PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Ann avan Pèp Ayisyen ! Manifestasyon manch long jis sa kaba

Email Imprimer PDF
Note des utilisateurs: / 0
MauvaisTrès bien 

Konpatriyòt nou pa janm rate youn okazyon pou pote youn bagay pou nou ke nou apresye anpil. Se toujou nan lanmou youn pou lòt ke nou kontinye ap fè’w viv ti dyalòg sila.

Dom Laj
Port-au-Prince, Haïti — Nou toujou anndan peyi Dayiti ap pran poul pèp-la pou nou sa konprann byen kote yo vle ale. Daprè sa nou konstate nan nò, nan sid, nan ès, nan wès e menm nan sant bagay-la mele. Gen yon eksplozyon sosyal ki fòme youn ti boukan pou li vin youn vòlkan pou pase pran tout dirijan tèt di ki konprann ke pouvwa-a se byen manman ak papa yo, daprè sa tout Ayisyen konsène deklare. Nou kenbe menm prensip-la, pa opine nan kolòn sa-a, youn fason pou nou kite lòt yo fè pwen yo pase.

Nou nan Pòtoprens kounnye a avan nou retounen Nouyòk. Nan fason jan bagay yo ap dewoule-a, li sanble ke sejou nou anndan peyi a ap pwolonje piske pozisyon ke pèp-la pran-an kabab final match-la. Pèp Ayisyen pran youn dispozisyon pou bagay yo chanje nan peyi a e yo fè konnen sa Bib-la di nan Sòm 44 vèsè 23 a 27: « Se poutèt ou, tout tan yo sòti pou touye nou, yo gade nou tabkou mouton y’ap pare pou labatwa. Louvri je’w Seyè! Pouki sa w’ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt. Pouki sa’w vire do ban nou konsa. Pouki sa w’ap bliye anba ki tray nou ye, jan yap peze nou? Nou tonbe san fòs nan pousyè-a. Nou kouche sou vant atè plat, Leve non. Vin pote nou  sekou ! Jan ou renmen nou sa. Vin delivre nou non !

Semenn sa, nou te viv youn dyalòg lafanmi ki te tèlman bon ke nou jije nesesè pou nou pote-l ba’w san wete-san mete. Nou te déjà pale de Pòtoprens tou piti men nou pwomèt pou nou retounen ankò.

Gouvènman Preval-la ann agoni

Mari : Malgre tout tenten ke nou wè Preval ap fè-a, se youn gouvènman  ki ann agoni.

Toni : Gen youn pakèt moun ki reyèlman pa wè sa e se reyèlman nan sitiyasyon sa ke gouvènman kann kale sa ye jodi a.

Mari : Nou konnen ke mwen Mari ki kwè nan Bondye e men sa li di nan Danyèl chapit, vèsè 24 ak 25.

Toni : Mwen konnen ou toujou pare pou bay konparezon e pou ale tou dwat nan gòl-la. Mwen konnen ke se youn mesaj w’ap voye pou mounn ki konsène.

Mari : Se nòmal sa’w di-a. Koute non, frè’m. « …Men sa Bondye ki anwo nan syèl-la di ki pral rive’w. Yo pral voye’w byen lwen pou’w pa mache sou mounn. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa wa rekonnèt se Bondye nan syèl-la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li-menm ki bay mounn li vle dwa pou yo gouvènen. »

Kamèl : Apali papa, yo pran nan pwòp pyèj yo. Se pou manifestasyon-an rete an pèmanans jiskaske sa kaba.

Mari : Si dirijan nou yo te konnen vrèman sa demen ap pote pou yo, mwen kwè fòk yo ta fè youn vòl de-fas avan loraj-la gwonde e tonbe sou yo.

Toni : Mwen wè tout jinastik yo, men mwen poko tande mesaj pastoral Evèk nan peyi Dayiti ak Pastè yo pou ankouraje pèp-la fè travay sivik li pou bagay yo kapab chanje nan peyi a. Lè-a rive pou Pawòl Bondye-a tonbe sou tè-a pou demon yo vole gagè. Manifestasyon manch long chak jou nan peyi a e menm nan peyi etranje pou voye Preval ale e ki nan agoni e ki dwe remèt pouvwa-a. Nou pa pral fè vanjans men nou pral travay pou respè retabli nan peyi a.  Nou déjà gen fòmil pou Ayiti sòti nan katastwòf li ye-a. Chanjman mantalite-a se sa nou bezwen pou nou ale nan bon direksyon. Mezanmi se nou menm ki pou mete kò nou deyò pou defann nasyon-an. Rebati Ayiti pa fouti fèt sèlman avèk Preval ak Kominote Entènasyonal-la men avèk nou tout ki pitit peyi a. Nou bezwen konkou lòt mounn tou men se pa jan Preval konsevwa konstroksyon-an.

Mari : Mwen antyèman dakò avèk ou Toni e tout sa’w di-la se verite sou tanbou. Nou bezwen jistis nan peyi a kote pou nou fè Prezidan yo konprann ke se youn travay nou ba yo fè e yo dwe kolabore avèk nou. San nou pa gen gouvènman e yo dwe respekte nou anpil san gade dèyè.

Kamèl : Anverite nou di youn pakèt bèl pawòl kif è mounn anvi viv. Toutotan nou pa chanje figi e pran dwa granmoun, gouvènman yo ap toujou pase nou nan betiz. Nou gen lè pa remake ke Preval se chanpyon nan Kriz.

Toni : Li pran mastè li ladann li e se youn mètdam pwofesyonèl. Ou mèt kontinye Kamèl.

Kamèl : Se sa menm Toni. Aswè nou gen pou nou fè mesaj nou pase menm si se nou-menm sèl k’ap pale. Nou ta renmen jwen yon radyo pou nou fè pase opinyon nou men mesye-dam yo pentad-pentad pou yo pa pèdi stasyon yo. Nou ka konprann sa men nou manke sa ki rele solidarite. Toni ak Mari, afòs ke Preval ap fè mannèv pou kenbe pouvwa-a e pou mete youn mounn pa li, li kreye tout kriz pou’l make pwen. Preval ak tout senatè yo e depite yo fouye pwòp twou yo pou yo antere tèt yo. Paske yo wè Kominote Entènasyonal-la avèk yo, mesye-dam yo konprann yon an bòl grès yo. Antouka yo bwè pwa! Yo prale kanmenm e sa pral rezilta final-la pou libere Ayiti.

Mari : Se pou nou tout mache pou bay Preval monnen pyès li paske Preval se youn trèt e li dwe rache manyòk li. Boutèy-la twò plen e dlo-a dwe tonbe.

« Entimidasyon dwe fini

Nan tout kwen peyi Dayiti

Manifestasyon tou patou

Pou demaske tout bakoulou

Aba tout gwo vagabon trèt

K’ap fè youn pakèt mannigèt

Pou yo kenbe djanm youn pouvwa

Ki déjà anba gwo traka. »

Kamèl : Bravo Mari ! Mwen pat janm konnen ou te youn sanba.

Mari : Mèsi pou konpliman-an. Nou tout Ayisyen gen kanmenm san Desalin k’ap koule nan venn yo. Mwen pa kache di nou ke se Jou Preval ap konte pou li kite sa paske li depase limit li menm si li antoure avèk cha blende. Mobilizasyon tou patou nan tout peyi a e menm nan peyi etranje. Nou dwe renouvle mouvman fen 2003 pou abouti nan fevriye 2004. Preval pa gen chans ankò. Se pou nou fè Preval kite sa avèk akolit li yo pou peyi a kapab respire. Wi nou prepare pou nou ranplase aprè sadik sa-a. Mobilizasyon manch long dirab e rantab. Fòk Preval tounen ansyen prezidan tankou tout lòt yo.

Preparasyon pou Preval kite sa

Toni : Medam pa bliye ke se zafè nou n’ap regle aprè 24 tran erè ke Kominote Entènasyonal-la fè nan peyi a. Nou pa pral nan labatwa e nou mande pou tout djab peri nan peyi a. Nou pa bezwen pè pou nou mache nan lari pou nou defann enterè nou.  Kote Monseyè Ligonde ? Kote monseyè ak pastè yo ? Satan ak vòlè anvayi peyi-a.

Mari : Ou pa bezwen pè, nou pral chante libera pou nou voye yo ale. Preval pa nan enterè nou. Li gen pou li ale. Nou pa bezwen pè lè marin meriken yo debake. Y’ap rantre pou sekirite pèsonèl anbasad amerikèn.  Nou pral pran destine peyi a.

Toni : 12 janvye ki sot pase a se youn mwayen pou Prezidan Preval te mete ansanm avèk pèp-la pou yo te fè youn sèl. Li betize e li fè youn erè grav.

Kamèl : Mezanmi, mwen santi’m malad e se kè’m k’ap rache pou wè jan bagay yo ye nan peyi-a. sa k’ap pase lakay, nanpwen bouch pou pale. Peyi a anfondre pi plis depi madi 12 janvye 2010. Dirijan nou yo souple pa fè oken jefò pou mete peyi a sou ray. Yo ta renmen pou peyi a okipe definitivman. « Devan pòt tounen dèyè pòt. » Si nou vle kwè’m frè’m ak sè’m, mouche-a pap-la pou toutan. Li echwe e l’ap kite kanmenm. Pa gen plas pou mouche sa-a e li pral konn Jòj.

Mari : Mwen kontan wè nou tout aprè midi-a. Nou gen youn obligasyon pou nou mete tèt nou ansanm pou nou. Preval ap fè dilatwa ak konplo sou do peyi a. Se pou la premyè fwa peyi’n desann byen ba konsa. Pa gen dirijan nan peyi a men youn pakèt aloufa, gran manjè, bèkèkè, vòlè, aloufa-awousa.

Toni: Se dènyè kout kat mouche-a ap jwe malgre Kominote Entènasyonal-la ap fè dilatwa. Se pou opozan yo pa sede, kontinye fè pèp-la pran konsyans pou yo fè youn sèl pou voye manje ranje sa-a, twa degout-la ale. Mobilizasyon-an dwe pèmanans e kontinye jiskaske Preval kite sa.

Mari : Nou pa bezwen pè paske nou se youn pèp vanyan. Nou pa bezwen lidè enkonpetans. Nou dwe fè sakrifis pou nou sòti kote nou ye-la. Pa bliye frè’m ak sè’m : « Si’m gen youn bra osnon youn pye k’ap bay pwoblèm, koupe’l jete. »

Kamèl : Mwen konprann ou trè byen. Jou-a ap vini pou peyi a libere.

Toni : Mwen kwè ou di youn bagay ekstraòdinè ki gen youn valè nasyonal. Mwen kwè nou dwe ale pi lwen pou nou bay Preval monnen pyès li nan maifestasyon san pran souf nan tout peyi a e menm nan peyi etranje.

Mari : Ou pa manti Toni. Nou dwe bare lawout pou mannèv yo echwe. Aba tout magouyè ! Aba tout vòlè !

Toni : Mwen konprann ou trè byen Mari. Nou tout konsène e nou dwe pran responsabilite nou pou chanje tout sa kip a bon pou nou. Sa ki fè mal-la nou konstate ke Preval ap jwi tandiske Titid ap soufri.

Preval ap jwi, Titid ap soufri

Kamèl : Ki sa’w di Toni ?

Toni : Mwen di tankou wòch.

Mari : Gade Toni, jwèt se jwèt, kwochèt pa ladann.

Toni : Men se youn bagay mwen di byen fò e ke nou tande li byen ba.

Mari : Se pa toutafè Toni. Nou ta renmen ou repete li pou nou paske se youn mo ki ekstrèmman fò. Ki sa’w te di Toni ?

Toni : Piske nou ta renmen tande ankò sa’m te di-a. Ouvri zòrèy nou sètadi Mari ak Kamèl pou nou tande koze-a. Mwen di aprè tout sa Titid fè pou Preval, jodi a n’ap asiste youn sèn ki bay a panse. Nou pa fè youn lide ke Preval ap jwi tandiske Titid ap soufri. Preval ap byen mennen, Aristid ap trennen.

Kamèl : Ala youn Toni sa ! Ou fè’m ri nan kè mwen. Se pa ti mouri ri, Mari ap ri.

Mari : Se 2 mafya mesye sa yo ye. Ou pa bezwen okipe yo. Bal-la fini pou yo.

Toni : Peyi Ayiti bezwen youn chanjman nan tout pwofondè pou nou kapab jete anpil tenten ki vrèman pa sèvi nou.

Kapital-la dwe reprann figi li

Toni : Pòtoprens, kapital peyi a, pa gen figi youn salon paske se fatra ki vin adisyone avèk sa ki te la déjà pou prezante youn imaj dezagreyab.

Mari : Youn salon se youn chanm ki rezève pou resevwa vizitè ak etran je pou pale, diskite konvenabman. Men dirijan nou yo, anverite,  pa pran responsabilite yo. Mesye-dam yo dwe kite sa pou penmèt peyi a respire. Etranje yo ap gade sa n’ap fè paske yo fatige avèk koripsyon dirijan nou yo ki monte youn nivo trè wo. Preval pase tout tan li ap mande. Se youn mandyan kip a janm chèche anyen pou li fè pou penmèt peyi a demare.

Kamèl : Preval tounen youn endezirab paske li chita ap kalbende san li pa regle anyen serye

Mari : Si nou pa pran youn rezolisyon pou nou elimine tout vis yo nan youn desizyon fèm,  nou pap janm gen chans pou nou di an sanm :

« O, Ayiti manman nou !

Nou konnen kouman w’ap soufri

Kòm ou se youn bon wozo

Ou mèt pliye, ou pap kase. »

Jan Bèbè                                                                                                                                                                        
9 me 2010

Comments (0)

 

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

Nombre de visites