Pèp ayisyen, kouman ou ye? Nou konnen trè byen ke bagay yo pa janm bon e li kontinye ap deteryore de tan-z-an tan. Van chanjman-an ke nou t’ap tann nan kòmanse vante pou di tout mechan yo mare pakèt yo pou yo kapab chape poul yo. Anpil moun ke nou te vizite pa fouti konprann fonksyònman dirijan nou yo ki pwouve ke yo se youn pakèt mazèt, enkonpetan e banbochè tou.
Depi gouvènman-sa te kòmanse chaj li, dirijan yo te déjà fè moun kwè se youn pakèt enkapab, sètadi moun ki eli e chwazi ki nan pwoblèm paske pa’t gen okenn plan ki te prepare pou pèmèt gouvènman sa-a reyisi nan tout demach li. Prezidan Preval ki te pran mayèt-la nan lane 2006 pa’t gen youn preparasyon valab pou gouvène peyi sa ki mande bon jessyonè pou regle zafè’l. Sa se youn wont pou wè youn ansyen prezidan pa fouti regle anyen pou amelyore sitiyasyon peyi a.
Daprè sa anpil obsèvatè fè konnen, prezidan Preval se youn sitwayen ki gen anpil preferans pou lagòch. Si se youn reyalite, m’sye fè lagòch parèt trè lèd. M’sye pi fò nan kriz e itilize fo pou li rive. Toutfwa, li se chanpyon nan bay kou pou konsolide pouvwa li e pou li kapab rete nan peyi a aprè tèm li. Li gen pou’l jwe tout jwèt pou li sa reyisi e twonpe tout moun. Tout preparasyon déjà fèt pou kenbe pouvwa-a paske negosyasyon ap fèt anba-anba pou’l fè chwa de moun ki pou ranplase’l.
Se pou opozisyon ramase karaktè’l pou’l sa anpeche tout maguouy ki kapab anpeche tout maguouy kèlkeswa kote li sòti. Opozan yo dwe fè youn sèl pou anpeche Prezidan Preval fè sa’l vle. Travay sa dwe kòmanse kounnye a pou bare tout wout ke fòs malè vle pase pou gate tout bagay. Mesye-dam, moman pou tèttatèt-la rive pou nou fè youn sèl pou voye prezidan sa-a pran retrèt li. Nou dwe prepare nou depi kounnye-a san nou pa pèdi tan ki kapab fè nou tounen pwatann. E nou dwe kòmanse oryante lòt yo nan bon direksyon pou yo kabab wè kote nou prale. Kout teyat Prezidan Preval jwe-a pap gen sa ankò. Se pou nou pran sa oserye pou pèp-la kapab swiv nou.
Malgre nou eli youn pakèt sitwayen kòm senatè ak depite pou reprezante yo, men se pa sa mesye yo vin fè. Anpil ladan yo se youn pakèt debite kip a konn sa y’ap fè men regle zafè pèsonèl yo. An verite sa va fini pou pèp-la rive respire. Tout vagabon sa yo gen pou kochon n an pati a. Yo gen youn ajenda byen etabli pou yo fè sa yo vle men non pa travay pèp-la. Si gen youn gouvènman k’ap grennen jilbrèt e ke palmantè sa yo dakò avèk li, sa pwouve ke mesye-dam sa yo pa vin regle anyen serye. Youn pakèt lajan pèdi ki pa gen swit. Kote reprezantan pèp-la? Tout absan d’aprè sa moun yo reponn. Pèp-la fè prèv matirite pou’l tann tout move ganeman sa yo nan kafou tenten. Yo lese anpil lese grennen fèt ki bay gouvènman sa anpil pouvwa. Ya va sezi!
Dom Laj



Comments (0)