bezwen fè-a. Nou menm Ayisyen sètadi pèp-la, si nou pa veyatif, n’ap pran nan yon kou pa konprann k’ap fè nou nan ka.
Sizan : Ou gen lè ap swiv mouvman yo trè byen. Nou anba yon ban rize k’ap bay kou anba-anba e pran pòz y opa nan anyen. Si nou remake byen, jwèt chat ak sourit-la ap jwe ant nou e gouvèn man parazit-la ki vle vale nou glòt. Mannèv ap fèt chak jou. Preval ap pran mezi e voye dekrè tèt anba ki pou mele nou. Si nou rete ap gade fent bann ipokrit yo, nou nan tout sa ki reyèl pap bon. Na sonje ke Preval pa janm di nan okenn dekrè dat pou eleksyon prezidansyèl e menm prezidan ou direktè Konsèy elektoral-la pa reyèlman fè okenn mansyon nan nòt li voye pou laprès ak tout kandida ki konsène pou eleksyon senatè ak depite.
Mafiz : Se nan yon kou pa konprann li vle pran nou pou li bwouye tout kat. M’sye ap tann kou lè-a rive pou li di li enposib pou òganize eleksyon yo nan peyi a e l’ap rete jiskaske moman-an favorab pou fè tout eleksyon yo.
Sizan : Se yon refleksyon jenyal ou fè-la ki mande pou nou pran sa avèk enpòtans. Si eleksyon ap òganize 28 novanm tankou gouvènè Milè te di-a e preparasyon y opa fèt pou kandida yo kòmanse kanpay yo, n’ap mande ki eleksyon bouyi vide ki pral fèt-la. Bagay yop mele.
Monik : Mwen pa kwè gen anyen ki mele paske Preval dwe al fè wout li kounnye-a poun enkapab e enkonpetan.
Mafiz : Sa mwen pa fouti konprann se aksyon negatif bann dirijan nou yo ki pran pouvwa-a pou pwopriyete prive yo pou yo fè sa yo pi pito. Lè yo fè sa, yo toujou viktim. Si Preval konprann li byen monte, mwen gen dwa di, li mal chita paske chèz-la gen kèk grenn klou ki kòmanse ap monte pou enpoze li chita.
Monik : Moun ki pran pouvwa yo dirèkteman pa janm panse ke tout bagay gen yon kòmansman e yo gen yon fen tou. Nou tout ki la nou de pasaj sou tè a e se sa ki mennen lanmò.
Mafiz : Yo panse ke yo etènèl e aji jan yo vle. Yon prezidan eli pou 5 kan ki nòmalman pa renouvlab nan okenn sikonstans daprè Konstitisyon 1987-la ke pèp-la te vote an mas. Mesye yo pran pòz sèl kòk chante nan baskou-a e meprize konstitisyon-an ke yo te prete sèman pou aplike jan li prezante-a. Preval bliye ke diktati pa alamòd ankò nan tan modèn-nan. Si Preval konprann l’ap rete sou pouvwa-a, li mèt konsidere li nan tout sa ki nòmalman pap bon pou li.
Sizan : Moman-an rive pou nou pran konsyans :
Tout Ayisyen t’ap viv
Kèlkeswa kote’w ye
Kèlkeswa kondisyon lavi’w
Se pou sonje’w se nèg.
Libète nou te pran-an
Se pa’t yon kado yo te fè nou
Men yon kolaborasyon sere
Ke zansèt nou yo te fè.
Fòk nou kontinye travay sila
Avèk menm lanmou
Pou gran paran nou yo
Kapab konprann nou e kontan tou.
Seremoni Bwa Kayiman-an
Ke Tonton Boukmann
Te fèt pou nou te sa libere
Te yon bon rasableman.
Tousen, Desalin e latriye
Te travay di pou nou te sa lib.
An nou pran konsyans tout bon
Pou nous ove manman nou
Ki bezwen konkou nou
Li pa janm twota pou’n gwoupe
E nou kapab fè bon kichòy
Pou nou jwen viktwa nou bezwen-an
Fòk nou fè linyon pou’n sa rive.
Mafiz : Nou dakò avèk ou Sizan e nou konprann tout sa’w di nan yon pwezi byen prepare mantalman. Sa fè mal pou wè se pwòp pitit peyi a ki vann li e k’ap fè nou soufri.
Pèp Ayisyen degaje’w pou pa pèdi nèt
Mionik : Sa fè lapenn tout bon. Dirijan nou y opa vle nou pwogrese. Pwòp zantray nou trayi nou. Peyi Ayiti
Pa gen yon avni
Pou ti jèn yo k’ap vini.
Nou regrèt sa pou tout dirijan yo ki konprann n’ap founi je nou pou nou rete ap gade yo.
Mafiz : Nou pa dwe dekouraje pask nou se pitit Granmèt-la ki, an prensip, pa renmen wè pitit li ap soufri.
Fanm ak gason
Se pou nou mete tèt nou anplas
Ou tete bon lèt
Yo pa konnen.
Ki te yo aji konsa
Se van yap bwè
Nan kafou malè
Ou pa responsab.
Ya va ba’w tout non
Kite yo divage
Se metye yo
Ya va tounen eskòpyon.
Se betiz, gason’m
Tout sa y’ap fè yo
Se grad y’ap ba’w
Pou sa monte piwo.
Se kontinye travay-la
Travay sosyete-a
Nou tout va kontan
Nan mouvman devlopman-an.
Gade tout valè peyi a pèdi akoz gouvènman nou yo refize fè travay pou ede peyi a.
Sizan : Nou pèdi anpil vrè valè ki gte kapab itil peyi a men gouvènman retwograd yo rweyèlman pa janm fè anyen pou kanalize bagay yo.
Mafiz : Preval se yon rena e nou dwe veye :
An nou veye
Tout kou
Yo pare pou nou
Gen jalou
Ki pa vle nou reyalize.
Je nou louvri byen kale
Fòk travay-la kontinye
Malgre tout sa y’ap fè
Se nou y’ap wè.
An nou di yo
Ke n’ap monte pi wo
Se zafè yo
Nou deja an wo.
Nou konnen gen kou
Y’ap mete youn pèlen
Nan mitan kafou
Nou di se tenten
Tousen-Desalin di nou
Yo sòti kote yo te ye,
li wè avèk Bondye
L’ap rete avèk nou.
Sizan : Si’m pa’t vini, ala regrèt, mwen ta regèt. Mwen asiste e’m tande tou prezi ki prepare pou nou regle zafè nou. Piske nou nan reyalite-a, m’ap pwofite ajoute yon nòt nan tout sa sot di a.
An nou fè jefò
An nou fè yon jefò
Tout frè avèk sè mwen yo
Manman nou mande nou konkou
Se pou nou travay ansanm
Pou nou sa kontinye
Travay tout zansèt nou yo.
Yo toujou di depi nan ginen
Nè trayi nèg
Fòk nou divòse avèk vye abitid sa-a
An nou montre yo
Ke nou sivilize e’n konn viv
Konsa, na va ede peyi nou avanse
Yon pòsyon ap souse lòt
Pou yo fè fòtin yo
Se tout pou yo, anyen pou lòt yo.
Se ta yon bèl bagay pou nou ta wè
Ken ou tout konn li ak ekri
Ki ta fè lonè peyi nou.
An nou kolabore nou.
Ayiti se peyi nou tout
Ayiti se kinan nou.
Monik : Mezanmi, kote ki gen chèn, pa gen kou. Gade youn ti bon peyi tankou Ayiti ki reyèlman pa gen chans paske se yon bann vagabon, machann peyi ki toujou jwenn chans pou yo gouvène. Nou refize moun ki rele moun pou sèvi peyi a.
Ayiti
Nou fèt nan yon ti peyi
Ki gen yon richès twopikal
Ti peyi sila, kwak piti
Gen yon bèl istwa nasyonal
Gras avèk zansèt yo
Peyi sila te vle ale pi lwen
Yo lite avèk tout fòs yo
Pou libète yo te bezwen.
Dechoukete tout blan mannan
Yo rive gen endepandans
Pou nou tout te sa kontan
Ki te vrèman yon delivrans
Gran pè Tousen, kanson fè
Papa Desalin Kiyè bwa
Ban nou direksyon ak limyè
Pou nou sa pa rete nan fè nwa
Premye janvye 1804
Pèp-la te si tèlman chofe
Yo te koupe youn bon zèl kat
Nou rele : Viv Ayiti libere !
Jan Bèbè
6 jwen 2010



Comments (0)