PO BOX 100645 Brooklyn NY 11210:: Harry Joseph :: Email address : haitifocus2@hotmail.com

Radio TV Focus

Bloggers Focus

Bal-la fini !

Email Imprimer PDF

Bal-la reyèlman fini ! Se yon obligasyon pou nou rele sou kò nou pou kapab sove lakay ki nan agoni. Nou mande’w pou li atik sa ki trè enteresan.

Dom Laj

Queens, New York — Jodi Samdi 3 jiyè 2010, lavèy anivèsè Endepandans peyi Etazini, nou te patisipe nan yon piknik kote nou te rankontre yon pakèt konpatriyòt Ayisyen ki t’ap pwofite moman-an pou divèti yo tankou anpil lòt konpatriyòt etranje.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Se poko anyen sa : Woulo konpresè-a gen pou li pase kanmenm

Email Imprimer PDF

Bagay yo cho nan peyi a e se pou Preval ale paske li pa gen konfyans pèp-la ankò ke li maltrete. Woulo konpresè-a pral pase pou pran tout vagabon ensolan nan peyi a. Jou-a ap vini pou li kite sa

Dom Laj
Port-au-Prince, Haiti — Ayiti pa janm gen youn ti chans pou li pran youn ti souf. Se toujou pwoblèm ki blayi nan sen li pou mete touman. Pèp Ayisyen pa fouti viv anpè paske tout mounn yo chwazi pou travay avèk yo toujou pran youn lòt direksyon ki pa janm reponn avèk bezwen li. Anpil mounn ap mande ki kote sa sòti ki fè pa janm gen youn amelyorasyon pou bagay yo sa chanje.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Kòman ou santi’w Prezidan Preval pou tout bagay lèd ou fè nan peyi a ? Resistans nèt ale pou jous li kite sa

Email Imprimer PDF

Port-au-Prince, Haïti — Sa fè lèd Prezidan Rene Preval pou jan ou konpòte’w  depi’w monte sou pouvwa-a jis jounen jodi a. Ou gen rezon ou pa vle wè Lame Dayiti ki t’ap fè’w sispann betize avèk pèp Ayisyen-an. Ou fè nou wont prezidan pou jan ou aji e an menm tan ou fè lagòch parèt lèd. Fidèl Kastwo ak Igo Chavès trete’w kòm vagabon, ayisyen san diyite pou jan ou konpòte’w. Etan youn Ayisyen konsekan e konsène, mwen dakò avèk anpil mounn ki deklare ke : « Prezidan Rene Garsya Preval te dwe nan prizon pou trèt ak dwèt long. Wi ou se prezidan nou tout men ou fè nou wont. Ou pa gen etòf youn òm deta paske ou pwouve ou se youn nil kip a fouti fè jefò pou redrese’l.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Nou pa fouti fete drapo nou nan ane 2010-la?

Email Imprimer PDF

An verite frè’m ak sè’m, nou pa fouti fete drapo nou ke dirijan nou remèt Kominote Entènasyonal-la pou yo sa fòtin yo. Mesye-dam yo ki pran destinite peyi a pa gen konviksyon. Yo fè nou pèdi diyite nou pou vin nan eta sa nan plen 20 yèm syèk sila.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Prezidan Rene Garcia Preval dwe remèt demisyon li san reflechi

Email Imprimer PDF

Port-au-Prince, Haïti — Nou te anndan younn nan  lokalite kapital-la pou nou te kapab pran poul mounn sa yo nan sitiyasyon peyi a ye jodi a.  Nou te rankontre youn pakèt sitwayen konsène ki deside pou yo mache paske yo te déjà leve kanpe pou mande Preval pou li vole gagè.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Ann avan Pèp Ayisyen ! Manifestasyon manch long jis sa kaba

Email Imprimer PDF

Konpatriyòt nou pa janm rate youn okazyon pou pote youn bagay pou nou ke nou apresye anpil. Se toujou nan lanmou youn pou lòt ke nou kontinye ap fè’w viv ti dyalòg sila.

Dom Laj
Port-au-Prince, Haïti — Nou toujou anndan peyi Dayiti ap pran poul pèp-la pou nou sa konprann byen kote yo vle ale. Daprè sa nou konstate nan nò, nan sid, nan ès, nan wès e menm nan sant bagay-la mele. Gen yon eksplozyon sosyal ki fòme youn ti boukan pou li vin youn vòlkan pou pase pran tout dirijan tèt di ki konprann ke pouvwa-a se byen manman ak papa yo, daprè sa tout Ayisyen konsène deklare. Nou kenbe menm prensip-la, pa opine nan kolòn sa-a, youn fason pou nou kite lòt yo fè pwen yo pase.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Mete kran Pèp Ayisyen pou sa regle zafè’w

Email Imprimer PDF

Port-au-Prince, Haïti — Nan konjonkti ki etabli nan peyi a aprè katastwòf 12 janvye 2010-la ki touye plis ke 300 mil moun daprè sa rapò otorite yo e detwi anpil etablisman prive kou piblik vin agrave  sitiyason-an e mete abse sou klou nan tout sans.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pèp Ayisyen mache nan solidarite pou’w sa triyonfe

Email Imprimer PDF

«Bourik ki chaje pa kanpe, se sa pwovèb-la di.» Jan Bèbè pa janm bouke pou li pote pou nou sa li jwenn sou pasaj li. Nou menm tou pa janm sispann fè nou goute tou tout sa li genyen.

Dom Laj

Bèlmont, New York — Samdi pase tèlman te fè cho nan lakou Nouyòk nan sezon prentan-an ki fèt parèt tèt li nan lane 2010-la, anpil moun te pran lari ap mache avèk rad sou yo san gwo manto ke meriken rele « coat » ou dimwens kot nan langaj nou. Chalè-a te monte youn ti jan trè wo ke moun te anvayi pak yo pou goute li avèk anpil kè kontan.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pèp Ayisyen koupe kat-la souple san pèdi tan

Email Imprimer PDF

Toujou nan solidarite, men sa konfrè nou te pote pou nou. Avèk anpil apresiyasyon, w’ap fè lekti atik sila.

Dom Laj

Brooklyn, New York — Dimanch aprè midi, nou te patisipe nan youn koudjay kote anpil sitwayen Ayisyen te chita pou yo te sa jwenn youn espas pou yo te kapab opine sou sitiyasyon peyi lakay ki nan touman depi plis ke 200 lane.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Pèp Ayisyen : Moman-an rive pou pran dènye chans ou

Email Imprimer PDF

Gonaïves, Haïti — Makout nou chaje kou mèt Legba e nou gen dokiman pou ou zanmi nou. Tèlman nou gen enfòmasyon, nou pa konn avèk ki yès pou nou vini avèk li pou ou.

Comments (0)

Lire la suite...
 

Sitwayen Rene G. Preval pa gen anyen l’ap pèdi

Email Imprimer PDF

Pèp Ayisyen pran nòt souple!
Toujou nan solidarite pou youn travay ansanm, nou pote pou ou sa konfrè nou te sòti avèk li nan semenn-nan

Dom Laj

Brooklyn, New York — Yè vandredi 12 mas 2010 ki fè 2 mwa, jou pou jou depi tranblemann tè-a te ravaje peyi nou prensipalman kapital Pòtoprens, Leyogàn, Ti Gwav ak Jakmèl. Anpil legliz tonbe, palè nasyonal kraze e lòt kay prive e piblik disparèt. Tout moun okouran dezas ke bagay sa fè. Nou te sispèk t’ap gen youn chita tande ki t’ap fè youn kote kanmenm pou medite sou sitiyasyon peyi nou.

Comments (0)

Lire la suite...
 
Page 1 de 3

Harry Newsletter


Name:

Email:

Harry RSS

feed-image Feed Entries

Nombre de visites